< Ezayi 3 >

1 Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo, tout sa ki pou founi pen e tout sa ki pou founi dlo;
For, behold, the Lord, the LORD of hosts, doth take away from Jerusalem and from Judah stay and staff, every stay of bread, and every stay of water;
2 Nonm pwisan an, gèrye la, jij ak pwofèt la, divinò a ak ansyen an,
The mighty man, and the man of war; the judge, and the prophet, and the diviner, and the elder;
3 Kapitèn dè senkant yo, nonm ki resevwa onè a, konseye a, atizan an, ak sila ki fò nan fè wanga a.
The captain of fifty, and the man of rank, and the counsellor, and the cunning charmer, and the skilful enchanter.
4 Konsa, Mwen va fè senp tigason yo vin chèf sou yo, e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.
And I will give children to be their princes, and babes shall rule over them.
5 Epi pèp la va oprime, youn pa yon lòt e chak pa vwazen li; jenn yo va fè rebèl kont granmoun yo e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a.
And the people shall oppress one another, every man his fellow, and every man his neighbour; the child shall behave insolently against the aged, and the base against the honourable,
6 Lè yon nonm mete men l sou frè l lakay papa l, epi di: “Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an, e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”,
For a man shall take hold of his brother of the house of his father: 'Thou hast a mantle, be thou our ruler, and let this ruin be under thy hand.'
7 Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di: “Se pa mwen menm k ap geri nou an; paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto; se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la.”
In that day shall he swear, saying: 'I will not be a healer; for in my house is neither bread nor a mantle; ye shall not make me ruler of a people.'
8 Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz pawòl ak zak yo kont SENYÈ a; pou yo fè rebèl kont prezans sen Li an.
For Jerusalem is ruined, and Judah is fallen; because their tongue and their doings are against the LORD, to provoke the eyes of His glory.
9 Vizaj figi yo fè temwen kont yo, e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome. Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm! Paske yo mennen mal la vin tonbe sou yo.
The show of their countenance doth witness against them; and they declare their sin as Sodom, they hide it not. Woe unto their soul! for they have wrought evil unto themselves.
10 Di a moun dwat yo sa prale byen pou yo, paske yo va manje fwi a zèv yo.
Say ye of the righteous, that it shall be well with him; for they shall eat the fruit of their doings.
11 Malè a mechan an! Sa prale mal pou li. Paske sa li merite a, se sa k ap rive li.
Woe unto the wicked! it shall be ill with him; for the work of his hands shall be done to him.
12 O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun ak fanm ki gouvène sou yo. O pèp Mwen an! Sila k ap gide ou yo, egare ou, e konfonn direksyon chemen nou yo.
As for My people, a babe is their master, and women rule over them. O My people, they that lead thee cause thee to err, and destroy the way of thy paths.
13 Se SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo e ki kanpe pou jije pèp la.
The LORD standeth up to plead, and standeth to judge the peoples.
14 SENYÈ a antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a. “Se nou ki te devore chan rezen an; piyaj malere a fèt anndan lakay nou.
The LORD will enter into judgment with the elders of His people, and the princes thereof: 'It is ye that have eaten up the vineyard; the spoil of the poor is in your houses;
15 Se kilès ki bannou dwa pou kraze pèp Mwen an, e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.
What mean ye that ye crush My people, and grind the face of the poor?' saith the Lord, the GOD of hosts.
16 Anplis SENYÈ a di: “Akoz fi a Sion yo ògeye, mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi, mache ak ti pa kout pou atire zye gason, e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.
Moreover the LORD said: Because the daughters of Zion are haughty, and walk with stretched-forth necks and wanton eyes, walking and mincing as they go, and making a tinkling with their feet;
17 Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal, e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”
Therefore the Lord will smite with a scab the crown of the head of the daughters of Zion, and the LORD will lay bare their secret parts.
18 Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, dekorasyon kwasan yo,
In that day the Lord will take away the bravery of their anklets, and the fillets, and the crescents;
19 zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo,
the pendants, and the bracelets, and the veils;
20 dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo,
the headtires, and the armlets, and the sashes, and the corselets, and the amulets;
21 bag dwèt yo, zanno nen yo.
the rings, and the nose-jewels;
22 Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo,
the aprons, and the mantelets, and the cloaks, and the girdles;
23 miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.
and the gauze robes, and the fine linen, and the turbans, and the mantles.
24 Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous, ap gen move odè pouriti; olye se sentiwon, ap gen yon kòd; olye se cheve swa byen ranje, ap gen yon tèt chòv; olye se bèl vètman, ya mete twal sak; epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.
And it shall come to pass, that instead of sweet spices there shall be rottenness; and instead of a girdle rags; and instead of curled hair baldness; and instead of a stomacher a girding of sackcloth; branding instead of beauty.
25 Gason nou yo va tonbe devan nepe, ak moun pwisan nou yo nan batay.
Thy men shall fall by the sword, and thy mighty in the war.
26 Epi pòtay vil la va kriye fò ak lamantasyon, doulè ak dezolasyon nèt. Li va chita atè.
And her gates shall lament and mourn; and utterly bereft she shall sit upon the ground.

< Ezayi 3 >