< Ezayi 25 >

1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite. 2 Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati. 3 Akoz sa, yon pèp byen fò va bay Ou glwa. Gran vil a nasyon ki mechan yo va fè Ou omaj. 4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray. 5 Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin bese ba. 6 SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine. 7 Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo. 8 Li te vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale. 9 Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!” 10 Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a. Epi Moab va foule kote li ye, tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye. 11 L ap ouvri men l byen gran nan mitan li kon yon moun k ap naje ta lonje men l yo pou naje; men SENYÈ a va desann ògèy li ansanm ak manèv koken a men li yo. 12 L ap desann ranfòsman fò ki pa t ka menm pwoche la, li va anile yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè.

< Ezayi 25 >