< Oze 14 >

1 Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a. Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou. 2 Pran avèk ou menm pawòl yo, pou retounen kote SENYÈ a. Di Li: “Retire tout inikite nou yo, e resevwa nou ak gras Ou, pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou. 3 Assyrie p ap sove nou. Nou p ap monte sou cheval; ni nou p ap di ankò a zèv men nou yo: “Ou se dye nou.” Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.” 4 “Mwen va geri enfidelite yo; Mwen va renmen yo an abondans, paske kòlè Mwen fin vire lwen yo. 5 Mwen va tankou Lawouze pou Israël; li va fleri kon flè lis, e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo. 6 Boujon li yo va vin pete, e bèlte li va tankou pye doliv etranje a. Li va santi bon kon bèl odè Liban an. 7 Moun yo va rete nan lonbraj li. Yo va reprann fòs tankou sereyal ki jwenn lapli; yo va fleri tankou pye rezen. Y ap fè bon odè tankou diven Liban an. 8 O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl? Se Mwen menm ki okipe l; Mwen tankou yon pye siprè byen vèt; nan Mwen, tout fwi ou sòti.” 9 Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo; Sila ki pridan an, kite li konnen yo. Paske, chemen a SENYÈ yo dwat, e moun ladwati a va mache ladan yo; men transgresè yo va glise tonbe nan yo.

< Oze 14 >