< Oze 11 >

1 Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l; epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an. 2 Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo. Yo te kontinye fè sakrifis bay Baal yo, e brile lansan bay zidòl yo. 3 Malgre sa, se te Mwen ki te montre Éphraïm jan pou l mache. Nan bra M, Mwen te pran yo; men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo. 4 Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm, ak lyann lanmou. Konsa, Mwen te vini pou yo kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo. Mwen te bese mete manje devan yo. 5 Yo p ap retounen nan peyi Égypte, men Wa Assyrie a va vin wa yo, akoz yo te refize retounen kote Mwen. 6 Nepe va tonbe kont vil yo, pou kraze pòtay ak fè fòje yo, e li va fè tout plan yo disparèt. 7 Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou vire kite Mwen. Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a, anverite, yo p ap egzalte. 8 Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm? Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël? Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma? Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm? Kè M vire nèt anndan M; konpasyon Mwen vin anflame. 9 Mwen p ap egzekite chalè kòlè Mwen; Mwen p ap detwi Éphraïm ankò. Paske se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm; Sila Ki Sen nan mitan nou an e Mwen p ap antre nan kòlè. 10 Yo va mache dèyè SENYÈ a, Li va gwonde kon yon lyon; Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini, ap tranble soti nan lwès. 11 Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte, e kon toutrèl soti nan peyi Assyrie; epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a. 12 Éphraïm antoure Mwen ak manti, e lakay Israël ak desepsyon. Men anplis, Juda toujou egare, kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.

< Oze 11 >