< Aje 1 >

1 Nan dezyèm ane Darius, wa a, nan premye jou sizyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vini pa pwofèt Aggée a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda, e a Josué, fis la a Jotsadak la, wo prèt la. Li te di:
V drugem letu kralja Dareja, v šestem mesecu, na prvi dan meseca, je prišla Gospodova beseda po preroku Ageju k Zerubabélu, Šealtiélovemu sinu, voditelju Juda in k Ješúu, Jocadákovemu sinu, vélikemu duhovniku, rekoč:
2 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Pèp sa a di: “Lè a poko rive; lè pou rebati kay SENYÈ a.”’”
»Tako govori Gospod nad bojevniki, rekoč: ›To ljudstvo pravi: ›Čas ni prišel, čas, da bi bila zgrajena Gospodova hiša.‹
3 Konsa, pawòl SENYÈ a te vini pa Aggée, pwofèt la. Li te di:
Potem je prišla Gospodova beseda po preroku Ageju, rekoč:
4 Èske se lè pou nou menm, pou nou rete nan kay panno nou pandan kay sila a rete nan movèz eta?
› Ali je čas za vas, oh vi, da prebivate v svojih obitih hišah, ta hiša pa leži zapuščena?‹
5 Alò, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo!
Zdaj torej tako govori Gospod nad bojevniki: ›Preudarite svoje poti.‹
6 Nou te simen anpil, men rekòlt la te piti. Nou manje, men nou pa manje ase. Nou bwè, men li manke asi. Nou mete rad, men yo pa kont pou envite fredi, epi sila ki jwenn salè li a, li mete salè li a nan yon bous ki plen twou.”
Mnogo ste sejali, prinesli pa malo; jedli ste, toda nimate dovolj; pijete, toda niste nasičeni s pijačo; oblačite se, toda nihče ni ogret; in tisti, ki zasluži plačila, zasluži plačila, da jih daje v torbo z luknjami.‹
7 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo!
Tako govori Gospod nad bojevniki: ›Preudarite svoje poti.
8 Monte sou mòn yo, pote bwa pou rebati tanp lan pou M kapab pran plezi e jwenn glwa ladann,” pale SENYÈ a.
Pojdite gor na goro, pripeljite les, zgradite hišo in razveseljeval se bom v njej in jaz bom proslavljen, ‹ govori Gospod.
9 “Nou chache anpil, men gade byen, ti kras vin jwenn nou; lè nou te mennen l lakay nou, Mwen soufle sou li pou fè l ale. Poukisa?” deklare SENYÈ dèzame yo: “Akoz kay Mwen ki rete an movèz eta a, pandan nou tout ap byen okipe pwòp lakay nou.
Precej ste iskali in glejte, postalo je malo; in ko ste to prinesli domov, sem pihnil na to. Zakaj?‹ govori Gospod nad bojevniki. ›Zaradi moje hiše, ki je opustošena, vi pa tečete vsakdo za svojo lastno hišo.
10 Akoz sa, akoz nou menm syèl la te vin ralanti nan lawouze li, e latè te vin refize pwodwi fwi li.
Zatorej je nebo nad vami zadržano pred roso in zemlja je zadržana pred njenim sadom.
11 Mwen te rele yon gwo sechrès vini sou peyi a, sou mòn yo, sou grenn sereyal yo, sou diven nèf la, sou lwil la, sou tout pwodwi latè yo, sou lòm, sou bèt ak sou tout zèv men nou yo.”
In jaz sem poklical sušo na deželo, na gore, na žito, na novo vino, na olje in na to, kar prinašajo tla, na ljudi, na živino in na ves trud rok.‹«
12 Konsa, Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak tout retay a pèp la, te obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye yo a, e pawòl a Aggée yo, pwofèt la, akoz se SENYÈ a, Bondye yo a ki te voye li. Epi pèp la te montre lakrent pou SENYÈ a.
Potem sta Zerubabél, Šealtiélov sin in Ješúa, Jocadákov sin, véliki duhovnik, z vsem preostankom ljudstva, ubogala glas Gospoda, svojega Boga in besede preroka Ageja, kakor mu jih je poslal Gospod, njihov Bog in ljudstvo se je balo pred Gospodom.
13 Answit Aggée, mesaje SENYÈ a, te pale nan komisyon SENYÈ a, bay pèp la. Li te di, “Mwen avèk nou, deklare SENYÈ a.”
Potem je spregovoril Agej, Gospodov poslanec v Gospodovi poslanici ljudstvu, rekoč: ›Jaz sem z vami, ‹ govori Gospod.
14 Konsa, SENYÈ a te twouble lespri Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, lespri Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak lespri retay pèp la; epi yo te vini travay nan kay SENYÈ dèzame yo, Bondye yo a,
In Gospod je razvnel duha Zerubabéla, Šealtiélovega sina, voditelja Judeje in duha Ješúa, Jocadákovega sina, vélikega duhovnika in duha vsega preostanka ljudstva in prišli so in delali v hiši Gospoda nad bojevniki, svojega Boga,
15 nan venn-katriyèm jou sizyèm mwa a, nan dezyèm ane a Darius, wa a.
v štiriindvajsetem dnevu šestega meseca, v drugem letu kralja Dareja.

< Aje 1 >