< Jenèz 49 >

1 Epi Jacob te rele fis li yo e te di: “Rasanble nou menm pou m kapab di nou sa k ap rive nou nan jou k ap vini yo.
Puis Jacob appela ses fils, et leur dit: Assemblez-vous, et je vous déclarerai ce qui vous doit arriver aux derniers jours.
2 Rasanble nou ansanm e tande, fis a Jacob yo. Koute Israël, papa nou.
Assemblez-vous, et écoutez, fils de Jacob; écoutez, [dis-je], Israël votre [père].
3 Ruben, se ou ki premye ne mwen an; pouvwa mwen, kòmansman nan gwo fòs mwen, premye nan respè e premye nan fòs.
RUBEN, qui es mon premier-né, ma force, et le commencement de ma vigueur; qui excelles en dignité, et qui excelles [aussi] en force;
4 San kontwòl tankou dlo k ap bouyi, ou p ap genyen premye; akoz ke ou te monte sou kabann papa ou, epi ou te souye li. Li te monte sou kabann mwen.
Tu t'es précipité comme de l'eau; tu n'auras pas la prééminence, car tu es monté sur la couche de ton père, et tu as souillé mon lit en y montant.
5 Siméon avèk Lévi se frè yo ye. Nepe pa yo se zouti vyolans.
SIMÉON et LÉVI, frères, [ont été] des instruments de violence [dans] leurs demeures.
6 Pa kite nanm mwen antre nan konsèy pa yo; pa kite glwa mwen vin reyini avèk asanble pa yo. Akoz nan kòlè yo, yo te touye moun, e nan volonte egoyis pa yo, yo te koupe blese jarèt bèf.
Que mon âme n'entre point en leur conseil secret; que ma gloire ne soit point jointe à [leur] compagnie, car ils ont tué les gens en leur colère, et ont enlevé les bœufs pour leur plaisir.
7 Modi se kòlè yo, paske li fewòs; epi vanjans yo, paske li te mechan. Mwen va separe yo nan Jacob, e gaye yo nan Israël.
Maudite soit leur colère, car elle a été violente; et leur furie, car elle a été roide; je les diviserai en Jacob, et les disperserai en Israël.
8 Juda, frè ou yo va ba ou lwanj; men ou ap sou kou lènmi ou yo. Fis a papa ou yo va vin bese ba devan ou.
JUDA, quant à toi, tes frères te loueront: ta main sera sur le collet de tes ennemis; les fils de ton père se prosterneront devant toi.
9 Juda se jèn pòtre a yon lyon; depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte. Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon, e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve?
Juda [est] un fan de lion: mon fils, tu es revenu de déchirer; il s'est courbé, et s'est couché comme un lion qui est en sa force, et comme un vieux lion; qui le réveillera?
10 Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, ni bwa règleman p ap janm antre pye li jis lè Schilo vini, e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.
Le sceptre ne se départira point de Juda, ni le Législateur d'entre ses pieds, jusqu'à ce que le Scilo vienne; et à lui [appartient] l'assemblée des peuples.
11 Li mare jenn bourik li ak pi bèl pye rezen an. Li lave vètman li yo nan diven, ak manto li yo nan san rezen yo.
Il attache à la vigne son ânon, et au cep excellent le petit de son ânesse; il lavera son vêtement dans le vin, et son manteau dans le sang des grappes.
12 Zye li fonse wouj akoz diven an, e dan li blanchi nan lèt la.
Il a les yeux vermeils de vin, et les dents blanches de lait.
13 Zabulon va demere bò lanmè; li va yon pwotèj pou gwo bato yo. Lizyè l va ak Sidon.
ZABULON se logera au port des mers, et sera au port des navires; ses cotés [s'étendront] vers Sidon.
14 Issacar se yon bourik gwo fòs k ap kouche ba nan mitan makout bèt.
ISSACAR est un âne ossu, couché entre les barres des étables.
15 Lè li te wè ke plas repo sa a te dous, e tè a te fè l plezi, li te double zepòl li pou pote chaj yo, e li te devni yon esklav pou kòve.
Il a vu que le repos était bon, et que le pays était beau, et il a baissé son épaule pour porter et s'est assujetti au tribut.
16 Dan va jije pèp li kon youn nan tribi Israël yo.
DAN jugera son peuple, aussi bien qu'une autre des tribus d'Israël.
17 Dan va yon sèpan ki nan wout, yon koulèv avèk kòn nan chemen k ap mòde talon cheval la, pou fè chevalye li tonbe an aryè.
Dan sera un serpent sur le chemin, et une couleuvre dans le sentier, mordant les paturons du cheval, et celui qui le monte tombe à la renverse.
18 Paske delivrans ou m ap tann, o SENYÈ.
Ô Eternel! j'ai attendu ton salut.
19 Pou Gad, piyajè yo va piyaje li, men li va piyaje vè talon pa yo.
Quant à GAD, des troupes viendront le ravager, mais il ravagera à la fin.
20 Pou Aser, manje li va rich, e li va pwodwi bagay ki delika e ki wayal.
Le pain excellent [viendra] d'ASER, et il fournira les délices royales.
21 Nephthali se yon bich ki vin lage. Li donnen bèl pitit.
NEPHTHALI est une biche lâchée; il donne des paroles qui ont de la grâce.
22 Joseph se yon branch ki donnen fwi; yon branch avèk fwi toupre yon sous. Branch li yo kouri sou yon miray.
JOSEPH est un rameau fertile, un rameau fertile près d'une fontaine; ses branches se sont étendues sur la muraille.
23 Achè yo te atake avèk rayisman, yo te tire sou li e yo te anmède li;
On l'a fâché amèrement; on a tiré contre lui, et les maîtres tireurs de flèches ont été ses ennemis.
24 men banza li te rete fèm, e bwa li yo te fò; depi nan men Toupwisan Jacob la (depi la se Bèje a, Wòch Israël la),
Mais son arc est demeuré en [sa] force, et les bras de ses mains se sont renforcés par la main du Puissant de Jacob, qui l'a aussi fait être le Pasteur, [et] la Pierre d'Israël.
25 Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; Toupwisan an ki beni ou avèk benediksyon anwo nan syèl la, benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.
[Cela est procédé] du [Dieu] Fort de ton père, lequel t'aidera; et du Tout-Puissant, qui te comblera des bénédictions des cieux en haut; des bénédictions de l'abîme d'embas; des bénédictions des mamelles et de la matrice.
26 Benediksyon a papa ou yo gen tan fin depase sila a zansèt pa m yo jis rive nan limit kolin ki dire pou tout tan yo. Yo va rete sou tèt a Joseph, sou kouwòn a tèt ki byen distenge pami frè li yo.
Les bénédictions de ton père ont surpassé les bénédictions de ceux qui m'ont engendré, jusqu'au bout des coteaux d'éternité; elles seront sur la tête de Joseph, et sur le sommet de la tête du Nazaréen d'entre ses frères.
27 Benjamin se yon lou voras; nan maten li va devore sa ke li kenbe, e nan aswè, li va divize piyaj la.”
BENJAMIN est un loup qui déchirera; le matin il dévorera la proie, et sur le soir il partagera le butin.
28 Tout sa yo se douz tribi Israël yo, e se sa ke papa yo te di yo lè li te beni yo. Li te beni yo, yo chak avèk yon benediksyon ke yo te merite.
Ce sont là les douze tribus d'Israël, et c'[est] ce que leur père leur dit en les bénissant; et il bénit chacun d'eux de la bénédiction qui lui était propre.
29 Konsa, li te bay yo chaj, e li te di yo: “Mwen prèt pou ranmase vè moun mwen yo. Antere mwen avèk zansèt mwen yo nan kav ki nan chan Éphron a, Etyen an,
Il leur fit aussi ce commandement, et leur dit: Je m'en vais être recueilli vers mon peuple, enterrez-moi avec mes pères dans la caverne qui est au champ d'Héphron Héthien:
30 nan kav ki nan chan Macpéla a, ki avan Mamré nan peyi Canaan an, ke Abraham te achte ansanm avèk chan nan men Éphron, Etyen an pou yon plas antèman.
Dans la caverne, dis-je, qui est au champ de Macpéla, vis-à-vis de Mamré, au pays de Canaan, laquelle Abraham acquit d'Héphron Héthien, avec le champ pour le posséder [comme le lieu] de son sépulcre.
31 “La menm yo te antere Abraham avèk madanm li Sarah, la yo te antere Isaac avèk madanm li Rebecca, e se la mwen te antere Léa;
C'est là qu'on a enterré Abraham avec Sara sa femme; c'est là qu'on a enterré Isaac et Rébecca sa femme; et c'est là que j'ai enterré Léa.
32 chan an avèk kav ki ladann nan, te achte nan men fis a Heth yo.”
Le champ a été acquis des Héthiens avec la caverne qui y est.
33 Lè li te fin chaje fis li yo, li te rale pye li anndan kabann nan, li te respire dènye souf li, e li te vin ranmase vè moun li yo.
Et quand Jacob eut achevé de donner ses commandements à ses fils, il retira ses pieds au lit, et expira, et fut recueilli vers ses peuples.

< Jenèz 49 >