< Jenèz 41 >

1 Alò, li te vin rive nan lafin dezane, Farawon te fè yon rèv, e gade byen, li te kanpe devan lariviyè Nil lan.
At the end of two full years, Pharaoh dreamed, and behold, he stood by the river.
2 Konsa, gade byen, sèt bèf te sòti nan lariviyè Nil lan, byen swa, e byen gra. Yo t ap manje nan zèb flèv la.
Behold, seven cattle came up out of the river. They were sleek and fat, and they fed in the marsh grass.
3 Epi gade byen, sèt lòt bèf te sòti nan lariviyè Nil lan, byen lèd e mèg, e yo te kanpe akote lòt bèf bò kote lariviyè Nil lan.
Behold, seven other cattle came up after them out of the river, ugly and thin, and stood by the other cattle on the brink of the river.
4 Bèf ki te lèd e mèg yo te manje valè sèt bèf ki te swa e byen gra yo. Epi konsa, Farawon te vin leve nan dòmi.
The ugly and thin cattle ate up the seven sleek and fat cattle. So Pharaoh awoke.
5 Li te tonbe dòmi ankò, e fè rèv yon dezyèm fwa. Konsa, sèt tèt mayi te vini sou yon sèl pye mayi, ki te gwo e bon.
He slept and dreamed a second time; and behold, seven heads of grain came up on one stalk, healthy and good.
6 Epi gade byen, sèt tèt, mèg ki brile pa van lès yo, te vin boujonnen dèyè yo.
Behold, seven heads of grain, thin and blasted with the east wind, sprung up after them.
7 Tèt mèg yo te valè sèt tèt ki te gra e byen plen yo. Alò, Farawon te leve, e gade byen, sa se te yon rèv.
The thin heads of grain swallowed up the seven healthy and full ears. Pharaoh awoke, and behold, it was a dream.
8 Alò, nan maten lespri li te vin twouble, e li te voye rele tout majisyen an Égypte yo, ak tout moun saj li yo. Konsa, Farawon te eksplike yo rèv li yo, men pa t gen pèsòn ki te kapab entèprete yo pou Farawon.
In the morning, his spirit was troubled, and he sent and called for all of Egypt’s magicians and wise men. Pharaoh told them his dreams, but there was no one who could interpret them to Pharaoh.
9 Alò, chèf responsab pote manje a te pale a Farawon. Li te di li: “Jodi a, mwen ta dwe admèt yon tò ke m genyen.
Then the chief cup bearer spoke to Pharaoh, saying, “I remember my faults today.
10 Farawon te byen fache avèk sèvitè li yo, e li te fè m anprizone lakay Kaptenn kò gad la, mwen menm avèk chèf boulanje a.
Pharaoh was angry with his servants, and put me in custody in the house of the captain of the guard, with the chief baker.
11 Nou te fè yon rèv nan menm nwit lan, mwen menm ak li menm tou. Nou chak te fè yon rèv ak pwòp entèpretasyon pa li.
We dreamed a dream in one night, he and I. Each man dreamed according to the interpretation of his dream.
12 Alò, te gen yon jennonm ki te la avèk nou, yon sèvitè kaptenn kò gad la, yon Ebre. Nou te pale rèv yo a li menm, e li te entèprete rèv nou yo pou nou. A chak moun li te entèprete selon pwòp rèv pa li.
There was with us there a young man, a Hebrew, servant to the captain of the guard, and we told him, and he interpreted to us our dreams. He interpreted to each man according to his dream.
13 Epi jan ke li te entèprete pou nou an, konsa li te vin rive. Mwen menm te vin restore nan pozisyon mwen, e li menm, lòt la, wa a te pann.”
As he interpreted to us, so it was. He restored me to my office, and he hanged him.”
14 Alò, Farawon te voye rele Joseph. Avèk vitès, yo te mennen li sòti nan prizon an. Depi li fin taye bab li e chanje rad li, li te vini devan Farawon.
Then Pharaoh sent and called Joseph, and they brought him hastily out of the dungeon. He shaved himself, changed his clothing, and came in to Pharaoh.
15 Farawon te di a Joseph: “Mwen te fè yon rèv, men pa gen pèsòn ki kapab entèprete li. Men mwen tande pale de ou menm ke lè ou tande yon rèv, ou kapab bay entèpretasyon li.”
Pharaoh said to Joseph, “I have dreamed a dream, and there is no one who can interpret it. I have heard it said of you, that when you hear a dream you can interpret it.”
16 Joseph te reponn Farawon. Li te di: “Sa pa nan mwen, men Bondye va bay Farawon yon repons favorab.”
Joseph answered Pharaoh, saying, “It isn’t in me. God will give Pharaoh an answer of peace.”
17 Alò, Farawon te pale avèk Joseph: “Nan rèv mwen an, men gade, mwen te kanpe arebò Rivyè Nil lan.
Pharaoh spoke to Joseph, “In my dream, behold, I stood on the brink of the river;
18 Epi gade byen, sèt bèf, gra e swa te vin monte sòti nan Nil lan; yo t ap manje nan zèb arebò rivyè a.
and behold, seven fat and sleek cattle came up out of the river. They fed in the marsh grass;
19 Epi gade byen, sèt lòt bèf te vin monte apre yo, kata, lèd e mèg, konsa, mwen pa t janm wè youn ki lèd nan tout peyi Égypte la.
and behold, seven other cattle came up after them, poor and very ugly and thin, such as I never saw in all the land of Egypt for ugliness.
20 Epi bèf mèg ak lèd yo te manje premye sèt bèf gra yo.
The thin and ugly cattle ate up the first seven fat cattle;
21 E lè yo te fin devore yo, ou pa t kab konnen si yo te manje yo, paske yo te rete mèg menm jan yo te ye avan an. Epi se konsa mwen te vin leve.
and when they had eaten them up, it couldn’t be known that they had eaten them, but they were still ugly, as at the beginning. So I awoke.
22 “Mwen te wè nan rèv mwen an tou, byen parèt, se te sèt tèt mayi, plen e bon te vini sou yon sèl pye.
I saw in my dream, and behold, seven heads of grain came up on one stalk, full and good;
23 Epi gade, sèt tèt sèch yo, ki brile pa van lès yo te vin pouse apre yo.
and behold, seven heads of grain, withered, thin, and blasted with the east wind, sprung up after them.
24 Konsa, tèt sèch yo te valè sèt bon tèt yo. Epi alò, mwen te pale sa a majisyen yo, men pa t gen youn ki ta kapab eksplike m afè sila a.”
The thin heads of grain swallowed up the seven good heads of grain. I told it to the magicians, but there was no one who could explain it to me.”
25 Alò, Joseph te di a Farawon: “Rèv a Farawon yo se yon sèl ke yo ye; Bondye te di a Farawon kisa ki prèt pou fèt.
Joseph said to Pharaoh, “The dream of Pharaoh is one. What God is about to do he has declared to Pharaoh.
26 Sèt bon bèf yo se sèt ane; epi sèt bon tèt yo se sèt ane; rèv sa yo se yon sèl yo ye.
The seven good cattle are seven years; and the seven good heads of grain are seven years. The dream is one.
27 Sèt bèf lèd ak mèg yo ki te sòti apre yo a se sèt ane, e sèt tèt mèg ki brile pa van lès la va sèt ane ak gwo grangou.
The seven thin and ugly cattle that came up after them are seven years, and also the seven empty heads of grain blasted with the east wind; they will be seven years of famine.
28 “Se tankou mwen te pale a Farawon: “Bondye te montre Farawon kisa ki prèt pou rive.
That is the thing which I have spoken to Pharaoh. God has shown Pharaoh what he is about to do.
29 Gade byen, sèt ane ak gran abondans yo ap vini nan peyi Égypte la.
Behold, seven years of great plenty throughout all the land of Egypt are coming.
30 Epi apre yo, sèt ane ak gwo grangou yo va vini, tout abondans sa a va gen tan bliye nan peyi Égypte la, e gwo grangou sa a va ravaje peyi a.
Seven years of famine will arise after them, and all the plenty will be forgotten in the land of Egypt. The famine will consume the land,
31 Alò, abondans lan p ap sonje nan peyi a akoz konsekans gwo grangou a, paske li va vrèman rèd.
and the plenty will not be known in the land by reason of that famine which follows; for it will be very grievous.
32 Alò, pou afè repete rèv la de fwa a, li vle di Farawon ke koze sa a deja detèmine pa Bondye, e Bondye va fè l parèt byen vit.
The dream was doubled to Pharaoh, because the thing is established by God, and God will shortly bring it to pass.
33 “Alò, Farawon gen pou chèche yon nonm avèk konprann ak sajès, pou mete li responsab sou peyi Égypte la.
“Now therefore let Pharaoh look for a discreet and wise man, and set him over the land of Egypt.
34 Kite Farawon aji pou chwazi administratè k ap pran chaj peyi a, e kite yo egzije yon senkyèm nan rekòlt peyi Égypte la, nan sèt ane abondans lan.
Let Pharaoh do this, and let him appoint overseers over the land, and take up the fifth part of the land of Egypt’s produce in the seven plenteous years.
35 Konsa, kite yo ranmase tout manje nan bon ane sa yo k ap vini an, mete yo nan depo pou vil ki anba otorite Farawon yo, e kite yo mete yo anba gad.
Let them gather all the food of these good years that come, and store grain under the hand of Pharaoh for food in the cities, and let them keep it.
36 Kite manje yo vini yon rezèv pou peyi a pandan sèt ane gwo grangou yo ki va fèt nan peyi Égypte la, pou peyi a pa peri pandan gwo grangou a.”
The food will be to supply the land against the seven years of famine, which will be in the land of Egypt; so that the land will not perish through the famine.”
37 Alò, plan sa a te parèt bon a Farawon, ak tout sèvitè li yo.
The thing was good in the eyes of Pharaoh, and in the eyes of all his servants.
38 Alò, Farawon te di a sèvitè li yo: “Èske nou kapab twouve yon lòt moun konsa, nan sila a ki gen Lespri Bondye?”
Pharaoh said to his servants, “Can we find such a one as this, a man in whom is the Spirit of God?”
39 Epi Farawon te di a Joseph: “Akoz Bondye te fè ou konprann tout sa, nanpwen okenn lòt moun ki gen konprann ak sajès tankou ou menm.
Pharaoh said to Joseph, “Because God has shown you all of this, there is no one so discreet and wise as you.
40 Ou va sou tout lakay mwen, e selon lòd pa ou tout pèp mwen an ap fè obeyisans. Se sèl sou twòn nan ke mwen va pi wo pase ou.”
You shall be over my house. All my people will be ruled according to your word. Only in the throne I will be greater than you.”
41 Farawon te di a Joseph: “Ou wè, mwen plase ou sou tout peyi Égypte la.”
Pharaoh said to Joseph, “Behold, I have set you over all the land of Egypt.”
42 Alò, Farawon te retire bag so a nan men li. Li te mete li nan men Joseph, e li te abiye l ak rad len fen ak yon kolye lò nan kou li.
Pharaoh took off his signet ring from his hand, and put it on Joseph’s hand, and arrayed him in robes of fine linen, and put a gold chain about his neck.
43 Li te fè l monte nan dezyèm cha li a, epi li te pwoklame devan li: “Mete ajenou!” Epi li te plase li sou tout peyi Égypte la.
He made him ride in the second chariot which he had. They cried before him, “Bow the knee!” He set him over all the land of Egypt.
44 Anplis de sa, Farawon te di a Joseph: “Malgre mwen se Farawon, san pèmisyon pa ou, pèsòn p ap leve ni men li ni pye li sou tout peyi Égypte la.”
Pharaoh said to Joseph, “I am Pharaoh. Without you, no man shall lift up his hand or his foot in all the land of Egypt.”
45 Alò, Farawon te nonmen Joseph Tsaphnath-Paenéach. Li te bay li Asnath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an, kòm madanm li. Epi Joseph te plase sou tout peyi Égypte la.
Pharaoh called Joseph’s name Zaphenath-Paneah. He gave him Asenath, the daughter of Potiphera priest of On as a wife. Joseph went out over the land of Egypt.
46 Alò, Joseph te gen laj trant ane lè li te kanpe devan Farawon, wa Égypte la. Epi Joseph te sòti nan prezans Farawon, e li te ale toupatou nan tout peyi Égypte la.
Joseph was thirty years old when he stood before Pharaoh king of Egypt. Joseph went out from the presence of Pharaoh, and went throughout all the land of Egypt.
47 Pandan sèt ane abondans yo, peyi a te pwodwi anpil.
In the seven plenteous years the earth produced abundantly.
48 Konsa, Joseph te ranmase tout manje pandan sèt ane sa yo ki te ekoule nan peyi Égypte la, e li te mete manje yo nan vil yo. Li te mete nan chak vil, menm manje ki te sòti nan chan ki antoure li yo.
He gathered up all the food of the seven years which were in the land of Egypt, and laid up the food in the cities. He stored food in each city from the fields around that city.
49 Konsa, Joseph te ranmase sereyal an gran abondans tankou sab lanmè, jiskaske li te vin sispann mezire li, paske li te depase kontwòl.
Joseph laid up grain as the sand of the sea, very much, until he stopped counting, for it was without number.
50 Alò, avan ane gwo grangou a te rive, de fis te vin ne a Joseph ke Asnath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an te fè pou li.
To Joseph were born two sons before the year of famine came, whom Asenath, the daughter of Potiphera priest of On, bore to him.
51 Joseph te nonmen premye ne a Manassé, paske li te di: “Bondye te fè m bliye tout pwoblèm mwen yo ak tout lakay papa m.”
Joseph called the name of the firstborn Manasseh, “For”, he said, “God has made me forget all my toil, and all my father’s house.”
52 Li te nonmen dezyèm nan Éphraïm, paske li te di: “Bondye fè mwen bay anpil fwi nan peyi afliksyon mwen an.”
The name of the second, he called Ephraim: “For God has made me fruitful in the land of my affliction.”
53 Sèt ane abondans ki te nan peyi Égypte la te fin pase.
The seven years of plenty, that were in the land of Egypt, came to an end.
54 Epi sèt ane gwo grangou a te kòmanse, jis jan ke Joseph te di. Alò te vin gen gwo grangou nan tout peyi yo, men nan peyi Égypte la te gen pen.
The seven years of famine began to come, just as Joseph had said. There was famine in all lands, but in all the land of Egypt there was bread.
55 Lè tout peyi Égypte la te grangou, yo te rele fò a Farawon pou bay pen. Konsa, Farawon te di tout Ejipsyen yo: “Ale wè Joseph. Nenpòt sa li mande nou, nou va fè l.”
When all the land of Egypt was famished, the people cried to Pharaoh for bread, and Pharaoh said to all the Egyptians, “Go to Joseph. What he says to you, do.”
56 Gwo grangou a te fin gaye sou tout sifas tè a. Konsa, Joseph te ouvri tout depo yo pou te vann manje bay Ejipsyen yo. Gwo grangou a te byen rèd nan peyi Égypte la.
The famine was over all the surface of the earth. Joseph opened all the store houses, and sold to the Egyptians. The famine was severe in the land of Egypt.
57 Pèp yo de tout peyi te vini an Égypte pou achte sereyal Joseph yo, akoz gwo grangou a te rèd sou tout tè a.
All countries came into Egypt, to Joseph, to buy grain, because the famine was severe in all the earth.

< Jenèz 41 >