< Jenèz 29 >

1 Alò, Jacob te ale nan vwayaj li a, e li te vini nan peyi ki te pou fis a lès yo.
Then Jacob went on his journey, and came to the land of the children of the east.
2 Lè li te gade, li te wè yon pwi nan chan an, e gade byen, te gen twa bann mouton ki te kouche la akote li, paske se te avèk pwi sa a ke yo te bay tout bèt yo dlo. Alò, wòch la sou bouch pwi a te byen laj.
He looked, and saw a well in the field, and saw three flocks of sheep lying there by it. For out of that well they watered the flocks. The stone on the well’s mouth was large.
3 Lè tout bèje mouton yo te rasanble la, yo te konn woule wòch la sòti nan bouch pwi a, pou te bay mouton yo dlo, e te remete wòch la nan plas li sou bouch pwi a.
There all the flocks were gathered. They rolled the stone from the well’s mouth, and watered the sheep, and put the stone back on the well’s mouth in its place.
4 Jacob te di yo: “Frè m yo, kibò nou sòti?”: Yo te reponn: “Nou sòti nan Charan.”
Jacob said to them, “My relatives, where are you from?” They said, “We are from Haran.”
5 Li te di yo: “Èske nou konnen Laban, fis Nachor a?” Epi yo te di: “Nou konnen li.”
He said to them, “Do you know Laban, the son of Nahor?” They said, “We know him.”
6 Li te mande yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te reponn: “Wi, tout bagay ale byen pou li. Men fi li a, Rachel k ap vini avèk mouton yo.”
He said to them, “Is it well with him?” They said, “It is well. See, Rachel, his daughter, is coming with the sheep.”
7 Li te di: “Gade byen, li toujou gwo lajounen; li poko lè pou rasanble bèt. Bay bèt yo dlo, e mete yo nan patiraj toujou.”
He said, “Behold, it is still the middle of the day, not time to gather the livestock together. Water the sheep, and go and feed them.”
8 Men yo te di: “Nou pa kapab jiskaske tout bèje mouton yo fin rasanble, e yo woule wòch la sòti nan bouch pwi a. Se nan lè sa a nou va bay mouton yo dlo.”
They said, “We can’t, until all the flocks are gathered together, and they roll the stone from the well’s mouth. Then we will water the sheep.”
9 Pandan li t ap pale avèk yo, Rachel te parèt avèk mouton papa l yo, paske li te yon bèje.
While he was yet speaking with them, Rachel came with her father’s sheep, for she kept them.
10 Lè Jacob te wè Rachel, fi Laban an, frè manman li, ak mouton Laban yo, frè manman l, Jacob te pwoche. Li te woule wòch la sòti nan pwi a, e li te bay dlo a bann mouton Laban an, frè manman l lan.
When Jacob saw Rachel the daughter of Laban, his mother’s brother, and the sheep of Laban, his mother’s brother, Jacob went near, and rolled the stone from the well’s mouth, and watered the flock of Laban his mother’s brother.
11 Epi Jacob te bo Rachel. Li te leve vwa li, e li te kriye.
Jacob kissed Rachel, and lifted up his voice, and wept.
12 Jacob te di Rachel ke li te yon moun fanmi papa l, e ke li te fis a Rebecca. Li te kouri di papa l sa.
Jacob told Rachel that he was her father’s relative, and that he was Rebekah’s son. She ran and told her father.
13 Alò, lè Laban te tande nouvèl Jacob la, fis a sè li, li te kouri pou ale rankontre avè l e te anbrase li. Li te bo li, e te mennen li lakay li. Konsa, Jacob te eksplike Laban tout bagay sa yo.
When Laban heard the news of Jacob, his sister’s son, he ran to meet Jacob, and embraced him, and kissed him, and brought him to his house. Jacob told Laban all these things.
14 Laban te di li: “Anverite, ou se zo mwen avèk chè mwen.” Konsa, li te rete avèk li pandan yon mwa.
Laban said to him, “Surely you are my bone and my flesh.” Jacob stayed with him for a month.
15 Alò Laban te di a Jacob: “Akoz ke ou se moun fanmi mwen, èske sa vle di ke ou ta dwe sèvi mwen gratis? Di m, kisa pou m bay ou kòm salè?”
Laban said to Jacob, “Because you are my relative, should you therefore serve me for nothing? Tell me, what will your wages be?”
16 Alò, Laban te gen de fi. Non pi gran an se te Léa, e lòt la se te Rachel.
Laban had two daughters. The name of the elder was Leah, and the name of the younger was Rachel.
17 Epi zye a Léa yo te fèb, men Rachel te byen bèl nan figi l, ni nan fòm li.
Leah’s eyes were weak, but Rachel was beautiful in form and attractive.
18 Alò Jacob te renmen Rachel, e konsa li te di: “Mwen va sèvi ou pandan sèt ane pou fi ou ki pi jèn nan, Rachel.”
Jacob loved Rachel. He said, “I will serve you seven years for Rachel, your younger daughter.”
19 Laban te di: “Li pi bon pou m bay ou li pase pou m ta bay li a yon lòt gason. Rete avè m.”
Laban said, “It is better that I give her to you, than that I should give her to another man. Stay with me.”
20 Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lamou li te gen pou li.
Jacob served seven years for Rachel. They seemed to him but a few days, for the love he had for her.
21 Konsa, Jacob te di a Laban: “Ban mwen madanm mwen, paske tan mwen an gen tan fin konplete, pou m kapab antre nan relasyon avè l.”
Jacob said to Laban, “Give me my wife, for my days are fulfilled, that I may go in to her.”
22 Laban te rasanble tout mesye yo nan plas la, e li te fè yon gwo fèt.
Laban gathered together all the men of the place, and made a feast.
23 Men nan aswè, li te pran fi li, Léa, e li te mennen li kote Jacob. Li te antre an relasyon avèk li.
In the evening, he took Leah his daughter, and brought her to Jacob. He went in to her.
24 Laban osi te bay sèvant li, Zilpa, pou Léa kòm sèvant.
Laban gave Zilpah his servant to his daughter Leah for a servant.
25 Nan maten, gade byen, li vin parèt ke se te Léa! Konsa, li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”
In the morning, behold, it was Leah! He said to Laban, “What is this you have done to me? Didn’t I serve with you for Rachel? Why then have you deceived me?”
26 Men Laban te di: “Se pa koutim peyi nou pou fè maryaj a pi jèn nan avan premye ne a.
Laban said, “It is not done so in our place, to give the younger before the firstborn.
27 Konplete semèn nan avèk sila a, e nou va bay ou lòt la tou; pou sèvis sa a, ou va sèvi m yon lòt sèt ane.”
Fulfill the week of this one, and we will give you the other also for the service which you will serve with me for seven more years.”
28 Jacob te fè sa, li te konplete semèn nan avèk fi a, e li te ba li fi li, Rachel, kòm madanm li.
Jacob did so, and fulfilled her week. He gave him Rachel his daughter as wife.
29 Laban osi te bay sèvant li, Bilha a fi li, Rachel kòm sèvant li.
Laban gave Bilhah, his servant, to his daughter Rachel to be her servant.
30 Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.
He went in also to Rachel, and he loved also Rachel more than Leah, and served with him seven more years.
31 Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit.
The LORD saw that Leah was hated, and he opened her womb, but Rachel was barren.
32 Léa te vin ansent. Li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te wè doulè mwen, asireman koulye a mari mwen va renmen m.”
Leah conceived, and bore a son, and she named him Reuben. For she said, “Because the LORD has looked at my affliction; for now my husband will love me.”
33 Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis, e li te di: “Akoz ke SENYÈ a te tande ke mwen te rayi, pou sa Li te ban mwen fis sila a osi.” Alò, li te bay li non Siméon.
She conceived again, and bore a son, and said, “Because the LORD has heard that I am hated, he has therefore given me this son also.” She named him Simeon.
34 Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Alò fwa sa a mari mwen va vin atache a mwen, paske mwen te fè twa fis pou li.” Pou sa, li te nonmen li Lévi.
She conceived again, and bore a son. She said, “Now this time my husband will be joined to me, because I have borne him three sons.” Therefore his name was called Levi.
35 Epi li te vin ansent ankò. Li te fè yon fis, e li te di: “Fwa sa, mwen va louwe SENYÈ a.” Pou sa li te nonmen li Juda. Epi konsa, li te vin sispann fè pitit.
She conceived again, and bore a son. She said, “This time I will praise the LORD.” Therefore she named him Judah. Then she stopped bearing.

< Jenèz 29 >