< Jenèz 22 >

1 Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke Bondye te fè Abraham pase yon eprèv. Li te di li: “Abraham!” Epi li te reponn: “Men mwen”.
It happened after these things, that God tested Abraham, and said to him, "Abraham, Abraham." He said, "Here I am."
2 Li te di: “Pran koulye a fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”
He said, "Now take your son, your only one, whom you love, even Isaac, and go into the land of Moriah. Offer him there as a burnt offering on one of the mountains which I will tell you of."
3 Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.
Abraham rose early in the morning, and saddled his donkey, and took two of his young men with him, and Isaac his son. He split the wood for the burnt offering, and rose up, and went to the place of which God had told him.
4 Nan twazyèm jou a, Abraham te leve zye li, e li te wè plas la nan yon distans.
On the third day Abraham lifted up his eyes, and saw the place far off.
5 Abraham te di a jèn sèvitè li yo: “Rete isit la avèk bourik la. Mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen bò kote nou.”
Abraham said to his young men, "Stay here with the donkey. The boy and I will go over there, and we will worship, and come back to you."
6 Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a. Li te poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm.
Abraham took the wood of the burnt offering and laid it on Isaac his son. He took in his hand the fire and the knife. They both went together.
7 Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” Epi li te reponn: “Men mwen, fis mwen.” Konsa, li te di l: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
Isaac spoke to Abraham his father, and said, "My father?" He said, "Here I am, my son." He said, "Here is the fire and the wood, but where is the lamb for a burnt offering?"
8 Abraham te di: “Bondye va fè pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen.” Epi yo de a te mache avanse ansanm.
Abraham said, "God will provide himself the lamb for a burnt offering, my son." So they both went together.
9 Alò yo rive nan plas ke Bondye te di li a, epi Abraham te bati yon lotèl la. Li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo.
They came to the place which God had told him of. Abraham built the altar there and arranged the wood, and bound his son Isaac and placed him on the altar, on top of the wood.
10 Abraham te lonje men l, e li te pran kouto a pou touye fis li a.
Abraham reached out his hand, and took the knife to kill his son.
11 Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!” Li te reponn: “Men mwen isit la.”
But an angel of God called to him out of the sky, and said, "Abraham, Abraham." And he said, "Here I am."
12 Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa fè l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an.”
He said, "Do not lay your hand on the boy, neither do anything to him. For now I know that you fear God, seeing you have not withheld your son, your only one, from me."
13 Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a.
And Abraham looked up and saw behind him a ram caught in the thicket by his horns. And Abraham went and took the ram, and offered him up as a burnt offering instead of his son.
14 Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”
Abraham called the name of that place Elohim Yireh. As it is said to this day, "On the mountain, God will provide."
15 Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la,
The angel of God called to Abraham a second time out of the sky,
16 e te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an,
and said, "I have sworn by myself," says YHWH, "because you have done this thing, and have not withheld your son, your only one, from me,
17 anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo.
I will indeed bless you, and I will greatly multiply your offspring like the stars of the sky, and like the sand which is on the seashore; and your offspring will possess the gate of their enemies.
18 Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te obeyi vwa Mwen.”
And through your offspring all the nations of the earth will be blessed, because you have obeyed my voice."
19 Epi Abraham te retounen vè jèn sèvitè yo. Yo te leve e te ale ansanm Beer-Schéba. Konsa, Abraham te rete Beer-Schéba.
So Abraham returned to his young men, and they rose up and went together to Beersheba. Abraham lived at Beersheba.
20 Li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor:
It happened after these things, that it was told Abraham, saying, "Look, Milcah also has borne children to your brother Nahor:
21 Uts se premye ne li, epi Buz frè li, avèk Kemuel, papa Aram nan
Uz his firstborn, Buz his brother, Kemuel the father of Aram,
22 epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.”
Kesed, Hazo, Pildash, Jidlaph, and Bethuel."
23 Bethuel te vin papa Rebecca. Uit de Milcah sa yo te fè pitit pou Nahor, frè Abraham nan.
Bethuel became the father of Rebekah. These eight Milcah bore to Nahor, Abraham's brother.
24 Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca.
His secondary wife, whose name was Reumah, also bore Tebah, Gaham, Tahash, and Maacah.

< Jenèz 22 >