< Jenèz 17 >

1 Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.
Et Abram était âgé de 99 ans; et l’Éternel apparut à Abram, et lui dit: Je suis le Dieu Tout-puissant; marche devant ma face, et sois parfait;
2 Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak Ou, e Mwen va miltipliye ou anpil, anpil.”
et je mettrai mon alliance entre moi et toi, et je te multiplierai extrêmement.
3 Abram te tonbe atè sou figi li. Bondye te pale avèk li, e te di:
Et Abram tomba sur sa face, et Dieu parla avec lui, disant:
4 “Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a. Ou va papa a yon gran kantite nasyon.
Quant à moi, voici, mon alliance est avec toi, et tu seras père d’une multitude de nations;
5 Yo p ap rele ou Abram ankò, men non ou va Abraham, paske Mwen ap fè ou papa a yon gran kantite nasyon.
et ton nom ne sera plus appelé Abram, mais ton nom sera Abraham, car je t’ai établi père d’une multitude de nations.
6 “M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e wa yo va soti nan ou menm.
Et je te ferai fructifier extrêmement, et je te ferai devenir des nations; et des rois sortiront de toi.
7 “Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo.
Et j’établirai mon alliance entre moi et toi et ta semence après toi, en leurs générations, pour être une alliance perpétuelle, afin que je sois ton Dieu, à toi et à ta semence après toi.
8 “Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo.”
Et je te donne, et à ta semence après toi, le pays de ton séjournement, tout le pays de Canaan, en possession perpétuelle; et je serai leur Dieu.
9 Bondye te di anplis a Abraham: “Koulye a pou ou, ou va kenbe akò Mwen an, ou menm avèk desandan apre ou yo pou tout jenerasyon.
Et Dieu dit à Abraham: Et toi, tu garderas mon alliance, toi et ta semence après toi, en leurs générations.
10 Sa se akò Mwen, ke nou va kenbe antre Mwen ak nou menm, e desandan apre nou yo: chak mal pami nou va vin sikonsi.
C’est ici mon alliance, que vous garderez entre moi et vous et ta semence après toi: que tout mâle d’entre vous soit circoncis.
11 ““Nou va sikonsi nan chè sou avan chè nou, e sa ap sèvi kòm sign akò antre Mwen ak nou.
Et vous circoncirez la chair de votre prépuce, et ce sera un signe d’alliance entre moi et vous.
12 Epi chak mal antre nou ki gen uit jou va sikonsi selon tout jenerasyon nou yo, e osi yon sèvitè ki fèt lakay ou, oswa ki achte avèk lajan a nenpòt etranje ki pa sòti nan desandan pa nou yo.
Et tout mâle de huit jours, en vos générations, sera circoncis parmi vous, celui qui est né dans la maison, et celui qui est acheté à prix d’argent, tout fils d’étranger qui n’est point de ta semence.
13 Yon sèvitè ki fèt lakay nou, oswa ki te achte avèk lajan nou va asireman vin sikonsi; konsa akò Mwen va nan chè nou, yon akò pou tout tan.
On ne manquera point de circoncire celui qui est né dans ta maison et celui qui est acheté de ton argent; et mon alliance sera en votre chair comme alliance perpétuelle.
14 Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a. Li vyole akò Mwen an.”
Et le mâle incirconcis, qui n’aura point été circoncis en la chair de son prépuce, cette âme sera retranchée de ses peuples: il a violé mon alliance.
15 Epi Bondye te di a Abraham: “Konsènan madanm ou, Saraï, ou pa pou rele li Saraï, men Sarah va non li.
Et Dieu dit à Abraham: Quant à Saraï, ta femme, tu n’appelleras plus son nom Saraï; mais Sara sera son nom.
16 Mwen va beni li, Mwen va bay ou yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon. Wa a pèp yo va sòti nan li.”
Et je la bénirai, et même je te donnerai d’elle un fils; et je la bénirai, et elle deviendra des nations; des rois de peuples sortiront d’elle.
17 Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm santan? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?”
Et Abraham tomba sur sa face, et il rit et dit en son cœur: Naîtrait-il [un fils] à un homme âgé de 100 ans? et Sara, âgée de 90 ans, enfanterait-elle?
18 Konsa, Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!”
Et Abraham dit à Dieu: Oh, qu’Ismaël vive devant toi!
19 Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac. Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo.
Et Dieu dit: Certainement Sara, ta femme, t’enfantera un fils; et tu appelleras son nom Isaac; et j’établirai mon alliance avec lui, comme alliance perpétuelle, pour sa semence après lui.
20 “Pou Ismaël, Mwen te tande ou. Gade byen, Mwen va fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon.
Et, à l’égard d’Ismaël, je t’ai exaucé: voici, je l’ai béni, et je le ferai fructifier et multiplier extrêmement; il engendrera douze chefs, et je le ferai devenir une grande nation.
21 “Men akò Mwen an, Mwen va etabli li avèk Isaac, ke Sarah va fè pou ou nan menm sezon sa a, lane pwochèn.”
Mais mon alliance, je l’établirai avec Isaac, que Sara t’enfantera en cette saison, l’année qui vient.
22 Lè Li te fin pale avèk li, Bondye te monte kite Abraham.
Et ayant achevé de parler avec lui, Dieu monta d’auprès d’Abraham.
23 Alò, Abraham te pran Ismaël, fis li a, tout sèvitè ki te fèt nan kay li, tout ki te achte avèk lajan li, chak mal pami mesye lakay Abraham yo, e li te sikonsi prepis yo nan menm jou sa a jan Bondye te di li a.
Et Abraham prit Ismaël, son fils, et tous ceux qui étaient nés dans sa maison, et tous ceux qui avaient été achetés de son argent, tous les mâles parmi les gens de la maison d’Abraham, et il circoncit la chair de leur prépuce en ce même jour-là, comme Dieu lui avait dit.
24 Alò, Abraham te gen katre-ven-diz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.
Et Abraham était âgé de 99 ans lorsqu’il fut circoncis en la chair de son prépuce;
25 Epi Ismaël, fis li a te gen trèz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.
et Ismaël, son fils, était âgé de 13 ans lorsqu’il fut circoncis en la chair de son prépuce.
26 Nan menm jou sa a, Abraham te sikonsi, ansanm ak fis li, Ismaël.
En ce même jour-là Abraham fut circoncis, et Ismaël son fils,
27 Tout gason lakay li yo, ki te fèt lakay li, ki te achte avèk lajan nan men moun etranje, te sikonsi avèk li.
et tous les hommes de sa maison, ceux qui étaient nés dans la maison, et ceux qui avaient été achetés à prix d’argent d’entre les fils de l’étranger, furent circoncis avec lui.

< Jenèz 17 >