< Esdras 4 >

1 Alò, lè lènmi a Juda yo avèk Benjamin yo te tande ke moun egzil yo t ap bati yon tanp a SENYÈ a, Bondye Israël la,
Torej, ko so Judovi in Benjaminovi nasprotniki slišali, da so otroci iz ujetništva gradili tempelj Gospodu, Izraelovemu Bogu,
2 yo te pwoche Zorobabel avèk chèf lakay zansèt yo. Yo te di yo: “Annou bati ansanm avèk nou, paske nou, kon ou menm, ap chache Bondye pa ou a. Nou t ap fè sakrifis a Li menm soti nan jou a Ésar-Haddon, wa Assyrie a, ki te mennen nou monte isit la.”
so potem prišli k Zerubabélu in k vodjem očetov ter jim rekli: »Naj gradimo z vami, kajti iščemo vašega Boga, kakor ga iščete vi. Darujemo mu od dni asirskega kralja Asarhadóna, ki nas je privedel sèm gor.«
3 Men Zorobabel avèk Josué ak tout lòt chèf a lakay zansèt a Israël yo te di yo: “Ou pa gen anyen ansanm avèk nou menm nan bati yon kay a Bondye nou an, men nou menm pou kont nou, nou va bati a SENYÈ a, Bondye Israël la, kon Cyrus, wa Perse la, te kòmande nou an.”
Toda Zerubabél, Ješúa in drugi izmed vodij Izraelovih očetov, so jim rekli: »Ničesar nimate z nami, da gradite hišo našemu Bogu, temveč bomo mi sami gradili Gospodu, Izraelovemu Bogu, kakor nam je zapovedal perzijski kralj Kir.«
4 Konsa, pèp peyi a te kòmanse dekouraje pèp Juda a, e te bay yo pwoblem bati a.
Potem je ljudstvo dežele slabilo roke Judovega ljudstva in jim oteževalo gradnjo
5 Konsa yo te anplwaye konseye yo kont yo pou detounen pwòp bi pa yo pandan tout jou a Cyrus yo, wa Perse la, menm jis rive nan règn Darius la, wa Perse la.
in zoper njih so najeli svetovalce, da onemogočajo njihov namen vse dni perzijskega kralja Kira, celo do kraljevanja perzijskega kralja Dareja.
6 Alò nan règn Assuérus la, nan kòmansman règn li a, yo te ekri yon akizasyon kont pèp Juda a avèk Jérusalem nan.
In v kraljevanju Ahasvérja, na začetku njegovega kraljevanja, so mu napisali obtožbo zoper prebivalce Juda in Jeruzalema.
7 Nan jou a Artaxerxès yo, Bischlam, Mithredath, Thabeel ak tout lòt kolèg pa yo te ekri a Artaxerxès, wa Perse la. Lèt la te ekri nan lang Amareyen e livre nan lang Amareyen.
V dneh Artakserksa so Bišlám, Mitridát, Tabeél in ostali njihovi družabniki, pisali Artakserksu, kralju Perzije. Pisanje pisma je bilo napisano v sirskem jeziku in pojasnjeno v sirskem jeziku.
8 Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, grefye a, te ekri yon lèt kont Jérusalem a Wa Artaxerxès la, kon swivan.
Kancler Rehúm in pisar Šimšáj sta kralju Artakserksu napisala pismo zoper Jeruzalem na ta način.
9 Alò, ekri pa Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, avèk tout lòt kolèg yo, jij yo ak gouvènè lokal yo, ofisye yo, sekretè yo, mesye Érec yo, Babilonyen yo, mesye Suse yo, sa vle di, Elamit yo,
Potem so napisali kancler Rehúm, pisar Šimšáj in ostali njegovi družabniki, Dinaji, Afarsatkaji, Tarpelaji, Afarsaji, Arkovci, Babilonci, Susančani, Dehaji in Elámci,
10 ak tout lòt nasyon ke onorab e pwisan Onsappar te depòte e retabli nan vil Samarie ak nan tout lòt rejyon lòtbò rivyè Jourdain an.
in preostanek narodov, ki jih je veliki in plemeniti Asenapár privedel čez in nastanil v mestih Samarije in preostanek, ki so na tej strani reke in itd.
11 Alò, sa se yon kopi a lèt sila ke yo te voye ba li a: “A wa Artaxerxès: Sèvitè ou yo, mesye nan rejyon lòtbò rivyè a.
To je prepis pisma, ki so ga poslali k njemu, torej kralju Artakserksu: ›Tvoji služabniki, ljudje na tej strani reke itd.
12 Kite li vin rekonèt a wa a ke Jwif ki te monte soti kote ou te rive kote nou an Jérusalem. Yo ap rebati vil rebèl e mechan sa a e ap fin fè miray avèk reparasyon fondasyon yo.
To bodi znano kralju, da Judje, ki so od tebe prišli k nam v Jeruzalem, gradijo uporno in slabo mesto in postavili so njegove zidove in povezali temelje.
13 Alò, kite wa a byen konnen, ke si vil sa a vin rebati, e miray yo konplete, yo p ap peye kontribisyon obligatwa pa yo ankò, ni tarif yo, ni frè lese pase yo, e sa va diminye fòs kès wa a.
To bodi sedaj znano kralju, da če bo to mesto zgrajeno in zidovi ponovno postavljeni, potem ne bodo plačevali pristojbine, davka in carine in tako boš oškodoval prihodke kraljev.
14 Alò, akoz nou nan sèvis palè a, e se pa pwòp pou nou ta wè derespektan kont wa a; pou sa a, nou te voye enfòme wa a,
Torej ker imamo vzdrževanje od kraljeve palače in to ni primerno za nas, da vidimo kraljevo nečast, smo zato poslali in potrdili kralju,
15 pou ou kab fè rechèch nan achiv a papa zansèt pa ou yo. Konsa, ou va dekouvri nan rekò ansyen yo ke vil sila a se yon vil rebelyon, ki konn fè donmaj a wa yo avèk pwovens yo, e ke yo te pwovoke revolisyon ladann nan tan pase yo. Se pou rezon sa a, ke vil sa a te vin detwi nèt konsa.
da bo lahko narejena preiskava v knjigi zapisov tvojih očetov. Tako boš našel v knjigi zapisov in spoznal, da je to mesto uporno mesto in škodljivo za kralje in province in da so snovali vstaje znotraj davnih časov, zaradi katerega razloga je bilo to mesto uničeno.
16 Nou enfòme wa a ke si vil sa a rebati e miray yo konplete; akoz sa a, ou p ap ankò posede anyen nan pwovens lòtbò larivyè Jourdain an.”
Potrjujemo kralju, da če bo to mesto ponovno zgrajeno in njegovi zidovi postavljeni, to pomeni, da ne boš imel nobenega deleža na tej strani reke.‹
17 Wa a te voye reponn a Rehum, kòmandan a Schimschaï, grefye a ak tout lòt kolèg pa yo ki te rete Samarie, ak nan tout lòt pwovens ki te lòtbò Rivyè Jourdain an: Lapè.
Potem je kralj poslal odgovor kanclerju Rehúmu, pisarju Šimšáju in ostalim njegovim družabnikom, ki prebivajo v Samariji in k drugim preko reke: ›Mir itd.
18 Dokiman ke nou te voye bannou an te tradwi ak li devan m.
Pismo, ki ste nam ga poslali, je bilo razločno prebrano pred menoj.
19 Mwen te fè yon dekrè, rechèch te fèt e li te dekouvri ke vil sa a te konn leve kont wa yo nan jou pase yo, ke rebelyon avèk revolisyon te konn fèt ladann,
Zapovedal sem in narejena je bila preiskava in najdeno je, da je to mesto od starih časov snovalo upor zoper kralje in da sta v njem narejena vstaja in upor.
20 ke wa pwisan pa yo te konn gouvène tout pwovens lòtbò larivyè yo e ke kontribisyon obligatwa yo, tarif yo, e lese pase yo te konn peye a yo menm.
Mogočni kralji so bili tudi nad Jeruzalemom, ki je vladal nad vsemi deželami onkraj reke in njim so plačevali pristojbino, davek in carino.
21 Pou sa, pibliye yon dekrè pou fè mesye sila yo sispann travay la pou vil sila a pa rebati jiskaske yon dekrè pibliye pa mwen menm.
Izdajte sedaj zapoved, da ti možje prenehajo in da to mesto ne bo zgrajeno, dokler od mene ne bo izdana druga zapoved.
22 Veye ke nou pa lach nan akonpli bagay sa a. Poukisa nou ta kite donmaj ki p ap nan avantaj a wa yo vin plis?
Pazite sedaj, da vam to ne spodleti. Zakaj bi škoda rasla na škodo kraljev?‹
23 Depi lè kopi a dekrè a wa Artaxerxès te li devan Rehum avèk Schimschaï, grefye a avèk kolèg parèy a yo, yo te ale byen vit Jérusalem kote Jwif yo, e te fè yo sispann pa fòs a zam.
Torej ko je bil prepis Artakserksovega pisma prebran pred Rehúmom, pisarjem Šimšájem in njihovimi družabniki, so v naglici odšli gor v Jeruzalem k Judom in jih s silo in močjo pripravili, da odnehajo.
24 Alò, travay lakay Bondye Jérusalem nan te sispann jis rive nan dezyèm ane a Darius, wa Perse la.
Potem je prenehalo delo Božje hiše, ki je v Jeruzalemu. Tako je prenehalo do drugega leta kraljevanja perzijskega kralja Dareja.

< Esdras 4 >