< Esdras 10 >

1 Alò, pandan Esdras t ap priye e t ap fè konfesyon, t ap kriye e pwostène li devan lakay Bondye a, yon trè gran asanble, gason, fanm, ni timoun, te rasanble vè li soti an Israël; paske pèp yo te kriye byen anmè.
Torej ko je Ezra molil in ko je priznaval, jokal in se metal dol pred Božjo hišo, se je tam k njemu iz Izraela zbrala zelo velika skupnost mož, žena in otrok, kajti ljudstvo je zelo hudo jokalo.
2 Schecania, fis a Jehiel la, youn nan fis a Élam yo, te di Esdras: “Nou pa t fidèl a Bondye nou an. Nou te marye ak fanm etranje soti nan pèp peyi yo. Malgre, koulye a toujou gen espwa pou Israël.
Jehiélov sin Šehanjája, eden izmed Elámovih sinov, je odgovoril in Ezru rekel: »Pregrešili smo se zoper svojega Boga in si jemali tuje žene izmed ljudstva dežele, vendar je sedaj v Izraelu upanje glede te stvari.
3 Alò pou sa a, kite nou fè yon akò avèk Bondye nou an pou mete akote tout fanm yo avèk pitit pa yo, selon konsèy a mèt mwen an, e pou sila ki tranble sou kòmandman Bondye nou yo. Epi kite sa fèt selon lalwa a.
Sedaj torej sklenimo zavezo s svojim Bogom, da odslovimo vse žene in tiste, ki so se rodili od njih, glede na nasvet mojega gospoda in tistih, ki trepetajo ob zapovedi našega Boga. In to naj bo storjeno glede na postavo.
4 Leve! Paske se ou menm ki responsab afè sila a, men nou va avèk nou. Pran kouraj e aji.”
Vstani, kajti ta zadeva pripada tebi. Tudi mi bomo s teboj. Bodi odločnega poguma in to naredi.«
5 Konsa, Esdras te leve, e te fè prèt prensipal yo, Levit yo ak tout Israël sèmante pou yo ta fè selon sa ki te pwopoze a. Konsa yo te sèmante.
Potem je Ezra vstal in pripravil vodilne duhovnike, Lévijevce in ves Izrael, da prisežejo, da bodo storili glede na to besedo. In so prisegli.
6 Epi Esdras te leve soti devan lakay Bondye a, e te antre nan chanm a Jochanan nan, fis a Éliaschib la. Malgre li te ale la, li pa t manje pen, ni bwè dlo, paske li te tèlman dezole akoz enfidelite a moun egzil yo.
Potem je Ezra vstal izpred Božje hiše in odšel v sobo Eljašíbovega sina Johanána. Ko je prišel tja, ni jedel kruha niti pil vode, kajti žaloval je zaradi prestopka tistih, ki so bili odvedeni proč.
7 Yo te fè yon dekrè nan tout Juda avèk Jérusalem a tout moun egzil yo, ke yo ta dwe rasanble Jérusalem,
Naredili so razglas po vsej Judeji in Jeruzalemu, vsem otrokom iz ujetništva, da naj se skupaj zberejo v Jeruzalemu.
8 epi ke nenpòt moun ki pa ta vini nan twa jou yo, selon konsèy a chèf pa yo avèk ansyen yo, tout byen li yo va konfiske e li menm ta retire nan asanble moun egzil yo.
In da kdorkoli ne bo hotel priti v treh dneh, glede na nasvet princev in starešin, bo vse njegovo imetje zaseženo in on sam oddvojen od skupnosti tistih, ki so bili odvedeni proč.
9 Pou sa, tout mesye Juda avèk Benjamin yo te rasanble Jérusalem nan twa jou yo. Se te nan nevyèm mwa a sou ventyèm jou nan mwa a, tout pèp te chita nan plas ouvri devan lakay Bondye a, e yo t ap tranble akoz afè sila a ak gwo lapli a.
Potem so se v treh dneh vsi možje iz Juda in Benjamina zbrali skupaj v Jeruzalemu. To je bil deveti mesec, na dvanajsti dan meseca, in vse ljudstvo je sedelo na ulici Božje hiše in trepetalo zaradi te zadeve in zaradi velikega dežja.
10 Alò, Esdras, prèt la, te kanpe epi te di yo: “Nou pa t fidèl e nou te marye avèk fanm etranje yo, ki ogmante koupabilite Israël la.
Duhovnik Ezra je vstal in jim rekel: »Pregrešili ste se in si vzeli tuje ženske, da povečate Izraelov prekršek.
11 Alò, akoz sa a konfese a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, e fè volonte L. Separe nou menm soti nan moun a peyi yo, e separe nou de madanm etranje yo.”
Zdaj torej naredite priznanje Gospodu, Bogu svojih očetov in storite njegovo voljo in se ločite od ljudstva dežele in od tujih žena.«
12 Konsa, tout asanble a te reponn ak yon gwo vwa: “Se konsa, jan ou te di a, se devwa nou pou nou fè.
Potem je vsa skupnost odgovorila in z močnim glasom rekla: »Kakor si rekel, tako moramo storiti.«
13 Men gen anpil moun, se sezon lapli a, e nou p ap kab kanpe deyò a. Ni tach la pa kab fèt nan youn oswa de jou, paske nou te fè anpil transgresyon nan afè sila a.
Toda ljudstva je mnogo in to je čas obilnega dežja in mi nismo zmožni stati zunaj niti to ni delo enega dne ali dveh, kajti mnogo nas je, ki smo se pregrešili v tej stvari.
14 Kite chèf nou yo reprezante tout asanble a, e kite tout sila nan vil nou yo ki te marye ak fanm etranje yo vini nan lè apwente yo, ansanm avèk ansyen a chak vil yo, jiskaske kòlè fewòs Bondye nou an, akoz bagay sa a, ta vin detounen kite nou.”
Naj sedaj naši voditelji vse skupnosti vstanejo in naj vsi, ki so si v naših mestih vzeli tuje žene, pridejo ob določenih časih in z njimi starešine iz vsakega mesta in njihovi sodniki, dokler kruti bes našega Boga zaradi te zadeve ne bo odvrnjen od nas.
15 Sèlman Jonathan, fis Asël la avèk Jachzia, fis a Thikva a, te opoze ak sa, avèk Meschullam avèk Schabthaï, Levit ki t ap bay yo soutyen an.
Samo Asaélov sin Jonatan in Tikvájev sin Jahzejá sta bila zaposlena okoli te zadeve. Mešulám in Lévijevec Šabetáj pa sta jima pomagala.
16 Men moun egzil yo te fè li konsa. Epi Esdras, prèt la, te chwazi mesye ki te chèf an tèt lakay zansèt yo pou chak kay zansèt, yo tout pa non yo. Konsa, yo te reyini nan premye jou nan dizyèm mwa a pou fè rechèch sou ka sila a.
Otroci ujetništva so storili tako. Duhovnik Ezra z nekaterimi vodilnimi očeti, po hiši njihovih očetov in vsi izmed njih po njihovih imenih, so se oddvojili in se usedli na prvi dan desetega meseca, da preiščejo zadevo.
17 Yo te fin fè rechèch la sou tout mesye ki te marye ak fanm etranje yo pou rive nan premye jou premye mwa a.
In z vsemi možmi, ki so si vzeli tuje žene, so zaključili do prvega dne prvega meseca.
18 Pami fis a prèt ki te marye ak fanm etranje yo, yo te twouve fis a Josué yo, fis a Jotsadak la e frè li yo: Maaséja, Éliézer, Jarib, avèk Guedalia.
Med sinovi duhovnikov so bili najdeni, da so si vzeli tuje žene, namreč od Ješúvovih sinov Jocadákov sin in njegovi bratje Maasejá, Eliézer, Jaríb in Gedaljá.
19 Yo te fè sèman pou mete akote fanm pa yo e akoz koupabilite a, yo te ofri yon belye a bann mouton an pou kouvri koupabilite yo.
Dali so svoje roke, da bodo odslovili svoje žene in ker so bili krivi, so darovali ovna od tropa za svoj prekršek.
20 Nan fis a Immer yo, te gen Hanani avèk Zebadia;
Izmed Imêrjevih sinov Hananí in Zebadjá.
21 Nan fis a Harim yo, Masséja, Élie, Schemaeja, Jehiel, avèk Ozias.
Izmed Harímovih sinov Maasejá, Elija, Šemajá, Jehiél in Uzíjah.
22 Nan fis a Paschhur yo, Eljoénaï, Maaséja, Ismaël, Nethaneel, Jozabad, avèk Éleasa.
Izmed Pašhúrjevih sinov Eljoenáj, Maasejá, Jišmaél, Netanél, Jozabád in Elasá.
23 Nan Levit yo, te gen Jozabad, Schimeï, Kélaja, (sa vle di) Kelitha, Pethachja, Juda, avèk Éliézer.
Tudi izmed Lévijevcev: Jozabád, Šimí, Kelajá (isti je Kelitá), Petahjá, Juda in Eliézer.
24 Pami chantè yo, te gen Éliaschab. Pami gadyen pòtay yo: Schallum, Thélem ak Uri.
Tudi izmed pevcev Eljašíb in izmed vratarjev Šalúm, Telem in Urí.
25 Nan Israël, nan fis a Pareosch yo: Ramia, Jizzija, Malkija, Mijamin, Éléazar, Malkija ak Benaja.
Poleg tega od Izraela izmed Paróševih sinov Ramjá, Malkijá, Mijamín, Eleazar, Malkijá in Benajá.
26 Nan fis a Élam yo: Matthania, Zacharie, Jehiel, Abdi, Jerémoth, avèk Élie.
Izmed Elámovih sinov Matanjá, Zeharjá, Jehiél, Abdí, Jeremót in Elijá.
27 Nan fis a Zatthu yo: Elojénaï, Éliaschib, Matthania, Jerémoth, Zabad, epi Aziza.
Izmed Zatújevih sinov Eljoenáj, Eljašíb, Matanjá, Jeremót, Zabád in Azizá.
28 Nan fis a Bébaï yo: Jochanan, Hanania, Zabbaï, avèk Athlaï.
Tudi izmed Bebájevih sinov Johanán, Hananjá, Zabáj in Atláj.
29 Nan fis a Bani yo: Meschullam, Malluc, Adaja, Jaschub, Scheal, avèk Ramoth.
Izmed Baníjevih sinov Mešulám, Malúh, Adajá, Jašúb, Šeál in Ramót.
30 Nan fis a Pachath-Moab yo: Adna, Kelal, Benaja, Maaséja, Matthania, Betsaleel, Binnuï avèk Manassé.
Izmed Pahat Moábovih sinov Adná, Kelál, Benajá, Maasejá, Matanjá, Becalél, Binúj in Manáse.
31 Nan fis a Harim yo: Éliézer, Jischija, Malkija, Schemaeja, Siméon.
In izmed Harímovih sinov Eliézer, Jišijá, Malkijá, Šemajá, Šimón,
32 Benjamin, Malluc avèk Schemaria.
Benjamin, Malúh in Šemarjá.
33 Nan fis yo a Haschum: Matthanaï, Matthattha, Zabad, Éliphéleth, Jerémaï, Manassé avèk Schimeï.
Izmed Hašúmovih sinov Matenáj, Matatá, Zabád, Elifélet, Jeremáj, Manáse in Šimí.
34 Nan fis a Bani yo, Maadaï, Amram, Uel,
Izmed Baníjevih sinov Maadáj, Amrám, Uél,
35 Benaja, Bédia, Keluhu,
Benajá, Bedjá, Keluhí,
36 Vania, Merémoth, Éliaschib,
Vanjá, Meremót, Eljašíb,
37 Matthania, Matthanaï, Jaasaï,
Matanjá, Matenáj, Jaasáj,
38 Bani, Binnuï, Schimeï,
Baní, Binúj, Šimí,
39 Schélémia, Nathan, Adaja,
Šelemjá, Natána, Adajá,
40 Macnadbaï, Schaschaï, Scharaï,
Mahnadbáj, Šašáj, Šaráj,
41 Azareel, Schélémia, Schemaria,
Azarél, Šelemjá, Šemarjá,
42 Schallum, Amaria, avèk Joseph.
Šalúm, Amarjá in Jožef.
43 Nan fis a Nebo yo, Jeïel, Matthithia, Zabad, Zebina, Jaddaï, Joël ak Benaja.
Izmed Nebójevih sinov Jeiél, Matitjá, Zabád, Zebiná, Jadáj, Joél in Benajá.
44 Tout nan sila yo te marye avèk fanm etranje yo e te gen nan yo ki te gen fanm avèk sila yo te fè pitit.
Vsi ti so si vzeli tuje žene in nekateri izmed njih so imeli žene, s katerimi so imeli otroke.

< Esdras 10 >