< Ezekyèl 44 >

1 Nan lè sa a, Li te mennen m retounen pa chemen a pòtay eksteryè sanktiyè a, ki bay fas li vè lès la; epi li te fèmen.
Potem me je privedel nazaj po poti velikih vrat zunanjega svetišča, ki gledajo proti vzhodu; in ta so bila zaprta.
2 SENYÈ a te di mwen: “Pòtay sa a va fèmen. Li p ap louvri, ni pèsòn p ap janm antre pa li, paske SENYÈ Bondye Israël la te, antre pa li. Akoz sa, li va fèmen.
Potem mi je Gospod rekel: »Ta velika vrata bodo zaprta, ne bodo odprta in noben človek ne bo vstopil skoznje; ker je Gospod, Izraelov Bog, vstopil skoznje, zato bodo zaprta.
3 Pou prens lan, li va chita ladann tankou prens pou manje pen devan SENYÈ a. Li va antre pa chemen galri pòtay la, e li va sòti pa menm chemen an.”
Ta so za princa; princ bo sedel v njih, da jé kruh pred Gospodom; vstopil bo po poti preddverja teh velikih vrat in ven bo šel po isti poti.«
4 Epi li te mennen m pa chemen pòtay nò a pou rive devan kay la. Konsa, mwen te gade e vwala glwa SENYÈ a te ranpli lakay SENYÈ a, e mwen te tonbe sou figi m.
Potem me je privedel po poti severnih velikih vrat pred hišo. Pogledal sem in glej, Gospodova slava je napolnila Gospodovo hišo in padel sem na svoj obraz.
5 SENYÈ a te di mwen: “Fis a lòm, make byen, gade ak zye ou, e tande ak zòrèy ou tout sa ke M di ou konsènan tout règleman lakay SENYÈ yo, e konsènan tout lwa li yo. Epi make byen antre kay la, ak tout sòti ki gen nan sanktyè a.
Gospod mi je rekel: »Človeški sin, dobro zaznamuj in glej s svojimi očmi in poslušaj s svojimi ušesi vse, kar ti rečem glede vseh odredb Gospodove hiše in vse njegove postave; in dobro zaznamuj vhod hiše, z vsakim vstopanjem v svetišče.
6 Ou va di a sila k ap fè rebèl yo: ‘Senyè BONDYE la di: “Se kont! Sispann fè tout abominasyon nou yo, O lakay Israël.
Upornim boš rekel, celó Izraelovi hiši: ›Tako govori Gospod Bog: ›Oh vi, Izraelova hiša, naj vam bo dovolj vseh vaših ogabnosti
7 Lè nou te mennen etranje yo antre, ensikonsi nan kè yo ak ensikonsi nan chè yo, pou antre nan sanktyè Mwen an, pou pwofane li, menm lakay Mwen an, lè nou te ofri manje Mwen an, grès ak san an; paske yo te anile akò Mwen an—tout sa, anplis de tout abominasyon nou yo.
v tem, da ste v moje svetišče privedli tujce, neobrezane v srcu in neobrezane v mesu, da bi bili v mojem svetišču, da ga oskrunijo, celó mojo hišo, ko darujete moj kruh, tolščo in kri in zaradi vseh vaših ogabnosti so prelamljali mojo zavezo.
8 Epi nou pa t rete responsab nou menm, de bagay sen Mwen yo, men te mete etranje yo responsab de sanktiyè mwen an.”
Vi niste skrbeli za moje svete stvari, temveč ste si zase postavili čuvaje moje zadolžitve v mojem svetišču.‹
9 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn etranje ensikonsi nan kè, ak ensikonsi nan chè, tout etranje ki pami fis Israël yo, p ap antre nan sanktyè pa M nan.
Tako govori Gospod Bog: ›Noben tujec, neobrezan v srcu niti neobrezan v mesu, izmed kateregakoli tujca, ki je med Izraelovimi otroki, ne bo vstopil v moje svetišče.
10 “‘“Men Levit ki te ale lwen Mwen lè Israël te vin egare a, ki te vin egare kite Mwen ki t ap kouri dèyè zidòl yo, va pote pinisyon pou inikite pa yo.
Lévijevci, ki so šli daleč proč od mene, ko je Izrael zašel, ki so zašli proč od mene, za svojimi maliki; oni bodo torej nosili svojo krivdo.
11 Malgre sa, yo va fè sèvis nan sanktiyè Mwen an, pou gen zye sou pòtay kay yo, ak fè sèvis nan kay la. Yo va touye ofrann brile ak sakrifis pou pèp la, e yo va kanpe devan yo pou fè sèvis.
Vendar bodo služabniki v mojem svetišču in imeli bodo zadolžitev pri velikih vratih hiše in služili bodo hiši. Klali bodo žgalno daritev in klavno daritev za ljudstvo in stali bodo pred njimi, da jim služijo.
12 Akoz yo te fè sèvis pou yo devan zidòl yo, e yo te vin yon wòch chite, inikite, pou lakay Israël; akoz sa, Mwen te sèmante kont yo”, deklare Senyè BONDYE a: “Ke yo va pote pinisyon pou inikite pa yo a.
Ker so jim služili pred njihovimi maliki in Izraelovi hiši povzročili, da pade v krivičnost; zatorej sem proti njim vzdignil svojo roko, ‹ govori Gospod Bog ›in nosili bodo svojo krivičnost.
13 Konsa, yo p ap vin rapwoche de Mwen, pou sèvi kon prèt pou Mwen, ni vin rapwoche de okenn nan bagay sen Mwen yo, vè bagay ki sen pase tout lòt yo; men yo va pote wont ak abominasyon ke yo te fè yo.
In ne bodo mi prišli blizu, da bi mi opravljali duhovniško službo niti da bi se približali katerikoli izmed mojih svetih stvari na najsvetejšem kraju, temveč bodo nosili svojo sramoto in svoje ogabnosti, ki so jih zagrešili.
14 Malgre sa, Mwen va deziye yo pou kenbe responsabilite kay la, pou tout sèvis ak tout sa k ap fèt ladann.
Toda naredil jih bom čuvaje oskrbe hiše, za vso njeno službo in za vse, kar bo v njej storjeno.
15 “‘“Men prèt Levit yo, fis a Tsadok yo, ki te kenbe responsabilite sanktyè pa M nan lè fis Israël yo te vin egare kite Mwen an, va vin rapwoche de Mwen pou fè sèvis pou Mwen. Yo va kanpe devan M pou ofri Mwen grès ak san an,” deklare Senyè BONDYE a.
Toda duhovniki Lévijevcev, Cadókovi sinovi, ki so skrbeli za moje svetišče, ko so Izraelovi otroci zašli od mene, mi bodo prišli blizu, da bi mi služili in stali bodo pred menoj, da mi darujejo tolščo in kri, ‹ govori Gospod Bog:
16 Yo va antre nan sanktiyè Mwen an. Yo va vin rapwoche de tab Mwen an pou fè sèvis Mwen, e kenbe responsabilite Mwe, n an.
›Vstopali bodo v moje svetišče in se približali moji mizi, da bi mi služili in skrbeli za mojo zadolžitev.
17 “‘“Li va fèt ke lè yo antre nan pòtay lakou enteryè yo, yo va abiye ak vètman len. Epi lenn p ap sou yo pandan y ap fè sèvis nan pòtay lakou enteryè yo ak anndan kay yo.
In zgodilo se bo, ko vstopajo pri velikih vratih notranjega dvora, da bodo oblečeni s platnenimi oblačili; in nobena volna ne bo prišla nanje, medtem ko služijo pri velikih vratih notranjega dvora in znotraj.
18 Moso twal an len va sou tèt yo e souvètman fèt ak len va nan ren yo. Yo p ap abiye ak okenn bagay ki pou fè yo swè.
Na svojih glavah bodo imeli platnene klobučke in na svojih ledjih bodo imeli kratke platnene hlače; ne bodo se opasovali s čimerkoli, kar povzroča znojenje.
19 Lè yo sòti deyò vè pèp la, nan lakou deyò a, yo va retire vètman yo te sèvi nan fè sèvis la, e lage yo nan chanm sen yo. Yo va mete lòt vètman pou yo pa transmèt sentete a pèp la avèk vètman yo.
Ko gredo naprej, na skrajni dvor, celó na skrajni dvor ljudstva, bodo odložili svoja oblačila, v katerih so služili in jih položili v svete sobe in nadeli si bodo druga oblačila in ljudstva ne bodo posvetili s svojimi oblačili.
20 “‘“Anplis, yo p ap pase razwa nan tèt yo, ni yo p ap kite cheve a vin long. Se sèl cheve nan tèt yo y ap koupe.
Niti si ne bodo brili svojih glav niti ne bodo pustili pramenom, da zrastejo dolgi. Svoje glave si bodo zgolj strigli.
21 Ni okenn nan prèt yo pa pou bwè divin pandan y ap antre nan lakou enteryè a.
Niti ne bo katerikoli duhovnik pil vina, ko vstopa na notranji dvor.
22 Epi yo p ap marye ak yon vèv ni yon fanm divòse, men yo va pran vyèj ki soti nan desandan lakay Israël yo, oswa yon vèv ki se vèv a yon prèt.
Niti si za svoje žene ne bodo jemali vdove, niti tiste, ki je odslovljena, temveč si bodo jemali device od semena Izraelove hiše ali vdovo, ki je imela poprej duhovnika.
23 Anplis, yo va enstwi pèp Mwen an pou distenge antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, e fè yo distenge antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.
Moje ljudstvo bodo učili razliko med svetim in oskrunjenim in jim povzročili, da razpoznavajo med nečistim in čistim.
24 “‘“Nan yon diskisyon, yo va kanpe pran plas yo pou jije. Yo va jije sa selon òdonans Mwen yo. Yo va anplis, kenbe lwa M yo, ak règleman Mwen yo, nan tout fèt chwazi Mwen yo. Yo va kenbe tout Saba Mwen yo sen.
V polemiki bodo razsojali in sodili jo bodo glede na moje sodbe in držali se bodo mojih postav in mojih zakonov in vseh mojih pravil, v vseh mojih zborih; in posvečevali bodo moje šabate.
25 “‘“Yo p ap ale kote yon moun mouri pou yo vin souye; sepandan, pou papa, manman, pou fis, fi, pou frè, oswa yon sè ki pa t gen mari, yo kapab souye tèt yo.
Ne bodo prišli k nobeni mrtvi osebi, da se omadežujejo, razen za očeta ali za mater ali za sina, ali za hčer, za brata ali za sestro, ki nima soproga, se lahko omadežujejo.
26 Aprè li fin netwaye, sèt jou va ekoule pou li.
Potem ko je očiščen, mu bodo prišteli sedem dni.
27 Nan jou ke li antre nan sanktiyè a, nan lakou enteryè pou fè sèvis nan sanktiyè a, li va ofri lofrann peche pa li a”, deklare Senyè BONDYE a.
Na dan, ko gre v svetišče, na notranji dvor, da služi v svetišču, bo daroval svojo daritev za greh, ‹ govori Gospod Bog.
28 “‘Epi sa va konsidere kon yon eritaj pou yo, ke se Mwen ki eritaj yo; epi ou p ap bay yo okenn posesyon an Israël——se Mwen menm ki posesyon yo.
›To jim bo za dediščino: jaz sem njihova dediščina. Ne boste jim dali posesti v Izraelu. Jaz sem njihova posest.
29 Yo va manje ofrann sereyal la, ofrann peche a, ak ofrann koupabilite; epi tout bagay ki konsakre an Israël va pou yo.
Jedli bodo jedilno daritev in daritev za greh in daritev za prestopek in vsaka posvečena stvar v Izraelu bo njihova.
30 Premye a tout premye fwi tout kalite ak tout don a tout kalite soti nan tout sa nou kontribye va pou prèt yo. Nou va, anplis, bay prèt la premye nan bòl farin nou yo, pou fè benediksyon vin poze sou lakay nou.
Prvo izmed vseh prvih sadov od vseh stvari in vsaka daritev od vsega, od vsake vrste izmed vaših daritev, bo duhovnikova. Prav tako boste dali duhovniku prvo od svojega testa, da bo lahko povzročil, da v tvoji hiši počiva blagoslov.
31 Prèt yo p ap manje okenn zwazo, bèt ki te mouri pa mò natirèl, oswa ki te dechire an mòso.
Duhovniki ne bodo jedli od česarkoli, kar je umrlo samo od sebe ali je bilo raztrgano, naj bo to perjad ali žival.

< Ezekyèl 44 >