< Ezekyèl 3 >

1 Li te di mwen: “Fis a lòm, manje sa ou jwenn. Manje woulo sa a pou ale pale ak lakay Israël.”
Poleg tega mi je rekel: »Človeški sin, jej, kar najdeš. Pojej ta zvitek in pojdi, govori Izraelovi hiši.«
2 Konsa, mwen te louvri bouch mwen eLi te lonje ban m woulo a pou manje.
Tako sem odprl svoja usta in dal mi je, da sem pojedel ta zvitek.
3 Li te di mwen: “Fis a lòm, bay vant ou manje, e plen kò ou ak woulo sa ke Mwen ap bay ou a.” Alò, mwen te manje li. Li te dous kon siwo myèl nan bouch mwen.
Rekel mi je: »Človeški sin, stôri svojemu trebuhu, da jé in svojo notranjost napolni s tem zvitkom, ki ti ga dajem.« Potem sem to pojedel in v mojih ustih je bil zaradi sladkosti kakor med.
4 Konsa, Li te di mwen: “Fis a lòm, ale lakay Israël pou pale pawòl Mwen yo avèk yo.
Rekel mi je: »Človeški sin, pojdi, stopi k Izraelovi hiši in jim govori z mojimi besedami.
5 Paske ou p ap voye kote yon pèp ak langaj ki difisil, men a pèp Israël la.
Kajti nisi poslan k ljudstvu tujega govora in trdega jezika, temveč k Izraelovi hiši,
6 Ni a anpil pèp ak pawòl ki pa ka konprann, ni lang difisil, ak pawòl ke ou p ap ka konprann. Men Mwen voye ou kote sila ki ta dwe koute ou yo.
ne k mnogim ljudstvom tujega govora in trdega jezika, katerih besed ne moreš razumeti. Zagotovo, če bi te poslal k njim, bi ti prisluhnili.
7 Malgre sa, lakay Israël p ap dakò koute ou, akoz yo p ap dakò koute Mwen menm. Anverite, tout lakay Israël gen tèt di e wondonmon.
Toda Izraelova hiša ti ne bo hotela prisluhniti, kajti nočejo mi prisluhniti, kajti vsa Izraelova hiša je predrzna in trdosrčna.
8 Gade byen, Mwen te fin fè figi ou di kont figi yo, e fwontèn ou di kont fwontèn yo.
Glej, tvoj obraz sem otrdil zoper njihove obraze in tvoje čelo zoper njihova čela.
9 Tankou dyaman, pi di pase silèks, Mwen te fè fwontèn ou. Pa krent yo ni vin twouble devan yo, malgre yo se yon kay rebèl.”
Kakor je diamant trši kakor kremen, [tako] sem naredil tvoje čelo. Ne boj se jih niti ne bodi zaprepaden ob njihovih pogledih, kajti uporna hiša so.«
10 Anplis, Li te di mwen: “Fis a lòm, pran mete nan kè ou tout pawòl Mwen yo, ke Mwen va pale a ou e koute ak atansyon.
Poleg tega mi je rekel: »Človeški sin, vse moje besede, ki ti jih bom govoril, sprejmi v svoje srce in poslušaj s svojimi ušesi.
11 Ale kote egzile yo, fis a pèp ou yo. Pale ak yo e di yo, menm si yo koute oswa yo pa koute: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a.’”
Pojdi, stopi k tistim iz ujetništva, k otrokom svojega ljudstva in jim govori ter jim povej: ›Tako govori Gospod Bog, bodisi bodo poslušali ali bodisi se bodo zadržali.‹«
12 Konsa, Lespri a te leve mwen monte e mwen te tande yon gwo bri k ap gwonde dèyè m: “Beni se glwa SENYÈ a nan plas Li a.”
Potem me je duh vzel gor in za seboj sem zaslišal glas velikega hitenja, rekoč: »Blagoslovljena bodi Gospodova slava iz njegovega kraja.«
13 Epi mwen te tande zèl a kreyati vivan yo, youn k ap touche lòt e bri a wou yo bò kote yo, menm yon gwo bri k ap gwonde.
Slišal sem tudi šum peruti živih ustvarjenih bitij, ki so se dotikala druga druge in hrup koles nasproti njih in šum velikega hitenja.
14 Konsa, Lespri a te leve mwen monte e te pran m ale. Mwen te vini byen anmè ak laraj nan lespri m, e men SENYÈ a te fò sou mwen.
Tako me je duh dvignil in me odnesel in šel sem v grenkobi, v vročici svojega duha, toda Gospodova roka je bila močna nad menoj.
15 Konsa, mwen te vini kote egzile ki te rete akote rivyè Kebar yo nan Thel-Abib. Mwen te chita la, etonen nèt pandan sèt jou kote yo te rete a.
Potem sem prišel k tistim iz ujetništva pri Tel Abíbu, ki prebivajo pri reki Kebár in se usedel, kjer so sedeli in osupel ostal tam med njimi sedem dni.
16 Nan fen sèt jou yo, pawòl SENYÈ a te vini sou mwen e te di:
Pripetilo se je ob koncu sedmih dni, da je k meni prišla Gospodova beseda, rekoč:
17 “Fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Depi lè ou tande yon pawòl sòti nan bouch mwen, avèti yo li soti nan Mwen.
»Človeški sin, naredil sem te stražarja Izraelovi hiši, zato poslušaj besedo pri mojih ustih in jim daj svarilo od mene.
18 Lè Mwen di a mechan an: ‘Ou va, anverite, mouri’ e ou pa avèti li, ni pale fò pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men san li, mwen va egzije li soti nan men ou.
Ko rečem zlobnemu: ›Gotovo boš umrl, ‹ pa mu ne daješ svarila niti ne govoriš, da zlobnega posvariš pred njegovo zlobno potjo, da bi rešil njegovo življenje, bo ta isti zlobni človek umrl v svoji krivičnosti, toda njegovo kri bom zahteval iz tvoje roke.
19 Men si ou te avèti mechan an, e li pa kite mechanste li a, ni chemen mechan li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre nanm ou.”
Vendar če posvariš zlobnega, pa se ta ne odvrne od svoje zlobnosti niti od svoje zlobne poti, bo umrl v svoji krivičnosti, toda ti si osvobodil svojo dušo.«
20 “Ankò, lè yon nonm ladwati ta vire kite ladwati pou komèt inikite e Mwen plase yon obstak devan l, li va mouri. Akoz ou pa t avèti li, li va mouri nan peche li e zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje, men san li, mwen va egzije li nan men ou.
Ponovno: »Kadar se pravičen človek odvrne od svoje pravičnosti in zagreši krivičnost in predenj položim kamen spotike, bo umrl; ker mu nisi dal svarila, bo umrl v svojem grehu in njegove pravičnosti, ki jo je storil, se ne bo spominjalo, temveč bom njegovo kri zahteval iz tvoje roke.
21 Sepandan, si ou te avèti nonm dwat la ke moun ladwati pa dwe peche, e li pa peche, li va anverite viv, akoz li te koute avètisman an; epi ou delivre nanm ou.”
Vendar če posvariš pravičnega človeka, da pravični ne greši in ta ne greši, bo zagotovo živel, ker je posvarjen; tudi ti si osvobodil svojo dušo.«
22 Men a SENYÈ a te sou mwen la, e Li te di m: “Leve ou menm, ale deyò nan plèn nan, epi la, Mwen va pale avèk ou.”
Tam je bila nad menoj Gospodova roka in rekel mi je: »Vstani, pojdi naprej na ravnino in tam bom govoril s teboj.«
23 Konsa, mwen te leve ale nan plèn nan. Epi gade byen, glwa a SENYÈ a te kanpe la, tankou glwa ke m te wè akote rivyè Kebar a. Epi mwen te tonbe sou figi m.
Potem sem vstal in odšel naprej na ravnino. Glej, tam je stala Gospodova slava kakor slava, ki sem jo videl pri reki Kebár, in padel sem na svoj obraz.
24 Nan lè sa a, Lespri a te antre nan mwen. Li te fè m kanpe sou pye m, Li te pale avè m e te di mwen: “Ale, fèmen tèt ou anndan lakay ou.
Potem je vame vstopil duh in me postavil na moja stopala in spregovoril z menoj ter mi rekel: »Pojdi, zapri se znotraj svoje hiše.
25 Selon ou menm, fis a lòm, y ap mete kòd sou ou pou mare ou ak yo. Konsa, ou p ap ka sòti deyò pami yo.
Toda ti, oh človeški sin, glej, nate bodo dali vezi in te zvezali z njimi in ne boš šel ven mednje,
26 Mwen va fè lang ou kole anlè bouch ou pou ou vin bèbè e pou ou p ap ka fè yo repwoch, paske lakay yo rebèl.
jaz pa bom tvoj jezik prilepil k nebu tvojih ust, da boš nem in jim ne boš grajavec, kajti uporna hiša so.
27 Men lè M pale ak ou, Mwen va ouvri bouch ou e ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’. Sila ki tande a, kite li tande; epi sila ki refize tande a, kite li refize; paske yo se yon kay rebèl.”
Toda ko jaz spregovorim s teboj, bom odprl tvoja usta in ti jim boš rekel: ›Tako govori Gospod Bog: ›Kdor posluša, naj sliši, in kdor se zadrži, naj se zadržuje, kajti uporna hiša so.‹«

< Ezekyèl 3 >