< Ezekyèl 24 >

1 Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen, nan nevyèm ane, nan dizyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, e te di:
Again in the ninth year, in the tenth month, in the tenth day of the month, the word of the LORD came to me, saying,
2 “Fis a lòm, ekri non a jou a, jou sa a menm. Wa Babylone nan te vin mete syèj sou Jérusalem nan menm jou sa a.
Son of man, write you the name of the day, even of this same day: the king of Babylon set himself against Jerusalem this same day.
3 Pale yon parabòl a kay rebèl la pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mete chodyè a sou difè a. Mete l, e anplis, vide dlo ladann.
And utter a parable to the rebellious house, and say to them, Thus says the Lord GOD; Set on a pot, set it on, and also pour water into it:
4 Mete mòso yo ladann, tout bon mòso yo: kwis ak zepòl la. Plen li ak zo byen chwazi yo.
Gather the pieces thereof into it, even every good piece, the thigh, and the shoulder; fill it with the choice bones.
5 Pran mouton ki pi byen chwazi nan bann nan, e anplis, mete pil bwa anba chodyè a. Fè l bouyi fò. Anplis, fè bouyi zo ki ladann yo nèt.”
Take the choice of the flock, and burn also the bones under it, and make it boil well, and let them seethe the bones of it therein.
6 “‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Malè a peyi sanglan sila a, a chodyè nan sila gen lawouy ladann l! Lawouy la ki pa sòti ladann l! Retire ladann mòso pa mòso, san menm tire oso.
Why thus says the Lord GOD; Woe to the bloody city, to the pot whose scum is therein, and whose scum is not gone out of it! bring it out piece by piece; let no lot fall on it.
7 “‘“Paske san fanm nan vèse se nan mitan l. Li te mete l sou wòch vid la. Li pa t vide li atè a, pou kouvri li ak pousyè.
For her blood is in the middle of her; she set it on the top of a rock; she poured it not on the ground, to cover it with dust;
8 Pou l kapab koze gwo chalè ak kòlè k ap pran vanjans, Mwen te mete san li sou wòch vid la, pou li kab pa kouvri.”
That it might cause fury to come up to take vengeance; I have set her blood on the top of a rock, that it should not be covered.
9 “‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Malè a vil sanglan sila a! Anplis, Mwen menm, Mwen va fè pil la gwo.
Therefore thus says the Lord GOD; Woe to the bloody city! I will even make the pile for fire great.
10 Ogmante bwa a. Byen ranje dife a. Bouyi chè vyann nan byen. Mele epis ladann e kite zo yo vin brile.
Heap on wood, kindle the fire, consume the flesh, and spice it well, and let the bones be burned.
11 Epi mete li vid sou chabon limen li an pou li ka byen cho, pou bwonz li an kapab gen koulè wouj pou tout salte li yo kapab vin fann ladann, jiskaske lawouy li a fin manje nèt.
Then set it empty on the coals thereof, that the brass of it may be hot, and may burn, and that the filthiness of it may be molten in it, that the scum of it may be consumed.
12 Fi a te fè M fatige ak travay di ke M fè; malgre sa, gwo lawouy li a pa t kite li. Kite lawouy li a rete nan dife a!
She has wearied herself with lies, and her great scum went not forth out of her: her scum shall be in the fire.
13 “‘“Nan salte ou a se tout zak ki lèd yo. Akoz mwen ta netwaye ou, malgre sa, ou pa pwòp; ou p ap vin pwòp de salte ou yo jiskaske Mwen fè chalè kòlè Mwen an sou ou poze.
In your filthiness is lewdness: because I have purged you, and you were not purged, you shall not be purged from your filthiness any more, till I have caused my fury to rest on you.
14 “‘“Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale. Sa ap vini e Mwen va aji. Mwen p ap ralanti e Mwen p ap gen pitye ni mwen p ap gen regrè. Selon zak ou yo, Mwen va jije ou,” deklare Senyè BONDYE a.’”
I the LORD have spoken it: it shall come to pass, and I will do it; I will not go back, neither will I spare, neither will I repent; according to your ways, and according to your doings, shall they judge you, says the Lord GOD.
15 Konsa, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
Also the word of the LORD came to me, saying,
16 “Fis a lòm, gade byen, Mwen prèt pou retire sou ou dezi zye ou yo ak yon sèl kou; men ou p ap plenyen, ni ou p ap kriye, ni dlo p ap vini nan zye ou.
Son of man, behold, I take away from you the desire of your eyes with a stroke: yet neither shall you mourn nor weep, neither shall your tears run down.
17 Plenn nan gòj san fè bri. Pa fè dèy pou mò. Mare moso twal long ou nan tèt ou, mete soulye nan pye ou. Pa kouvri bouch ou e pa manje pen fè dèy a.”
Forbear to cry, make no mourning for the dead, bind the tire of your head on you, and put on your shoes on your feet, and cover not your lips, and eat not the bread of men.
18 Konsa, mwen te pale ak pèp la nan maten an, e nan aswè, madanm mwen te mouri. Konsa, nan maten an, mwen te fè jan yo te kòmande mwen an.
So I spoke to the people in the morning: and at even my wife died; and I did in the morning as I was commanded.
19 Pèp la te mande m: “Èske ou p ap di nou kisa sa vle di ke ou ap aji konsa?”
And the people said to me, Will you not tell us what these things are to us, that you do so?
20 Epi mwen te di yo: “Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
Then I answered them, The word of the LORD came to me, saying,
21 ‘Pale ak lakay Israël: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou pwofane sanktyè Mwen an, ògèy a pouvwa nou an, dezi a zye nou, e plezi a nanm nou. Epi fis ak fi nou yo, ke nou te kite dèyè yo; yo va tonbe pa nepe.
Speak to the house of Israel, Thus says the Lord GOD; Behold, I will profane my sanctuary, the excellency of your strength, the desire of your eyes, and that which your soul pities; and your sons and your daughters whom you have left shall fall by the sword.
22 Nou va fè jan mwen te fè a. Nou p ap kouvri bouch nou, ni nou p ap manje pen fè dèy a.
And you shall do as I have done: you shall not cover your lips, nor eat the bread of men.
23 Tiban nou va sou tèt nou e soulye nou nan pye nou. Nou p ap fè dèy, ni nou p ap kriye; men nou va plenyen nan inikite nou yo e nou va plenyen youn bay lòt.
And your tires shall be on your heads, and your shoes on your feet: you shall not mourn nor weep; but you shall pine away for your iniquities, and mourn one toward another.
24 Konsa, Ézéchiel va vin yon sign pou nou, selon tout sa ke li menm te fè, nou va fè yo. Lè sa rive, alò nou va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.’”’”
Thus Ezekiel is to you a sign: according to all that he has done shall you do: and when this comes, you shall know that I am the Lord GOD.
25 “Pou ou menm, fis a lòm, èske sa p ap nan jou a, lè M ap retire fòs yo nan men yo, lajwa fyète yo, dezi a zye yo e plezi a kè yo, fis ak fi pa yo,
Also, you son of man, shall it not be in the day when I take from them their strength, the joy of their glory, the desire of their eyes, and that whereupon they set their minds, their sons and their daughters,
26 pou nan jou sila a, sila ki chape a va vin kote ou ak enfòmasyon pou zòrèy ou?
That he that escapes in that day shall come to you, to cause you to hear it with your ears?
27 Nan jou sa a, bouch ou va vin louvri a sila ki te chape a, ou va pale, e ou p ap bèbè ankò. Konsa, ou va vin yon sign pou yo, e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
In that day shall your mouth be opened to him which is escaped, and you shall speak, and be no more dumb: and you shall be a sign to them; and they shall know that I am the LORD.

< Ezekyèl 24 >