< Ezekyèl 14 >

1 Epi kèk nan ansyen Israël yo te parèt kote mwen e te chita devan m.
有几个以色列长老到我这里来,坐在我面前。
2 Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
耶和华的话就临到我说:
3 “Fis a lòm, mesye sila yo te fin etabli zidòl pa yo nan kè yo. Yo te mete yo toudwat devan figi yo kon wòch k ap fè moun chite, a pou fè yo tonbe nan inikite yo. Èske Mwen ta menm dwe koute kesyon yo?
“人子啊,这些人已将他们的假神接到心里,把陷于罪的绊脚石放在面前,我岂能丝毫被他们求问吗?
4 Pou sa, pale ak yo e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nenpòt moun lakay Israël ki pozisyone zidòl nan kè li, ki mete dwat devan figi l, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò, ta vin jwenn pwofèt la, Mwen menm, SENYÈ a, va vin bay li repons sou sijè a, an akòd ak fòs kantite zidòl li genyen yo,
所以你要告诉他们:‘主耶和华如此说:以色列家的人中,凡将他的假神接到心里,把陷于罪的绊脚石放在面前,又就了先知来的,我—耶和华在他所求的事上,必按他众多的假神回答他,
5 pou M ka kenbe kè lakay Israël la, tout ki byen lwen M akoz zidòl yo.”’”
好在以色列家的心事上捉住他们,因为他们都借着假神与我生疏。’
6 “Pou sa, di a tout lakay Israël la, ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Repanti, vire kite zidòl nou yo, e vire figi nou lwen de tout abominasyon nou yo.”’”
“所以你要告诉以色列家说:‘主耶和华如此说:回头吧!离开你们的偶像,转脸莫从你们一切可憎的事。’
7 “Paske nenpòt moun lakay Israël, o menm etranje ki vin viv la, ki separe li de Mwen menm, pou l mete zidòl li yo nan kè l, ki vin mete dwat devan figi li, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò apre ta rive kote pwofèt la pou mande koze pou pwòp tèt li, Mwen menm, SENYÈ a, Mwen va vin parèt pou bay li repons nan pwòp pèsonaj pa M.
因为以色列家的人,或在以色列中寄居的外人,凡与我隔绝,将他的假神接到心里,把陷于罪的绊脚石放在面前,又就了先知来要为自己的事求问我的,我—耶和华必亲自回答他。
8 Mwen va pozisyone figi M kont mesye sa a, fè li yon sign ak yon pwovèb, e Mwen va koupe retire li nèt de pèp Mwen an. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
我必向那人变脸,使他作了警戒,笑谈,令人惊骇,并且我要将他从我民中剪除;你们就知道我是耶和华。
9 “Men si pwofèt sila vin twonpe, epi pale yon pawòl, se Mwen menm, SENYÈ a, ki te fè pwofèt sa a vin twonpe. Konsa, Mwen va lonje men M kont li pou detwi li soti pami pèp Mwen an, Israël.
先知若被迷惑说一句预言,是我—耶和华任那先知受迷惑,我也必向他伸手,将他从我民以色列中除灭。
10 Yo va pote frè inikite yo. Jan inikite a sila k ap mande l pale a, se konsa inikite a pwofèt la va ye,
他们必担当自己的罪孽。先知的罪孽和求问之人的罪孽都是一样,
11 pou lakay Israël pa egare lwen Mwen ankò, e pou yo pa souye tèt yo ankò ak tout transgresyon yo. Konsa, yo va vin pèp mwen, e Mwen va Bondye yo,” deklare Senyè BONDYE a.”
好使以色列家不再走迷离开我,不再因各样的罪过玷污自己,只要作我的子民,我作他们的 神。这是主耶和华说的。”
12 Ankò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen, e te di:
耶和华的话临到我说:
13 “Fis a lòm, si yon peyi peche kont Mwen nan komèt enfidelite, Mwen va lonje men M kont li, detwi sous pen li, voye gwo grangou kont li, e koupe retire nèt de li, ni lòm, ni bèt.
“人子啊,若有一国犯罪干犯我,我也向他伸手折断他们的杖,就是断绝他们的粮,使饥荒临到那地,将人与牲畜从其中剪除;
14 Menmsi twa mesye sila yo, Noé, Daniel, ak Job te nan mitan yo, ladwati yo pa ta delivre plis ke pwop nanm pa yo”, deklare Senyè BONDYE a.
其中虽有挪亚、但以理、约伯这三人,他们只能因他们的义救自己的性命。这是主耶和华说的。
15 “Si Mwen te fè bèt sovaj pase nan peyi a, e li vin dezole jis pou pèsòn pa ta pase ladann akoz bèt yo,
我若使恶兽经过糟践那地,使地荒凉,以致因这些兽,人都不得经过;
16 menmsi twa mesye sila yo te la nan mitan l, kon Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Se yo sèl ki t ap delivre, men peyi a t ap vin dezole nèt.
虽有这三人在其中,主耶和华说:我指着我的永生起誓,他们连儿带女都不能得救,只能自己得救,那地仍然荒凉。
17 “Ni, si Mwen ta mennen yon nepe sou peyi sa a e di: ‘Kite nepe a pase nan tout peyi a pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann,’—
或者我使刀剑临到那地,说:刀剑哪,要经过那地,以致我将人与牲畜从其中剪除;
18 menmsi, twa mesye sila yo te nan mitan l, kon Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo, men se sèl yo menm ki ta delivre.
虽有这三人在其中,主耶和华说:我指着我的永生起誓,他们连儿带女都不能得救,只能自己得救。
19 “Oswa, si M ta voye yon gwo grangou kont peyi sa, e vide kòlè Mwen an san sou li, pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann—
或者我叫瘟疫流行那地,使我灭命的忿怒倾在其上,好将人与牲畜从其中剪除;
20 menmsi Noé, Daniel ak Job te nan mitan l, kon Mwen viv la, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Yo ta delivre sèlman pwòp tèt yo, pa ladwati pa yo.”
虽有挪亚、但以理、约伯在其中,主耶和华说:我指着我的永生起誓,他们连儿带女都不能救,只能因他们的义救自己的性命。”
21 Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Konbyen ankò lè Mwen voye kat gwo jijman Mwen yo kont Jérusalem: nepe, gwo grangou, bèt sovaj ak epidemi pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li!
主耶和华如此说:“我将这四样大灾—就是刀剑、饥荒、恶兽、瘟疫降在耶路撒冷,将人与牲畜从其中剪除,岂不更重吗?
22 Malgre sa, gade byen, gen yon retay ki va pote soti ladann, ni fis, ni fi. Gade byen, yo va vin parèt vè ou menm e ou va wè kondwit ak zèv yo. Konsa ou va vin rekonfòte pou gwo malè ke M te mennen sou Jérusalem nan, pou tout bagay ke M te mennen sou li yo.
然而其中必有剩下的人,他们连儿带女必带到你们这里来,你们看见他们所行所为的,要因我降给耶路撒冷的一切灾祸,便得了安慰。
23 Nan lè sa a, yo va rekonfòte ou lè ou wè kondwit ak aksyon yo, paske ou va konnen ke M pa t fè anyen san koz,” deklare Senyè BONDYE a.
你们看见他们所行所为的,得了安慰,就知道我在耶路撒冷中所行的并非无故。这是主耶和华说的。”

< Ezekyèl 14 >