< Egzòd 7 >

1 SENYÈ a te di a Moïse: “Ou wè, Mwen fè ou vin tankou Bondye devan Farawon; epi frè ou a Aaron va pwofèt ou.
Yahweh said to Moses, “See, I have made you like a god to Pharaoh. Aaron your brother will be your prophet.
2 Ou va pale tout sa ke mwen te kòmande ou yo. E frè ou a, Aaron va pale avèk Farawon pou li kite fis Israël yo ale sòti nan peyi li a.
You will say everything that I command you to say. Aaron your brother will speak to Pharaoh so that he will let the people of Israel go from his land.
3 “Mwen va fè kè Farawon vin di, e mwen va miltipliye sign ak mèvè mwen yo nan peyi Égypte la.
But I will harden Pharaoh's heart, and I will display many signs of my power, many wonders, in the land of Egypt.
4 Men Farawon an pa p koute ou, epi konsa Mwen va mete men M sou Égypte. Mwen va mennen lame Mwen yo, pèp Mwen an, fis Israël yo, pou soti deyò peyi Égypte la avèk gwo jijman yo.
But Pharaoh will not listen to you, so I will put my hand on Egypt and bring out my groups of fighting men, my people, the descendants of Israel, out of the land of Egypt by great acts of punishment.
5 “Ejipsyen yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè mwen lonje men M sou Égypte, e fè fis Israël yo sòti nan mitan yo.”
The Egyptians will know that I am Yahweh when I reach out with my hand on Egypt and bring out the Israelites from among them.”
6 Alò, Moïse avèk Aaron te fè jan SENYÈ a te mande yo a; se te konsa yo te Fè l.
Moses and Aaron did so; they did just as Yahweh commanded them.
7 Moïse te gen katre-ven lane, e Aaron katre-ven-twa, lè yo te pale ak Farawon an.
Moses was eighty years old, and Aaron eighty-three years old when they spoke to Pharaoh.
8 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron e te di:
Yahweh said to Moses and to Aaron,
9 “Lè Farawon pale nou pou di: ‘Fè yon mirak,’ alò nou va di a Aaron: Pran baton nou an e jete li atè devan Farawon, pou li kapab vin fè yon sèpan.”
“When Pharaoh says to you, 'Do a miracle,' then you will say to Aaron, 'Take your staff and throw it down before Pharaoh, so that it may become a snake.'”
10 Alò, Moïse avèk Aaron te vin vè Farawon, epi konsa yo te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande yo a. Aaron te jete baton li an atè devan Farawon avèk sèvitè li yo, epi li te devni yon sèpan.
Then Moses and Aaron went to Pharaoh, and they did just as Yahweh had commanded. Aaron threw down his staff before Pharaoh and his servants, and it became a snake.
11 Farawon osi te rele nonm saj avèk sa ki fè maji yo. Konsa, yo menm te fè menm bagay la tou. Majisyen nan Égypte yo te fè menm bagay avèk metye sekrè ak wanga pa yo.
Then Pharaoh also called for his wise men and sorcerers. They did the same thing by their magic.
12 Paske yo chak te jete baton yo atè, e chak te vin fè yon sèpan. Men baton Aaron an te vale lòt baton yo nèt.
Each man threw down his staff, and the staffs became snakes. But Aaron's staff swallowed up their snakes.
13 Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
Pharaoh's heart was hardened, and he did not listen, just as Yahweh had foretold.
14 SENYÈ a te di a Moïse: “Kè a Farawon di; li refize kite pèp la ale.
Yahweh said to Moses, “Pharaoh's heart is hard, and he refuses to let the people go.
15 Ale kote Farawon nan maten. Gade byen, l ap antre nan dlo. Plase ou menm pou rankontre li arebò lariviyè Nil lan. Ou va pran nan men ou baton ki te vin tounen sèpan an.
Go to Pharaoh in the morning when he goes out to the water. Stand on the riverbank to meet him, and take in your hand the staff that had turned into a snake.
16 Ou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te voye m kote ou. Li te di: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen nan dezè a. Men, gade byen, ou pa koute jiska prezan.’”
Say to him, 'Yahweh, the God of the Hebrews, has sent me to you to say, “Let my people go, so that they may worship me in the wilderness. Until now you have not listened.”
17 Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a: gade byen, Mwen va frape dlo ki nan Nil lan avèk baton ki nan men m nan, e li va tounen san.
Yahweh says this: “By this you will know that I am Yahweh. I am going to strike the water of the Nile River with the staff that is in my hand, and the river will be turned to blood.
18 Pwason ki nan Nil yo va mouri, Nil la va vin santi move, e Ejipsyen yo va twouve ke li difisil pou bwè dlo Nil lan.”
The fish that are in the river will die, and the river will stink. The Egyptians will not be able to drink water from the river.”'”
19 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Di Aaron: ‘Pran baton ou an, e lonje men ou sou dlo Égypte yo, sou rivyè yo, sou ti dlo ki koule yo, sou ti lak yo, sou rezèvwa pa yo, pou tout kapab vin tounen san. Va gen san toupatou nan tout peyi Égypte la, ni nan veso ki fèt an bwa, ak nan veso an wòch.’”
Then Yahweh said to Moses, “Say to Aaron, 'Take your staff and reach out with your hand over the waters of Egypt, and over their rivers, streams, pools, and all their ponds, so that their water may become blood. Do this so that there will be blood throughout all the land of Egypt, even in containers of wood and stone.'”
20 Moïse avèk Aaron te fè sa ke SENYÈ a te kòmande yo a. Li te leve baton an wo e li te frape dlo ki te nan Nil lan, devan zye a Farawon, devan zye a sèvitè li yo, e tout dlo ki te nan Nil lan te vin tounen san.
Moses and Aaron did as Yahweh commanded. Aaron raised the staff and struck the water in the river, in the sight of Pharaoh and his servants. All the water in the river turned to blood.
21 Pwason ki te nan Nil yo te mouri, e Nil lan te vin pouri jiskaske Ejipsyen yo pa t kapab bwè dlo Nil lan. Konsa, san an te toupatou nan peyi Égypte la.
The fish in the river died, and the river began to stink. The Egyptians could not drink water from the river, and the blood was everywhere in the land of Egypt.
22 Men majisyen an Égypte yo te fè menm bagay la avèk metye maji pa yo. Pou sa a, kè a Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan Bondye te di a.
But the magicians of Egypt did the same thing with their magic. So Pharaoh's heart was hardened, and he refused to listen to Moses and Aaron, just as Yahweh had said would happen.
23 Alò, Farawon te vire antre lakay li. Li pa t pran sa akè.
Then Pharaoh turned and went into his house. He did not even pay attention to this.
24 Tout Ejipsyen yo te fouye akote larivyè Nil lan pou jwenn dlo pou yo bwè, akoz ke yo pa t kab bwè dlo larivyè Nil lan.
All the Egyptians dug around the river for water to drink, but they could not drink the water of the river itself.
25 Sèt Jou te pase apre SENYÈ a te frape Nil lan.
Seven days passed after Yahweh had attacked the river.

< Egzòd 7 >