< Egzòd 40 >

1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
Then spake Yahweh unto Moses, saying—
2 “Nan premye jou mwa a ou va monte tabènak tant reyinyon an.
On the first day of the month, in the first month, shalt thou rear the habitation, of the tent of meeting;
3 Ou va plase lach temwayaj la, e ou va kouvri lach la avèk vwal la.
and thou shalt put therein, the ark of the testimony, —and shalt screen the ark with the veil;
4 Ou va mennen tab la antre, e ou va ranje li avèk sa ki dwe sou li. Konsa, ou va mennen fè lantre chandelye a, e lime lanp li yo.
and thou shalt bring in the table, and set in order what is to be arranged thereupon, —and thou shalt bring in the lampstand, and mount the lamps thereof;
5 “Anplis, ou va plase lotèl lò a pou lansan devan lach temwayaj la, e ou va monte vwal la pou pòtay tabènak tant reyinyon an.
and thou shalt place the altar of gold for incense, before the ark of the testimony, —and put up the screen for the opening of the habitation;
6 “Ou va plase lotèl ofrann brile a devan pòtay a tabènak tant reyinyon an.
and thou shalt place the altar for the ascending-sacrifice, —before the opening of the habitation of the tent of meeting;
7 Ou va plase basen lave a antre tant reyinyon an ak lotèl la e ou va mete dlo nan li.
and thou shalt place the laver between the tent of meeting, and the altar, and shalt put therein water,
8 Ou va monte galeri a toutotou e ou va pann vwal la pou pòtay galeri a.
And thou shalt put up the court round about, and hang up the screen of the gate of the court.
9 “Epi ou va pran lwil onksyon an e ou va onksyone tabènak la ak tout sa ki ladann. Konsa, ou va konsakre li avèk tout afè li yo, epi li va sen.
And thou shalt take the oil of anointing, and anoint the habitation and all that is therein, —and shalt hallow it. and all the furniture thereof so shall it be holy.
10 Ou va onksyone lotèl ofrann brile a ak tout bagay itil li yo, epi ou va konsakre lotèl la. Konsa, lotèl la va vin sen pase tout bagay.
And thou shalt anoint the altar of ascending sacrifice, and all its utensils, —and hallow the altar, so shall the altar be most holy:
11 Ou va onksyone basen lave a ak baz li, e ou va konsakre li.
and thou shalt anoint the laver and its stand, —and shalt hallow it.
12 “Konsa, ou va mennen Aaron ak fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e ou va lave yo avèk dlo.
And thou shalt bring near Aaron and his sons, unto the opening of the tent of meeting, —and shalt bathe them in the water;
13 Ou va mete vètman sen yo sou Aaron. Ou va onksyone Aaron, e konsakre li, pou li kapab vin sèvi kòm prèt Mwen.
and thou shalt clothe Aaron with the holy garments, —and shalt anoint him and hallow him so shall he minister as priest unto me.
14 Ou va mennen fis li yo pou mete tinik sou yo.
His sons also, shalt thou bring near, —and shalt clothe them with tunics;
15 Konsa, ou va onksyone yo jis jan ke ou te onksyone papa yo, pou yo kapab vin sèvi kòm prèt pou Mwen. Onksyon pa yo va kalifye yo kòm prèt pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.”
and shalt anoint them as thou didst anoint their father, and they shall minister as priests unto me, —so shall their anointing remain to them for an age-abiding priesthood, to their generations.
16 Se konsa Moïse te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo, konsa li te fè.
And Moses did, —according to all that Yahweh had commanded him, so did he.
17 Alò, nan premye mwa nan dezyèm ane a, nan premye jou mwa a, tabènak la te monte.
Thus came it to pass, in the first month, in the second year, on the first of the month, that the habitation was reared.
18 Moïse te monte tabènak la. Li te poze baz reseptikal li yo, li te monte planch li yo, li te pozisyone travès li yo, e li monte pilye li yo.
Yea Moses reared the habitation, and placed its sockets, and fixed its boards, and fastened its bars, —and reared its pillars.
19 Li te louvri tant lan sou tabènak la e li te mete kouvèti tant lan anwo li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Then spread he abroad the tent upon the habitation, and put the covering of the tent upon it, above, —As Yahweh commanded Moses.
20 Konsa, li te pran temwayaj la pou fè l antre nan lach la. Li te tache poto yo nan lach la, e li te mete chèz pwopyatwa a sou lach la.
And he took and placed the testimony within the ark, and put the staves upon the ark, —and placed the propitiatory upon the ark, above;
21 Li te mennen lach la nan tabènak la, e li te monte yon vwal pou separe l. Li te separe lach temwayaj la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
and brought in the ark into the habitation, and put up the screening veil, and screened over the ark of the testimony, —As Yahweh commanded Moses.
22 Anplis li te mete tab la nan tant reyinyon an sou kote nò tabènak la, deyò vwal la.
And he placed the table in the tent of meeting, —on the side of the habitation northward, —outside the veil;
23 Li te plase pen, byen ranje an lòd devan SENYÈ a jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
and set in order thereupon the arrangement of bread before Yahweh, —As Yahweh commanded Moses.
24 Alò, li te mete chandelye a nan tant reyinyon an, sou kote sid tabènak la.
And he put the lampstand, in the tent of meeting, over against the table, —on the side of the habitation southward;
25 Li te limen lap yo devan SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
and mounted the lamps before Yahweh, —As Yahweh commanded Moses.
26 Epi li te plase lotèl lò a nan tant reyinyon an pa devan vwal la.
And he put the altar of gold in the tent of meeting, —before the veil;
27 Li te brile lansan santi bon an sou li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
and burned thereupon the fragrant incense, —As Yahweh commanded Moses.
28 Alò, li te monte vwal pòtay tabènak la.
And he put up the screen of the entrance pertaining to the habitation;
29 Li te plase lotèl ofrann brile a devan pòtay tabènak tant reyinyon an, e li te ofri sou li ofrann brile a ak ofrann sereyal la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
and, the altar of ascending-sacrifice, put he at the entrance of the habitation of the tent of meeting, —and he caused to ascend thereupon the ascending-sacrifice, and the meal-offering, —As Yahweh commanded Moses.
30 Li te plase basen lave a antre tant reyinyon an ak lotèl la, e li te mete dlo ladann pou lave.
And he put the laver, between the tent of meeting, and the altar, —and put therein water for bathing;
31 Nan li, Moïse avèk Aaron avèk fis li yo te lave men yo avèk pye yo.
and Moses and Aaron and his sons thenceforth bathed thereat, —their hands and their feet;
32 Lè yo te antre nan tant reyinyon an, e lè yo te apwoche lotèl la, yo te lave, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
when they were entering into the tent of meeting, and when they were drawing near unto the altar, then used they to bathe, —As Yahweh commanded Moses.
33 Li te monte galeri a toutotou tabènak la ak lotèl la, e li te pandye vwal la pou pòtay galeri a. Konsa, Moïse te fin fè travay la.
And he reared the court round about to the habitation and to the altar, and put up the screen of the gate of the court, —and Moses finished the work.
34 Alò, nyaj la te kouvri tant reyinyon an, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la.
Then did the cloud cover the tent of meeting, —and, the glory of Yahweh, filled the habitation;
35 Moïse pa t kapab antre nan tant reyinyon an, paske nyaj la te poze sou li, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la.
and Moses was not able to enter into the tent of meeting, because the cloud had made its habitation thereupon, —and the glory of Yahweh, filled the habitation.
36 Pandan tout vwayaj pa yo, nenpòt lè ke nyaj la te leve anwo sou tabènak la, fis Israël yo te leve sòti pou fè vwayaj;
And whensoever the cloud ascended from off the habitation, then did the sons of Israel set forward, in all their journeyings;
37 men si nyaj la pa t leve, alò, yo pa t vwayaje jis rive jou ke li te leve a.
but if the cloud did not ascend, then did they not set forward—until the day when it did ascend.
38 Paske pandan tout vwayaj yo, nyaj SENYÈ a te sou tabènak la nan lajounen, e li te gen dife ladann lannwit, devan zye a tout kay Israël la.
For, the cloud of Yahweh, was upon the habitation by day, and, a fire, came to be by night therein, —in the sight of all the house of Israel in all their journeyings.

< Egzòd 40 >