< Egzòd 36 >

1 “Koulye a, Betsaléel, Oholiab, ak chak mèt atizan nan sila SENYÈ a te mete kapasite avèk konprann pou konnen jan pou fè tout travay yo pou konstwi sanktyè a, va aji an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo.”
«و بصلئیل و اهولیاب و همه دانادلانی که خداوند حکمت و فطانت بدیشان داده است، تا برای کردن هر صنعت خدمت قدس، ماهر باشند، موافق آنچه خداوند امرفرموده است، کار بکنند.»۱
2 Konsa, Moïse te rele Betsaléel avèk Oholiab e chak mèt kapasite nan sila SENYÈ a te mete konesans, chak moun ki te mennen pa kè li pou vin nan travay la pou fè li.
پس موسی، بصلئیل واهولیاب و همه دانادلانی را که خداوند در دل ایشان حکمت داده بود، و آنانی را که دل ایشان، ایشان را راغب ساخته بود که برای کردن کارنزدیک بیایند، دعوت کرد.۲
3 Yo te resevwa de Moïse tout don ke fis Israël yo te pote pou fè travay la nan konstwi sanktyè a. Konsa, yo te toujou kontinye pote ofrann bon volonte yo chak maten.
و همه هدایایی را که بنی‌اسرائیل برای بجا آوردن کار خدمت قدس آورده بودند، از حضور موسی برداشتند، و هربامداد هدایای تبرعی دیگر نزد وی می‌آوردند.۳
4 Epi tout mesye avèk kapasite ki t ap fè tout travay nan sanktyè a te vini. Pou sa a, yo chak te sòti nan travay ke yo t ap fè,
و همه دانایانی که هر گونه کار قدس رامی ساختند، هر یک از کار خود که در آن مشغول می‌بود، آمدند.۴
5 pou yo te di a Moïse: “Pèp la ap pote bokou plis ke ase pou èv konstriksyon ke SENYÈ a te kòmande nou fè a.”
و موسی را عرض کرده، گفتند: «قوم زیاده از آنچه لازم است برای عمل آن کاری که خداوند فرموده است که ساخته شود، می‌آورند.»۵
6 Alò, Moïse te pase yon lòd. Pou sa yo te fè yon pwoklamasyon sikile toupatou nan kan an. Li te di: “Pa kite pèsòn, ni gason ni fanm travay ankò pou fè don pou sanktyè a.” Konsa pèp la te ralanti pou yo pa pote ankò.
و موسی فرمود تا در اردو ندا کرده، گویند که «مردان و زنان هیچ کاری دیگر برای هدایای قدس نکنند.» پس قوم از آوردن بازداشته شدند.۶
7 Paske materyo ke yo te genyen an te sifi, e plis ke sifi pou tout èv la, pou te fin konplete li.
و اسباب برای انجام تمام کار، کافی، بلکه زیاده بود.۷
8 Tout mesye avèk kapasite yo pami sa yo ki t ap fè travay la te fè tabènak la avèk dis rido twal fen blan, byen tòde, materyo ble, mov, e wouj. Yo te fè yo avèk cheriben yo, èv a yon mèt ouvriye. Se Betsaléel ki te fè yo.
پس همه دانادلانی که در کار اشتغال داشتند، ده پرده مسکن را ساختند، از کتان نازک تابیده شده و لاجورد و ارغوان و قرمز، و آنها را باکروبیان از صنعت نساج ماهر ترتیب دادند.۸
9 Longè a chak rido se te ventwit koude, e lajè a chak rido, kat koude; tout rido yo te gen menm mezi.
طول هر پرده بیست و هشت ذراع، و عرض هر پرده چهار ذراع. همه پرده‌ها را یک اندازه بود.۹
10 Li te jwenn senk rido yo youn ak lòt, e lòt senk rido yo, li te jwenn yo youn ak lòt.
وپنج پرده را با یکدیگر بپیوست، و پنج پرده را بایکدیگر بپیوست،۱۰
11 Li te fè lasèt yo nan koulè ble sou kote rido a pa deyò nan premye ansanm nan; epi li te fè menm jan an sou kote rido ki te pa deyò nan dezyèm ansanm nan.
و بر لب یک پرده در کنارپیوستگی‌اش مادگیهای لاجورد ساخت، وهمچنین در لب پرده بیرونی در‌پیوستگی دوم ساخت.۱۱
12 Li te fè senkant lasèt nan premye rido a, e li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te nan dezyèm ansanm nan; lasèt yo te opoze youn ak lòt.
و در یک پرده، پنجاه مادگی ساخت، و در کنار پرده‌ای که در‌پیوستگی دومین بود، پنجاه مادگی ساخت. و مادگیها مقابل یکدیگربود.۱۲
13 Li te fè senkant kwòk an lò, e li te jwenn rido yo ansanm avèk kwòk yo pou tabènak la fè yon sèl pyès.
و پنجاه تکمه زرین ساخت، و پرده‌ها را به تکمه‌ها با یکدیگر بپیوست، تا مسکن یک باشد.۱۳
14 Li te fè rido yo avèk pwal kabrit pou sèvi kòm yon tant sou tabènak la. Li te fè onz rido antou.
و پرده‌ها از پشم بز ساخت بجهت خیمه‌ای که بالای مسکن بود؛ آنها را پانزده پرده ساخت.۱۴
15 Longè chak rido se te trant koude e lajè a chak rido te kat koude Tout nan onz rido yo te gen menm mezi.
طول هر پرده سی ذراع، و عرض هر پرده چهار ذراع؛ و یازده پرده را یک اندازه بود.۱۵
16 Li te jwenn senk rido yo poukont yo, e lòt sis yo poukont yo.
وپنج پرده را جدا پیوست، و شش پرده را جدا.۱۶
17 Anplis, li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te plis pa deyò nan premye ansanm nan, e li te fè senkant lasèt sou kote nan rido ki te plis deyò nan dezyèm ansanm nan.
وپنجاه مادگی بر کنار پرده‌ای که در‌پیوستگی بیرونی بود ساخت، و پنجاه مادگی در کنار پرده در‌پیوستگی دوم.۱۷
18 Li te fè senkant kwòk an bwonz pou jwenn tant lan ansanm pou li ta kapab fè yon sèl.
و پنجاه تکمه برنجین برای پیوستن خیمه بساخت تا یک باشد.۱۸
19 Li te fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye fonse wouj, ak yon kouvèti avèk po vach lanmè pa anlè.
و پوششی از پوست قوچ سرخ شده برای خیمه ساخت، وپوششی بر زبر آن از پوست خز.۱۹
20 Epi li te fè planch pou tabènak la avèk bwa akasya ki kanpe dwat.
و تخته های قایم از چوب شطیم برای مسکن ساخت.۲۰
21 Dis koude te longè a chak planch, e yon koude-edmi se te lajè a chak planch.
طول هر تخته ده ذراع، وعرض هر تخته یک ذراع و نیم.۲۱
22 Te gen de tenon pou chak planch, yo te jwenn youn ak lòt. Se te konsa li te fè pou tout planch yo nan tabènak la.
هر تخته را دوزبانه بود مقرون یکدیگر، و بدین ترکیب همه تخته های مسکن را ساخت.۲۲
23 Li te fè planch yo pou tabènak la: ven planch pou kote sid la.
و تخته های مسکن را ساخت، بیست تخته به‌جانب جنوب به طرف یمانی،۲۳
24 Epi li te fè karant baz reseptikal an ajan anba ven planch yo: de baz reseptikal anba yon planch pou de tenon pa li, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de tenon pa li.
و چهل پایه نقره زیر بیست تخته ساخت، یعنی دو پایه زیر تخته‌ای برای دوزبانه‌اش، و دو پایه زیر تخته دیگر برای دوزبانه‌اش.۲۴
25 Konsa, pou dezyèm kote nan tabènak la, nan fas nò a, li te fè ven planch yo,
و برای جانب دیگر مسکن به طرف شمال، بیست تخته ساخت.۲۵
26 ak karant baz reseptikal pa yo an ajan; de baz reseptikal anba yon planch, e de baz reseptikal anba yon lòt planch.
و چهل پایه نقره آنها را یعنی دو پایه زیر یک تخته‌ای و دو پایه زیرتخته دیگر.۲۶
27 Pou dèyè tabènak la, nan lwès, li te fè sis planch.
و برای موخر مسکن به طرف مغرب، شش تخته ساخت.۲۷
28 Li te fè de planch pou kwen yo nan tabènak la pa dèyè.
و دو تخته برای گوشه های مسکن در هر دو جانبش ساخت.۲۸
29 Yo te double anba, e ansanm yo te fin rive nèt nan tèt li, jis rive nan premye wondèl la. Se konsa li te fè avèk toude pou de kwen yo.
واز زیر با یکدیگر پیوسته شد، و تا سر آن با هم دریک حلقه تمام شد. و همچنین برای هر دو در هردو گوشه کرد.۲۹
30 Te gen uit planch avèk baz reseptikal yo an ajan, sèz baz reseptikal, de anba chak planch.
پس هشت تخته بود، و پایه های آنها از نقره شانزده پایه، یعنی دو پایه زیر هرتخته.۳۰
31 Epi li te fè travès yo an bwa akasya, senk pou planch yo pou yon kote tabènak la,
و پشت بندها از چوب شطیم ساخت، یعنی پنج برای تخته های یک جانب مسکن،۳۱
32 epi senk travès pou lòt kote nan tabènak la, e senk travès pou planch yo nan tabènak la sou kote pa dèyè vè lwès.
و پنج پشت بند برای تخته های جانب دیگر مسکن، وپنج پشت بند برای تخته های موخر جانب غربی مسکن.۳۲
33 Li te fè travès mitan an pase nan mitan a planch yo soti nan yon pwent a lòt pwent lan.
و پشت بند وسطی را ساخت تا در میان تخته‌ها از سر تا سر بگذرد.۳۳
34 Li te kouvri planch yo avèk yon kouch lò. Li te fè wondèl pa yo avèk lò kòm soutyen pou travès yo, e li te kouvri travès yo avèk yon kouch lò.
تخته‌ها را به طلاپوشانید، و حلقه های آنها را از طلا ساخت تابرای پشت بندها، خانه‌ها باشد، و پشت بندها را به طلا پوشانید.۳۴
35 Anplis li te fè vwal la avèk materyo ble, mov, wouj, ak twal fen blan byen tòde, avèk cheriben yo; èv a yon mèt ouvriye.
و حجاب را از لاجورد و ارغوان و قرمز و کتان نازک تابیده شده ساخت، و آن را باکروبیان از صنعت نساج ماهر ترتیب داد.۳۵
36 Li te fè kat pilye yo an akasya pou li, e li te kouvri l avèk yon kouch lò. Kwòk yo te fèt an lò. Li te fonde kat baz reseptikal an ajan pou yo.
وچهار ستون از چوب شطیم برایش ساخت، و آنهارا به طلا پوشانید و قلابهای آنها از طلا بود، وبرای آنها چهار پایه نقره ریخت.۳۶
37 Li te fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, ak wouj, e twal fen blan byen tòde, travay a yon tiseran;
و پرده‌ای برای دروازه خیمه از لاجورد و ارغوان و قرمز وکتان نازک تابیده شده از صنعت طراز بساخت.۳۷
38 epi li te fè senk pilye li yo avèk kwòk pa yo, e li te kouvri tèt yo avèk bann seraj avèk lò; epi senk baz reseptikal yo te an bwonz.
و پنج ستون آن و قلابهای آنها را ساخت وسرها و عصاهای آنها را به طلا پوشانید و پنج پایه آنها از برنج بود.۳۸

< Egzòd 36 >