< Egzòd 34 >

1 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Taye pou kont ou de tablèt an wòch tankou sa nou te genyen yo. Mwen va ekri sou tablèt yo pawòl ki te sou lòt ke ou te kraze yo.
Jehovah said to Moses, "Chisel two stone tablets like the first: and I will write on the tablets the words that were on the first tablets, which you broke.
2 Alò, prepare ou pou maten an pou monte nan Mòn Sinaï, e prezante ou menm la devan Mwen, sou tèt mòn nan.
Be ready by the morning, and come up in the morning to Mount Sinai, and station yourself there to me on the top of the mountain.
3 Nanpwen pèsòn ki pou monte avèk ou, ni pa kite pèsòn vizib nan okenn andwa sou mòn nan. Menm bann mouton yo ak twoupo yo p ap pou manje devan mòn sa a.”
No one shall come up with you; neither let anyone be seen throughout all the mountain; neither let the flocks nor herds feed before that mountain."
4 Konsa, Moïse te koupe de tablèt an wòch tankou sa ki te fèt avan yo. Li te leve granmmaten pou monte sou Mòn Sinaï a, jan SENYÈ a te kòmande li a. Li te pran de tablo an wòch yo nan men l.
He chiseled two tablets of stone like the first; and Moses rose up early in the morning, and went up to Mount Sinai, as Jehovah had commanded him, and took in his hand two stone tablets.
5 SENYÈ a te desann nan nyaj la, e Li te kanpe la avèk li pandan li t ap rele non SENYÈ a.
Jehovah descended in the cloud, and stood with him there, and proclaimed the name of Jehovah.
6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a;
Jehovah passed by before him, and proclaimed, "Jehovah, Jehovah, a merciful and gracious God, slow to anger, and abundant in loving kindness and truth,
7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”
keeping loving kindness for thousands, forgiving iniquity and transgression and sin; and that will by no means clear [the guilty], visiting the iniquity of the fathers upon the children, and upon the children's children, upon the third and upon the fourth [generation]."
8 Moïse te fè vit bese ba jis atè pou adore.
Moses hurried and bowed his head toward the earth, and worshiped.
9 Li te di: “Si koulye a mwen twouve favè nan zye Ou, O Senyè a, mwen priye, kite Senyè a ale ansanm nan mitan nou, malgre pèp la se tèt di. Padone inikite nou, peche nou, e pran nou kòm pwòp posesyon pa Ou.”
He said, "If now I have found favor in your sight, please let my Lord go in the midst of us; although this is a stiff-necked people; pardon our iniquity and our sin, and take us for your inheritance."
10 Alò, Bondye te di: “Gade byen, Mwen va fè yon akò. Devan tout pèp ou a Mwen va fè mirak ki pa t janm fèt nan tout tè a ni pami okenn nan nasyon yo. Epi tout pèp pami sila nou ap viv yo, va wè zèv a SENYÈ a, paske se yon bagay etonan ke Mwen va fè ak ou a.
He said, "Look, I make a covenant: before all your people I will do marvels, such as have not been worked in all the earth, nor in any nation; and all the people among which you are shall see the work of Jehovah; for it is an awesome thing that I do with you.
11 “Fè sèten ke ou obsève sa ke Mwen kòmande ou nan jou sa a. Gade byen, Mwen va chase devan ou Amoreyen yo, Kananeyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evetyen yo, ak Jebisyen yo.
Observe that which I command you this day. Look, I drive out before you the Amorite, and the Canaanite, and the Hethite, and the Girgashite, and the Perizzite, and the Hivite, and the Jebusite.
12 Veye nou, pou nou pa fè okenn akò avèk sa yo k ap viv nan peyi kote nou prale a, oswa sa va devni yo pèlen nan mitan nou.
Be careful, lest you make a covenant with the inhabitants of the land where you are going, lest it be for a snare in the midst of you:
13 “Men, olye de sa nou va dechire lotèl pa yo, kraze pilye sakre pa yo e koupe jete Asherim yo.
but you shall break down their altars, and dash in pieces their pillars, and you shall cut down their Asherim;
14 Paske nou pa pou adore okenn lòt dye, paske SENYÈ a, ak yon non ke yo rele Jalou, se yon Dye ki jalou.
for you shall worship no other god: for Jehovah, whose name is Jealous, is a jealous God.
15 “Pa fè yon akò avèk abitan yo nan peyi a, sòf ke yo ta jwe yon wòl kòm pwostitiye avèk dye pa yo, fè sakrifis a dye pa yo, e yon moun ta kab envite nou pou nou manje nan sakrifis li.
Do not make a covenant with the inhabitants of the land, lest they play the prostitute after their gods, and sacrifice to their gods, and one call you and you eat of his sacrifice;
16 Epi pou nou ta vin pran nan fi pa yo pou fis nou yo, e fi pa yo ta kab fè pwostitiye avèk dye pa yo, e vin lakoz ke fis nou yo osi fè pwostitiye avèk dye pa yo.
and you take of their daughters to your sons, and their daughters play the prostitute after their gods, and make your sons play the prostitute after their gods.
17 “Nou p ap fè pou tèt nou okenn dye ki fonn.
You shall make no cast idols for yourselves.
18 “Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, jan Mwen te kòmande nou an, nan lè dezinye a, nan mwa Abib la, paske nan mwa Abib la nou te sòti an Égypte.
"You shall keep the feast of unleavened bread. Seven days you shall eat unleavened bread, as I commanded you, at the time appointed in the month Abib; for in the month Abib you came out from Egypt.
19 “Premye pòtre ki sòti nan tout vant se pou Mwen, e nan tout bèt mal ou yo, menm premye pòtre nan bèf yo ak mouton yo.
All firstborn of the womb are mine, and all your male cattle, the firstborn of ox or sheep.
20 Ou va ransone avèk yon jenn mouton premye pòtre a yon bourik; epi si ou pa ransone li, alò, ou va kase kou li. Ou va ransone tout premye ne nan fis nou yo. Pèsòn pa pou parèt devan M men vid.
The firstborn of a donkey you shall redeem with a lamb: and if you will not redeem it, then you shall break its neck. All the firstborn of your sons you shall redeem. No one shall appear before me empty.
21 Ou va travay pandan sis jou, men nan setyèm jou a ou va repoze. Menm pandan sezon laboure tè ak rekòlt la ou va repoze.
"Six days you shall work, but on the seventh day you shall rest: in plowing time and in harvest you shall rest.
22 “Ou va selebre fèt Semèn yo. Sa vle di premye fwi ki sòti nan rekòlt ble a, ak fèt Rekòlt la, nan fen ane a.
You shall observe the feast of weeks with the first fruits of wheat harvest, and the feast of harvest at the year's end.
23 Twa fwa pa ane tout mal nou yo va parèt devan Senyè BONDYE a, Bondye Israël la.
Three times in the year all your males shall appear before Lord Jehovah, the God of Israel.
24 Paske Mwen va chase nasyon yo devan ou, e fè agrandi limit fwontyè ou yo. Pèsòn p ap fè lanvi sou peyi ou lè w ap monte twa fwa pa ane pou parèt devan SENYÈ a, Bondye ou a.
For I will drive out nations before you and enlarge your borders; neither shall any man desire your land when you go up to appear before Jehovah, your God, three times in the year.
25 “Ou p ap ofri san sakrifis Mwen yo avèk pen leve, ni kite sakrifis ki pou fèt Pak la rete jis rive nan maten.
"You shall not offer the blood of my sacrifice with leavened bread; neither shall the sacrifice of the feast of the Passover be left to the morning.
26 “Ou va pote premye nan premye fwi tè ou yo pou l antre lakay SENYÈ a, Bondye ou a. Ou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.”
You shall bring the first of the first fruits of your ground to the house of Jehovah your God. You shall not boil a young goat in its mother's milk."
27 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ekri mo sa yo. Paske an akò avèk mo sa yo, Mwen te fè yon akò avèk ou, e avèk Israël.”
Jehovah said to Moses, "Write you these words: for in accordance with these words I have made a covenant with you and with Israel."
28 Li te la avèk SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit. Li pa t manje pen, ni bwè dlo. Konsa, li te ekri sou tablo yo avèk pawòl akò yo, dis kòmandman yo.
He was there with Jehovah forty days and forty nights; he neither ate bread, nor drank water. He wrote on the tablets the words of the covenant, the ten commandments.
29 Lè Moïse t ap desann Mòn Sinaï a, avèk de tablo temwayaj yo nan men Moïse lè li t ap desann mòn nan, Moïse pa t konnen ke po figi li te briye akoz li t ap pale avèk Senyè a.
It happened, when Moses came down from Mount Sinai with the two tablets of the testimony in Moses' hand, when he came down from the mountain, that Moses did not know that the skin of his face shone by reason of his speaking with him.
30 Pou sa, lè Aaron avèk tout fis Israël yo te wè Moïse, byen gade, po figi li t ap briye, e yo te pè pwoche li.
When Aaron and all the children of Israel saw Moses, look, the skin of his face shone; and they were afraid to come near him.
31 Epi Moïse te rele yo avèk Aaron. Tout dirijan kongregasyon yo te retounen kote li. Konsa, Moïse te pale avèk yo.
Moses called to them, and Aaron and all the leaders of the congregation returned to him; and Moses spoke to them.
32 Apre sa a, tout fis Israël yo te pwoche, e li te bay yo tout komandman yo ke SENYÈ a te pale ak li nan Mòn Sinaï a.
Afterward all the children of Israel came near, and he gave them all of the commandments that Jehovah had spoken with him on Mount Sinai.
33 Lè Moïse te fin pale avèk yo, li te mete yon vwal sou figi li.
When Moses was done speaking with them, he put a veil on his face.
34 Men nenpòt lè Moïse te antre devan SENYÈ a pou pale avèk Li, li te retire vwal la pou jis lè li te sòti. Epi nenpòt lè li te vin sòti, li te pale avèk fis Israël yo sa ke Senyè a te kòmande yo.
But when Moses went in before Jehovah to speak with him, he took the veil off, until he came out; and he came out, and spoke to the children of Israel that which he was commanded.
35 Fis Israël yo te wè figi Moïse, ke po figi li t ap briye. Alò, Moïse te remete vwal la sou figi li jis lè li te vin antre pou pale avèk SENYÈ a.
The children of Israel saw Moses' face, that the skin of Moses' face shone: and Moses put the veil on his face again, until he went in to speak with him.

< Egzòd 34 >