< Egzòd 24 >

1 Alò, Li te di a Moïse: “Vin monte vè SENYÈ a, ou menm avèk Aaron, Nadab, Abihu avèk swasann-dis nan ansyen Israël yo, e nou va adore a yon distans.
Och till Mose sade han: Stig upp till Herran, du och Aaron, Nadab och Abihu, och de sjutio äldste i Israel, och tillbeder fjerran.
2 Men se sèl Moïse k ap vin toupre SENYÈ a, men yo menm p ap vin pre. Pèp la p ap monte avèk li.”
Och Mose nalke sig allena intill Herran, och låt de andra intet nalkas; och folket komme ej heller med honom upp.
3 Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!”
Mose kom, och förtäljde folkena all Herrans ord, och alla rätter. Då svarade allt folket med ena röst, och sade: All de ord, som Herren sagt hafver, vilje vi göra.
4 Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo. Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo.
Då skref Mose all Herrans ord, och stod om morgonen bittida upp, och byggde ett altare nedan vid berget, med tolf stodar, efter de tolf Israels slägter;
5 Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a.
Och sände dit unga män af Israels barnom, att de skulle offra deruppå bränneoffer och tackoffer Herranom af stutar.
6 Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la.
Och Mose tog hälftena af blodet, och lät det uti ett bäcken; den andra hälftena stänkte han uppå altaret.
7 Epi li te pran liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”
Och tog förbundsens bok, och las henne för folksens öron. Och då de sade: Allt det Herren sagt hafver, vilje vi göra och efterlyda;
8 Alò, Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”
Då tog Mose blodet, och stänkte folket dermed, och sade: Si, detta är förbundsens blod, hvilket Herren med eder gör öfver all dessa orden.
9 Alò, Moïse te pran Aaron, Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte.
Då stego Mose, Aaron, Nadab och Abihu, och de sjutio äldste af Israel upp;
10 Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm.
Och sågo Israels Gud. Under hans fötter var såsom en skön saphir, och såsom en himmel, då han klar är.
11 Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.
Och han lät icke sina hand komma öfver de yppersta af Israel. Och då de hade skådat Gud, åto de och drucko.
12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo.”
Och Herren sade till Mose: Kom upp till mig på berget, och blif der, att jag gifver dig stentaflor, och lag, och budord, de jag skrifvit hafver, hvilka du dem lära skall.
13 Alò, Moïse te leve avèk Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan mòn Bondye a.
Då stod Mose upp och hans tjenare Josua, och steg upp på Guds berg.
14 Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.”
Och sade till de äldsta: Blifver här, tilldess vi komme igen till eder; si, Aaron och Hur äro när eder; kommer någon sak på färde, den må I hafva inför dem.
15 Alò Moïse te monte nan mòn nan, e nwaj la te kouvri mòn nan.
Då nu Mose kom på berget, öfvertäckte en molnsky berget;
16 Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la.
Och Herrans härlighet bodde uppå bergena Sinai, och öfvertäckte det med molnskyn i sex dagar. Och han kallade Mose på sjunde dagenom utu skynom.
17 Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan.
Och Herrans härlighets anseende var såsom en förtärande eld öfverst på bergena, för Israels barnom.
18 Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit.
Och Mose gick midt in i skyn, och steg på berget; och blef uppå bergena i fyratio dagar, och fyratio nätter.

< Egzòd 24 >