< Estè 4 >

1 Lè Mardochée te vin aprann tout sa ki te fèt yo, li te chire rad li. Li te mete twal sak avèk sann sou li, te ale deyò nan mitan lavil la, e te kriye byen fò anlè avèk amètim.
When Mordecai learned all that had been done, he tore his clothes and put on sackcloth and strewed ashes on his head, and went out into the city and raised a loud and bitter cry of lamentation.
2 Li te rive jis nan pòtay a wa a, paske nanpwen pèsòn ki te abiye an twal sak ki ta kab antre sou pòtay a kay wa a.
He went as far as the king’s gate, but no one could enter the gate clothed with sackcloth.
3 Nan chak pwovens kote lòd la avèk dekrè a wa a te rive, te gen gwo doulè pami Jwif yo, avèk fè jèn, gwo kriye avèk lamantasyon. Epi anpil te kouche sou twal sak avèk sann.
In every province, wherever the king’s command and decree went, there was great mourning, fasting, weeping, and wailing among the Jews. Many of them sat in sackcloth and ashes.
4 Konsa, sèvant a Esther yo avèk enik li yo te vin di li sa, e rèn nan te tòde vire ak gwo lapèn. Konsa, li te voye rad pou abiye Mardochée pou l ta kab retire twal sak la sou li, men li te refize.
When Esther’s maids and attendants told her about Mordecai’s behavior, she was greatly troubled. She sent garments for Mordecai to put on, so that he could take off his sack-cloth, but he would not accept them.
5 Alò, Esther te voye mande prezans a Hathac soti nan enik a wa yo, pou wa a te chwazi okipe li e te pase l lòd pou parèt kote Mardochée pou mande sa ki t ap pase a, e poukisa?
So Esther called Hathach, one of the king’s eunuchs whom he had appointed to attend her, and ordered him to go to Mordecai to learn what it all meant and the reason for it.
6 Konsa, Hathac te sòti ale kote Mardochée nan plas lavil la devan pòtay a wa a.
So Hathach went out to Mordecai, to the city square in front of the king’s gate.
7 Mardochée te rakonte li tout sa ki te rive li an detay, kantite fòs ajan ke Haman te fè pwomès pou bay nan kès a wa a pou fin detwi tout Jwif yo.
Mordecai told him all that had happened to him and the exact amount of money that Haman had promised to pay into the king’s treasury for the destruction of the Jews.
8 Anplis, li te bay li yon kopi a dekrè ki te pibliye Suse la pou detwi yo, pou li ta kapab montre Esther pou fè l konnen e bay li lòd pou rive antre kote wa a pou plede pou favè li e plede avè l pou pwoteksyon pèp li a.
Also he gave him a copy of the decree to destroy them, that had been published in Susa, to show to Esther for her information. He also told her to go to the king and implore his mercy and to plead with him in behalf of her people.
9 Hathac te retounen e te fè Esther konnen pawòl a Mardochée yo.
When Hathach came and told Esther what Mordecai had said,
10 Esther te pale avèk Hathac e te mande li bay repons a Mardochée:
she instructed Hathach to go and say to Mordecai,
11 “Tout sèvitè a wa yo avèk pèp an pwovens a wa yo byen konnen ke si nenpòt gason oswa fanm antre devan wa a nan lakou enteryè a san envite pa li menm, li gen yon sèl lwa; ke li va mete a lanmò, sof ke wa a lonje baton a wa a pou l kab viv. Epi mwen pa t envite kote wa a pandan trant jou sila yo.”
“All the king’s courtiers and the people of the king’s provinces know that for every man or woman who goes to the king into the inner court without being called there is one penalty, death, unless the king holds out the golden sceptre signifying that they may live. It has been thirty days since I have been called to go in to the king.”
12 Yo te pataje pawòl a Esther yo avèk Mardochée.
When Mordecai was told what Esther had said,
13 Epi Mardochée te di yo reponn a Esther: “Pa imajine ke ou menm nan palè a wa a kab gen chans chape plis ke tout lòt Jwif yo.
he sent back this reply to Esther, “Don’t imagine that you alone of all the Jews will escape because you belong to the king’s household.
14 Paske, si ou rete an silans nan moman sa a, sekou avèk delivrans va sòti pou Jwif yo soti yon lòt kote, e ou menm avèk lakay papa ou va peri. Kilès ki kab konnen si se pa pou moman sa a ke ou te rive nan pozisyon wayal sila a.”
If you persist in remaining silent at this time, relief and deliverance will come to the Jews from another quarter, but you and your family will perish. Who knows? Maybe you have been raised to the throne for a time like this!”
15 Alò, Esther te di yo prepare reponn Mardochée,
Then Esther sent this message to Mordecai:
16 “Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.”
“Go, gather all the Jews in Susa and fast for me. Don’t eat nor drink anything for three days and nights. My maids and I will fast as well. Then I will go in to the king, although it is contrary to the law, and if I die, I die.”
17 Konsa, Mardochée te sòti ale fè jis sa ke Esther te bay li lòd fè a.
Mordecai did everything Esther had directed.

< Estè 4 >