< Estè 3 >

1 Apre evènman sa yo, Wa Assuérus te elve pozisyon a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la. Li te pouse l devan e te etabli otorite li sou tout chèf ki te avèk li yo. 2 Tout sèvitè a wa yo ki te nan pòtay a wa a te bese ba e te bay onè a Haman; paske, se sa wa a te kòmande pa li menm. Men Mardochée pa t bese, ni pa t bay onè. 3 Alò, sèvitè a wa yo te di a Mardochée: “Poukisa w ap dezobeyi lòd a wa a?” 4 Alò, li te rive ke lè yo te pale chak jou avèk li e li te refize koute yo, ke yo te pale Haman pou wè si koz a Mardochée a ta kanpe, paske li te di yo ke se yon Jwif li te ye. 5 Lè Haman te wè ke Mardochée pa t bese ni ba li onè, Haman te ranpli avèk laraj. 6 Men li pa t satisfè pou mete men l sou Mardochée sèl, paske yo te fè l konnen pèp Mardochée a. Konsa, Haman te chache detwi tout Jwif yo, pèp Mardochée a, ki te toupatou nan tout wayòm Assuérus la. 7 Nan premye mwa ki se mwa Nisan an, nan douzyèm ane Wa Assuérus la, bagay Pur a, sa vle di tiraj osò a, te voye devan Haman jou apre jou e soti mwa apre mwa, jis rive nan douzyèm mwa a, sa vle di, mwa Adar a. 8 Epi Haman te di a Wa Assuérus: “Genyen yon sèten pèp ki gaye toupatou pami pèp la nan tout pwovens nan wayòm ou an; lwa pa yo pa menm ak tout lòt pèp nan pwovens a wayòm ou an. Yo menm, yo pa swiv lwa a wa a, e konsa, li pa nan enterè a wa a pou kite yo rete la. 9 Si se plezi a wa a, kite yon dekrè pibliye pou yo ta detwi, e mwen va peye di-mil talan ajan nan men a sila ki akonpli afè wa a, pou mete li nan kès a wa a.” 10 Konsa, wa a te retire bag so li nan men l, e te bay li a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, lènmi a Jwif yo. 11 Wa a te di Haman: “Ajan an se pa w, ni pèp la, pou fè avèk yo sa ou pito.” 12 Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a. 13 Lèt yo te voye pa mesaje wa yo nan tout pwovens a wa yo pou detwi, pou touye e anile tout Jwif yo, ni jèn, ni granmoun, fanm avèk timoun, nan yon sèl jou, nan trèzyèm jou a douzyèm mwa a, ki se mwa Adar a, e pou sezi tout byen pa yo kon piyaj. 14 Yon kopi a dekrè a te dwe sikile kon lwa nan chak pwovens e te pibliye a tout pèp yo pou yo ta prepare pou jou sa a. 15 Mesaje wa yo te sòti, ranfòse pa dekrè a wa a, pandan dekrè a te pibliye nan sitadèl Suse la. Wa a avèk Haman te chita ansanm pou bwè, men lavil Suse te twouble.

< Estè 3 >