< Eklezyas 6 >

1 Gen yon mal ke m konn wè anba syèl la e ki gaye patou pami lòm—
我見日光之下有一宗禍患重壓在人身上,
2 Yon nonm ke Bondye fin bay richès, byen ak lonè, jiskaske nanm li pa manke anyen nan tout sa ke li dezire. Men Bondye pa kite li manje ladann, paske yon etranje ap jwe benefis yo. Sa se vanite ak gwo malè.
就是人蒙上帝賜他資財、豐富、尊榮,以致他心裏所願的一樣都不缺,只是上帝使他不能吃用,反有外人來吃用。這是虛空,也是禍患。
3 Si yon nonm fè yon santèn timoun e viv anpil ane, malgre fòs kantite ke yo kapab ye, men nanm li pa janm satisfè ak bon bagay, e li pa menm ka fè yon bon antèman; alò, mwen di: “Pito li te sòti kon foskouch nan vant li.”
人若生一百個兒子,活許多歲數,以致他的年日甚多,心裏卻不得滿享福樂,又不得埋葬;據我說,那不到期而落的胎比他倒好。
4 Paske li parèt an ven e non li vin kouvri nan fènwa.
因為虛虛而來,暗暗而去,名字被黑暗遮蔽,
5 Li pa janm wè solèy la, e li p ap janm konnen anyen; li pi bon pase lòt la.
並且沒有見過天日,也毫無知覺;這胎,比那人倒享安息。
6 Menm si lòt la viv pandan mil ane de fwa e pa rejwi de bon bagay—èske se pa tout moun ki ale menm kote a?
那人雖然活千年,再活千年,卻不享福,眾人豈不都歸一個地方去嗎?
7 Tout travay a lòm se pou satisfè bouch li; malgre sa, apeti li pa janm satisfè.
人的勞碌都為口腹,心裏卻不知足。
8 Paske, se ki lavantaj yon nonm saj genyen sou yon moun san konprann? Ki lavantaj malere a genyen nan konnen jan pou mache devan sila ki vivan yo?
這樣看來,智慧人比愚昧人有甚麼長處呢?窮人在眾人面前知道如何行,有甚麼長處呢?
9 Sa ke zye wè pi bon pase sa ke nanm dezire. Sa tou, se san rezon ak kouri dèyè van.
眼睛所看的比心裏妄想的倒好。這也是虛空,也是捕風。
10 Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li pa ka goumen ak sila ki pi fò pase l.
先前所有的,早已起了名,並知道何為人,他也不能與那比自己力大的相爭。
11 Paske, gen anpil pawòl ki ogmante vanite. Alò, se ki lavantaj pou yon nonm?
加增虛浮的事既多,這與人有甚麼益處呢?
12 Paske kilès ki konnen sa ki bon pou yon nonm pandan lavi li, pandan ti kras ane lavi li ki san rezon an? Li va pase yo tankou lonbraj. Paske se kilès ki ka di sa k ap rive apre li anba solèy la?
人一生虛度的日子,就如影兒經過,誰知道甚麼與他有益呢?誰能告訴他身後在日光之下有甚麼事呢?

< Eklezyas 6 >