< Deteronòm 15 >

1 “Nan fen chak sèt ane, nou va bay yon remisyon pou dèt yo.
At the end of every seven years, you shall cancel debts.
2 Se konsa remisyon an va ye: tout moun ki prete yon moun yo va bliye sa ke li te prete vwazen li an. Li pa pou egzije li a vwazen li ni frè li, akoz remisyon an te pwoklame.
This is the way it shall be done: every creditor shall release that which he has lent to his neighbor. He shall not require payment from his neighbor and his brother; because Adonai’s release has been proclaimed.
3 “A yon etranje, nou gen dwa egzije li; men nou va bliye nenpòt sa ki pou nou avèk frè nou.
Of a foreigner you may require it; but whatever of yours is with your brother, your hand shall release.
4 Sepandan, p ap gen malere pami nou, (akoz SENYÈ a va, anverite, beni nou nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm yon eritaj pou posede)
However there shall be no poor with you (for Adonai will surely bless you in the land which Adonai your God gives you for an inheritance to possess it)
5 si sèlman ou koute avèk obeyisans a vwa SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv avèk atansyon tout kòmandman sila ke mwen ap kòmande nou jodi a.
if only you sh'ma ·hear obey· sh'ma ·hear obey· Adonai your God’s voice, to observe to do all this mitzvot ·instructions· which I am enjoining to you today.
6 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou jan Li te pwomèt nou an. Nou va prete a anpil nasyon, men nou p ap prete nan men yo. Nou va domine sou anpil nasyon, men yo p ap domine sou nou.
For Adonai your God will bless you, as he promised you. You will lend to many nations, but you will not borrow. You will rule over many nations, but they will not rule over you.
7 “Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a.
If a poor man, one of your brothers, is with you within any of your gates in your land which Adonai your God gives you, you shall not harden your heart, nor shut your hand from your poor brother;
8 Men nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke.
but you shall surely open your hand to him, and shall surely lend him sufficient for his need, which he lacks.
9 “Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou.
Beware that there not be a base thought in your heart, saying, “The seventh year, the year of release, is at hand;” and your eye be evil against your poor brother, and you give him nothing; and he cry to Adonai against you, and it be sin to you.
10 Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.
You shall surely give, and your heart shall not be grieved when you give to him; because that for this thing Adonai your God will bless you in all your work, and in all that you put your hand to.
11 “Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’
For the poor will never cease out of the land. Therefore I enjoin you to surely open your hand to your brother, to your needy, and to your poor, in your land.
12 “Si moun peyi parèy nou yo, yon Ebre, gason oswa fanm, vann a nou menm, alò, li va sèvi nou pandan sis ane, men nan setyèm ane a, nou va ba li libète.
If your brother, a Hebrew [Immigrant] man, or a Hebrew woman, is sold to you, and serves you six years; then in the seventh year you shall let him go free from you.
13 Lè nou lage li, nou p ap voye li ale men vid.
When you let him go free from you, you shall not let him go empty.
14 Nou va byen founi li soti nan bann mouton an, rekòlt jaden ak nan sitèn diven an. Nou va ba li jan SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.
You shall furnish him liberally out of your flock, out of your threshing floor, and out of your wine press. As Adonai your God has blessed you, you shall give to him.
15 Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou. Pou sa, mwen kòmande nou sa, jodi a.
You shall remember that you were a slave in the land of Egypt [Abode of slavery], and Adonai your God redeemed you. Therefore I enjoin you this thing today.
16 “Li va vin rive ke si li di nou: “Mwen p ap sòti kite nou,” paske li renmen nou avèk tout lakay nou, akoz ke sa mache byen pou li avèk nou;
It shall be, if he tells you, “I will not go out from you,” because he 'ahav ·affectionately loves· you and your house, because he is well with you;
17 alò, nou va pran yon pik byen file pou pèse zòrèy li nèt antre nan poto pòt la, epi li va sèvitè nou nèt. Osi, nou va fè menm bagay la avèk sèvant yo.
then you shall take an awl, and thrust it through his ear to the door, and he shall be your servant forever. Also to your female servant you shall do likewise.
18 Li p ap sanble li difisil pou nou lè nou lage li, paske li te bannou sis ane nan doub sèvis yon anplwaye. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan nenpòt sa nou fè.
It shall not seem hard to you, when you let him go free from you; for he has been double value of a hired hand as he served you six years. Adonai your God will bless you in all that you do.
19 “Nou va konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, tout mal premye ne ki fèt nan twoupo oswa bann mouton nou yo. Nou p ap travay avèk premye ne nan twoupo nou, ni taye lenn nan premye ne nan bann mouton an.
You shall dedicate all the firstborn males that are born of your herd and of your flock to Adonai your God. You shall do no work with the firstborn of your herd, nor shear the firstborn of your flock.
20 Nou avèk tout lakay nou va manje li chak ane devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan kote ke SENYÈ a chwazi a.
You shall eat it before Adonai your God year by year in the place which Adonai shall choose, you and your household.
21 “Men si li gen yon defo, tankou bwate, avèg, oswa nenpòt gwo defo, nou pa pou fè sakrifis li bay SENYÈ a, Bondye nou an.
If it has any defect, is lame or blind, or has any defect whatever, you shall not sacrifice it to Adonai your God.
22 Nou va manje li anndan pòtay nou yo. Pa pwòp la avèk pwòp la menm jan an, tankou yon kabrit mawon oswa yon sèf.
You shall eat it within your gates. The unclean and the clean shall eat it alike, as the gazelle, and as the deer.
23 Sèlman, nou p ap bwè san li. Nou dwe vide li atè tankou dlo.
Only you shall not eat its blood. You shall pour it out on the ground like water.

< Deteronòm 15 >