< 3 Jan 1 >

1 Lansyen lan k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite. 2 Byeneme a, mwen priye nan tout aspe ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bon sante, menm jan ke nanm ou se an bon sante. 3 Paske mwen te tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwen a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a. 5 Byeneme, ou ap aji fidèlman nan tout sa ou achevi pou frè yo, soutou lè se moun ou pa rekonèt yo. 6 Yo pote temwen amou ou devan legliz la. Konsa, ou va fè byen pou voye yo sou wout yo nan yon jan ki gen merit devan Bondye. 7 Paske yo te sòti pou kòz a Non lan, san aksepte anyen nan men etranje yo. 8 Nou dwe bay soutyen a moun tankou sa yo, pou nou kapab ouvriye pare a yo nan laverite a. 9 Mwen te ekri yon bagay a legliz la, men Diotrèphe ki renmen premye pami tout, pa aksepte sa nou te pale. 10 Pou rezon sa, mwen va atire atansyon a zak sa yo ke li fè, lè l akize nou san jistis avèk pawòl yo ki mechan. Pa menm satisfè avèk sa li refize resevwa frè yo, epi li refize sa yo ki ta vle fè sa, epi mete yo deyò legliz la. 11 Zanmi mwen yo pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen se a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye. 12 Démétrius te resevwa yon bon temwen a tout moun, epi osi selon menm laverite a; epi nou mete temwen nou sou sa, epi ou konnen ke temwen nou se vrè. 13 Mwen te gen anpil bagay yo pou ekri nou, men mwen pa vle ekri yo avèk plim ak lank; 14 men mwen espere ke mwen va wè nou toutalè, epi nou va pale fas a fas. Lapè swat avèk nou. Zanmi yo salye nou. Salye zanmi yo pa pwòp non yo.

< 3 Jan 1 >