< 2 Samyèl 24 >

1 Alò, kòlè SENYÈ a te brile ankò kont Israël e li te pwovoke David kont yo pou di: “Ale konte moun Israël avèk Juda yo.”
Yon jou, Seyè a move sou pèp Izrayèl la ankò. Li fè David lakòz malè tonbe sou yo. Seyè a di David al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida.
2 Wa a te di a Joab, chèf lame ki te avèk li a: “Ale, koulye a, atravè tout tribi Israël yo, soti nan Dan jis rive Beer-Schéba e anrejistre pèp la pou m kab konnen nonb de moun yo.”
Wa a pale ak Joab, kòmandman an chèf lame a, ki te la avè l', li di l' konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bètcheba nan sid. Konte mezi moun ki nan pèp la. Mwen vle konnen konbe moun ki gen nan peyi a.
3 Men Joab te di a wa a: “Alò, ke SENYÈ a ta kapab ajoute san fwa anplis kantite moun ke yo ye a, pandan zye a mèt mwen an, wa a, kab toujou wè. Men poukisa mèt mwen an, wa a, twouve plezi nan bagay sila a?”
Men, Joab di wa a: -Monwa, mwen mande Seyè a, Bondye ou la, pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye koulye a, lèfini pou monwa ka viv lontan pou wè sa! Men, poukisa, monwa, ou vle konte konbe moun ki nan peyi a?
4 Men pawòl a wa a te pran plas kont Joab, e kont chèf lame yo. Pou sa, Joab avèk chèf lame yo te sòti nan prezans wa a pou anrejistre pèp Israël la.
Men, wa a pa t' soti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab ak lòt gwo chèf lame yo te blije soumèt yo. Yo soti devan wa a, yo pati, y' al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl la.
5 Yo te travèse Jourdain an pou te fè kan Aroër, sou bò dwat vil la ki nan mitan vale Gad la, ak vè Jaezer.
Yo travèse larivyè Jouden, y' al moute kan yo lavil Awoyè, nan mitan fon an, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Apre sa, yo pati pou Jazè bò nan nò.
6 Epi yo te vini Galaad, nan peyi Thachthim-Hodschi, yo te rive Danjaan ak kote Sidon an.
Y' al lavil Galarad, yo pase lavil Kadès nan pòsyon tè ki pou moun Et yo, jouk yo rive Dann. Yo mache nan tout zòn lan, apre sa y' ale lavil Sidon sou bò lwès.
7 Epi yo te rive nan fòterès Tyr la, nan tout vil a Evyen yo ak Kananeyen yo; epi yo te sòti nan sid Juda, nan Beer-Schéba.
Lèfini, yo desann nan direksyon sid, yo rive nan Fò Tir la, yo pase nan tout bouk moun Iva yo ak bouk moun Kanaran yo, yo rive Bècheba nan zòn Negèv nan peyi Jida a.
8 Konsa, lè yo te fin pase nan tout peyi a, yo te vini Jérusalem nan fen nèf mwa e ven jou.
Se konsa yo mache nan tout peyi a. Apre nèf mwa ven jou, yo tounen lavil Jerizalèm.
9 Epi Joab te bay nimewo anrejistreman pèp la bay wa a. Te gen an Israël, ui-san-mil mesye vanyan ki te kapab rale nepe e mesye nan Juda yo te senk-san-mil.
Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun antou ki te gen nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn witsanmil (800.000) gason ki ka fè lagè epi ki konn sèvi ak nepe nan peyi Izrayèl la ak senksanmil (500.000) nan peyi Jida a.
10 Koulye a, kè David te vin twouble lè li te fin konte pèp la. Konsa, David te di a SENYÈ a: “Mwen te fè gwo peche nan sa mwen te fè a. Men koulye a, O SENYÈ, souple retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te aji nan foli.”
Lè David fin fè konte konbe moun ki gen nan peyi a, konsyans li konmanse repwoche l'. Li di Seyè a: -Lè m' fè sa m' fè a, mwen fè yon gwo peche. Tanpri, Seyè, padonnen m', se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.
11 Lè David te leve nan maten, pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt Gad la, vwayan David la, e li te di:
Nan denmen maten, antan David ap leve sot nan kabann li,
12 “Ale pale avèk David: ‘Konsa SENYÈ a di: “Mwen ap ofri ou twa bagay; chwazi pou ou menm youn nan yo, pou m fè ou.”’”
Seyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l' konsa: -Al di David mwen ba li twa chatiman pou li menm li chwazi yonn ladan yo. Sa l'a chwazi a se sa m'a fè l'.
13 Konsa, Gad te rive kote David e li te di li: “Èske sèt ane gwo grangou va rive ou nan peyi ou? Oswa èske ou va sove ale pandan twa mwa devan lènmi ou yo pandan y ap kouri dèyè ou? Oswa èske va gen twa jou gwo epidemi nan peyi ou? Alò konsidere e wè ki repons mwen va pote bay Sila ki te voye mwen an.”
Gad vin jwenn li lakay li. Li fè l' konnen mesaj Seyè a te ba li a. Li di l' konsa: -Kisa ou vle? Sèt lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi ou, osinon twa jou epidemi nan tout peyi a. Al kalkile sou sa pou ou fè m' konnen ki repons pou m' pote bay moun ki voye m' lan.
14 Epi David te di a Gad: “Mwen nan gwo pwoblèm. Annou tonbe nan men a SENYÈ a, paske mizerikòd Li gran; men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”
David reponn: -Mwen nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a menm ki pini m', paske li gen bon kè.
15 Konsa, SENYÈ a te voye yon epidemi sou Israël jis rive nan maten nan lè chwazi a e swasann-di-mil moun nan pèp la soti Dan jis rive Beer-Schéba te mouri.
Se konsa Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la, li konmanse menm jou maten sa a pou twa jou, jan l' te di a. Depi lavil Dann nan nò rive lavil Bètcheba nan sid peyi a, swasanndimil (70.000) moun nan pèp Izrayèl la mouri.
16 Lè zanj lan te lonje men li vè Jérusalem pou detwi li, SENYÈ a te repanti de gwo malè a. Li te di a zanj ki te detwi pèp la: “Sa ase! Koulye a, lache men ou!” Epi zanj SENYÈ a te akote glasi a Aravna a, Jebizyen an.
Lè zanj Seyè a te prèt pou lonje men l' sou lavil Jerizalèm pou detwi l', Seyè a fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre gwo glasi Araounak, moun lavil Jebis la.
17 Konsa, David te pale a SENYÈ a lè li te wè zanj ki t ap frape pèp la. Li te di: “Gade byen, se mwen ki te peche a, se mwen ki te fè mal la. Men mouton sila yo, kisa yo te fè? Souple, kite men Ou vin kont mwen, ak kont lakay papa m.”
David wè zanj lan ki t'ap touye moun yo, li pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki koupab. Se mwen menm ki fè sa ki mal la. Kisa inonsan sa yo fè? Tanpri, se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini!
18 Konsa, Gad te rive kote David nan jou sa menm, e li te di li: “Ale monte, bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi Aravna a, Jebizyen an.”
Men, jou sa a pwofèt Gad al jwenn David, li di l' konsa: -Moute lakay Araounak, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan gwo glasi a.
19 David te monte pa pawòl a Gad la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande a.
David koute sa Gad te di l' la, li moute lakay Araounak jan Seyè a te ba li lòd la.
20 Aravna te gade anba e te wè wa a avèk sèvitè li yo ki t ap travèse bò kote li. Epi Aravna te parèt deyò e li te bese figi li jiska atè devan wa a.
Araounak t'ap gade, li wè wa a ki t'ap vin sou li ansanm ak chèf li yo. Li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè.
21 Alò, Aravna te di: “Poukisa mèt mwen, wa a, te vin kote sèvitè li a?” David te reponn: “Pou achte glasi a nan men ou, pou m kab bati yon lotèl bay SENYÈ a, pou epidemi an kab vin sispann sou pèp la.”
Li di l' konsa: -Monwa, sa ki mennen ou isit lakay mwen? David reponn li: -Mwen vin achte anplasman glasi a pou m' bati yon lotèl pou Seyè a, konsa epidemi an va sispann nan peyi a.
22 Aravna te di a David: “Kite mèt mwen an, wa a, pran sa li wè ki bon nan zye li, e ofri li. Gade, men bèf pou ofrann brile a, bwa kabwèt yo avèk jouk bèf yo pou bwa dife a.
Araounak di l' konsa: -Monwa, ou mèt pran l'. Ofri Seyè a sa ou vle. Men bèf sa yo pou ou boule nèt tankou yon ofrann sou lotèl la. Men jouk yo ak bwa kabwa yo pou fè dife.
23 Tout bagay, O wa, Aravna ap bay wa a.” Epi Aravna te di a wa a: “Ke SENYÈ a, Bondye ou a, kapab kontan avèk ou.”
Araounak bay wa a tout bagay sa yo. Lèfini, li di: -Mwen mande Bondye pou l' asepte ofrann ou an!
24 Sepandan, wa a te di a Aravna: “Non, men mwen va, anverite, achte li pou yon pri. Paske mwen p ap ofri ofrann brile bay SENYÈ a, Bondye mwen an ki pa koute m anyen.” Konsa, David te achte glasi a avèk bèf yo pou senkant sik ajan.
Men wa a reponn li, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye pou yo. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan.
25 David te bati la yon lotèl bay SENYÈ a e li te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Konsa, SENYÈ a te kontan akoz lapriyè pou peyi a, e epidemi an te vin sispann an Israël.
Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann pou boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Seyè a tande lapriyè yo pou peyi a. Epidemi an sispann nan peyi Izrayèl la.

< 2 Samyèl 24 >