< 2 Samyèl 23 >

1 Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo. David, fis a Jesse a deklare, Mesye ki te leve anwo a deklare, Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la, Chantè dous Israël la,
Voici les dernières paroles de David: Oracle de David, fils d'Isaï, oracle de l'homme haut placé, de l'oint du Dieu de Jacob, de l'aimable chantre d'Israël.
2 Nan mwen, Lespri SENYÈ a te pale, Pawòl pa Li te sou lang mwen.
L'Esprit de Yahweh a parlé par moi, et sa parole est sur ma langue.
3 Bondye a Israël la te di, Wòch Israël la te pale mwen, Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a, ki renye avèk lakrent Bondye yo,
Le Dieu d'Israël a parlé, le Rocher d'Israël a parlé: Un juste dominant sur les hommes, dominant dans la crainte de Dieu!...
4 Se tankou limyè maten lè solèy la leve, Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.
C'est comme la lumière du matin, quand se lève le soleil, un matin sans nuages! Par ses rayons, après la pluie, l'herbe sort de terre.
5 Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye? Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m, An lòd nan tout bagay e byen solid. Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen, èske, anverite, Li p ap fè l grandi?
N'en est-il pas ainsi de ma maison avec Dieu? Car il a fait avec moi une alliance éternelle, de tous points bien ordonnée et gardée; oui, il fera germer tout mon salut et tout son bon plaisir.
6 Men sanzave yo, yo chak va pouse jete deyò tankou raje pikan. Konsa, pèsòn p ap kab pran yo an men.
Mais les gens de Bélial sont tous comme des épines que l'on rejette, on ne les prend pas avec la main;
7 Men nonm nan ki touche yo, dwe ame avèk fè ak shaf lans. Kèlkeswa, yo va vin brile nèt avèk dife, nan plas kote yo ye a.
l'homme qui y touche s'arme d'un fer ou d'un bois de lance, et on les consume par le feu sur place.
8 Sila yo se non a mesye vanyan ki te pou David yo: Joscheb-Basschébeth, Tachkemonit lan, youn nan ofisye prensipal yo. Avèk lans li ui-sant òm te mouri yon sèl kou yo.
Voici les noms des héros qui étaient au service de David: Jessbam, fils de Hachamoni, chef des officiers. Il brandit sa lance sur huit cents hommes, qu'il fit périr en une seule fois.
9 Apre li menm, se Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la. Li te youn nan twa gèrye ki te, ansanm ak David yo, ki te konfwonte Filisten ki te rasanble pou batay yo, lè lòt mesye Israël yo te fè bak yo.
Après lui, Eléazar, fils de Dodo, fils d'Ahohi. Il était parmi les trois vaillants qui étaient avec David, lorsqu'ils défièrent les Philistins qui étaient rassemblés là pour combattre,
10 Li te leve frape Filisten yo jiskaske men li te fatige e te kole a nepe a. Konsa, SENYÈ a te fè parèt yon gran viktwa nan jou sa a. Pèp la te swiv li sèlman pou piyaje mò yo.
tandis que les hommes d'Israël remontaient. Il se leva et frappa les Philistins jusqu'à ce que sa main fut lasse, et que sa main adhérât à l'épée. Yahweh opéra une grande délivrance en ce jour-là, et le peuple revint à la suite d'Eléazar, mais seulement pour ramasser les dépouilles.
11 Alò, apre li se te Schamma, fis Agué a, yon Ararit. Filisten yo te rasanble nan yon ekip kote yon moso tè te plen avèk pwa lantiy e pèp la te kouri devan Filisten yo.
Après lui, Semma, fils d'Agé, le Hararite. Les Philistins s'étaient rassemblés en une seule troupe; il y avait là une pièce de terre pleine de lentilles, et le peuple fuyait devant les Philistins.
12 Men li te kanpe pran pozisyon li nan mitan chan an pou defann tè a. Li te frape Filisten yo; epi SENYÈ a te fè vini yon gran viktwa.
Semma se plaça au milieu du champ, le défendit et battit les Philistins. Et Yahweh opéra une grande délivrance.
13 Alò, twa nan trant mesye pifò yo te desann kote David nan tan rekòlt la kote kavèn Adullam nan pandan ekip Filisten an t ap fè kan nan vale Rephaïm nan.
Trois d'entre les trente capitaines descendirent et vinrent, au temps de la moisson, auprès de David, à la caverne d'Odollam, tandis qu'une troupe de Philistins était campée dans la vallée des Réphaïm.
14 Nan tan sa a, David te la nan fò a, pandan ganizon Filisten an te Bethléhem.
David était alors dans la forteresse, et il y avait un poste de Philistins à Bethléem.
15 David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!”
David eut un désir, et il dit: « Qui me fera boire de l'eau de la citerne qui est à la porte de Bethléem? »
16 Konsa, twa mesye vanyan sa yo te pete antre nan kan Filisten yo. Yo te rale dlo nan pwi Bethléhem ki te akote pòtay la, e yo te pote li bay David. Malgre sa, li te refize bwè l, men li te vide li bay SENYÈ a.
Aussitôt les trois braves, passant au travers du camp des Philistins, puisèrent de l'eau de la citerne qui est à la porte de Bethléem. Ils la prirent et l'apportèrent à David; mais il ne voulut pas la boire, et il en fit une libation à Yahweh,
17 Konsa, li te di: “Lwen de mwen O SENYÈ! Èske m ta bwè san a mesye ki te mete lavi yo nan gwo danje a?” Pou sa, li pa t bwè li. Se zèv sila yo ke twa mesye vanyan sa yo te fè.
en disant: « Loin de moi, ô Yahweh, de faire cela! N'est-ce pas le sang de ces hommes qui sont allés au péril de leur vie? » Et il ne voulut pas la boire. Voilà ce que firent ces trois braves.
18 Abischaï, frè a Joab la, fis a Tseruja a, te chèf a trant yo. Li te voye lans li kont twa san moun, li te touye yo, e li te gen yon non ki vin rekonèt menm jan ak twa yo.
Abisaï, frère de Joab, fils de Sarvia, était aussi chef des officiers. Il brandit sa lance contre trois cents hommes et les tua, et il eut du renom parmi les trois.
19 Li te pi onore pami trant yo. Konsa, li te devni chèf yo. Malgre sa, li pa t rive nan nivo a twa yo.
Il était le plus considéré d'entre les trois, et il fut leur chef; mais il n'égala pas les trois premiers.
20 Alò, Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye vanyan nan Kabtséel, ki te fè zak byen fò, li te touye de fis a Ariel yo nan Moab. Anplis, li te desann e te touye yon lyon nan mitan a yon fòs yon jou pandan lanèj t ap tonbe.
Banaïas, fils de Joïadas, fils d'un homme vaillant et riche en exploits, de Cabséel. Il frappa les deux ariels de Moab. Il descendit et frappa le lion au milieu de la citerne un jour de neige.
21 Li te touye yon Ejipsyen, yon mesye mèvèy. Alò, Ejipsyen an te gen yon lans nan men li, men li te desann kote li avèk yon gwo baton e li te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans li an.
Il frappa un Egyptien d'un aspect redoutable; et dans la main de l'Egyptien il y avait une lance. Il descendit vers lui avec un bâton, et il arracha la lance de la main de l'Egyptien et le frappa de sa propre lance.
22 Bagay sa yo, Benaja, fis a Jehojada a te fè e non l te gen repitasyon menm jan ak twa mesye vanyan yo.
Voilà ce que fit Banaïas, fils de Joïadas, et il eut du renom parmi les trois vaillants.
23 Li te onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa yo. Epi David te plase li kòm chèf sou gad li.
Il était plus considéré que les trente, mais il n'égala pas les trois. David le fit membre de son conseil.
24 Asaël, frè a Joab la te pami trant yo; Elchanan, fis a Dodo a Bethléhem,
Asaël, frère de Joab, était des trente; Elchanan, fils de Dodo, de Bethléem;
25 Schamma, Awodit la, Élika, Awodit la,
Semma, de Harod; Elica, de Harod;
26 Hélets, Peletyen an, Ira, fis a Ikkesch la, Tekoyit la,
Hélès de Phalti; Hira, fils d'Accès, de Thécué;
27 Abiézer, Anatotyen an, Mebunnaï, Oushatyen an,
Abiéser, d'Anathoth; Mobonnaï, le Husatite;
28 Tsalmon, Achoachit la, Marahaï, Netofayit la.
Selmon, l'Ahohite; Maharaï, de Nétopha;
29 Héleb, fis a Baana a, Netofayit la, Ittaï, fis a Rabaï a nan Guibea, fis a Benjamin yo,
Héled, fils de Baana, de Nétopha; Ethaï, fils de Ribaï, de Gabaa des fils de Benjamin;
30 Benaja, a Pirathon, Hiddaï a Nachalé-Gaasch.
Banaïa, de Pharaton; Heddaï, des vallées de Gaas;
31 Abi-Albon, Abatyen an, Azmaveth, Bakoumit lan,
Abi-Albon, d'Araba; Azmaveth, de Bérom;
32 Eliachba, Shaalbonit lan, Bené-Jaschen avèk Jonathan,
Eliaba, de Salabon; Benê-Yassen; Jonathan;
33 Schamma a Harar, Achaim, fis a Scharar a, Araryen an,
Semma, le Hararite; Ahiam, fils de Sarar, le Haradite;
34 Éliphéleth, fis a Achasbaï a, fis a Maakatyen an, Éliam, fis a Achitophel la nan Guillo Éliphéleth, fis a Achasbaï a nan Guillo.
Eliphélet, fils d'Aasbaï, fils d'un Machatien; Eliam, fils d'Achitophel, de Gilo;
35 Hetsraï a Carmel. Paaraï, Arab la.
Hesraï, de Carmel; Pharaï, d'Arbi;
36 Jijueal, fis a Nathan an nan Tsoba, Bani a Gad,
Igaal, fils de Nathan, de Soba; Bonni de Gad;
37 Tsélek, Amonit lan, Naharaï nan Beéroth la, pòtè zam a Joab yo, fis a Tsuerja a.
Sélec, l'Ammonite; Naharaï, de Béroth, écuyer de Joab, fils de Sarvia;
38 Ira a Jéther.
Ira, de Jéther; Gareb, de Jéther;
39 Urie, Etyen an: an total, trann-sèt òm.
Urie, le Héthéen. En tout trente-sept.

< 2 Samyèl 23 >