< 2 Samyèl 18 >

1 Alò, David te konte moun ki te avèk li yo e te plase sou yo chèf dè milye e chèf dè santèn. 2 David te voye moun yo deyò, yon tyè anba lòd Joab, yon tyè anba lòd Abischaï, fis a Tseruja a, frè Joab la ak yon tyè anba lòd Ittaï, Gatyen an. Epi wa a te di a moun yo: “Mwen menm va anverite, sòti avèk nou tou.” 3 Men moun yo te di: “Ou pa dwe sòti; paske si nou vrèman sove ale, yo p ap okipe nou; menm si mwatye ta mouri, yo p ap okipe nou. Men valè pa w vo di-mil a nou menm; pou rezon sa a, li pi bon pou ede nou soti nan vil la.” 4 Alò wa a te di yo: “Nenpòt sa ki sanble bon a nou menm, se sa m ap fè.” Pou sa, wa a te kanpe akote pòtay la e tout moun yo te sòti pa santèn e pa milye. 5 Wa a te bay lòd a Joab avèk Abischaï avèk Ittaï e te di: “Pou koz mwen, aji dousman avèk jennonm nan, Absalom.” Epi tout moun yo te tande lè wa a te pase lòd a tout chèf yo sou Absalom an. 6 Alò, moun yo te antre nan chan kont Israël e batay la te fèt nan forè Ephraïm nan. 7 Moun Israël yo te bat la devan sèvitè a David yo e masak la te byen gwo, ven-mil òm. 8 Paske batay la te gaye sou tout teritwa peyi a e forè a te devore plis moun nan jou sa a ke nepe ta devore. 9 Alò, Absalom te vin rankontre sèvitè a David yo. Paske Absalom te monte sou milèt li e milèt la te antre anba gwo branch a yon gwo bwadchenn. Epi tèt li te kole rèd nan chenn nan e li te vin kwoke antre syèl avèk tè a, pandan milèt la anba li t ap kontinye ale. 10 Lè yon sèten mesye te wè sa, li te pale Joab, e te di: “Gade byen, mwen te wè Absalom pandye nan yon gwo bwadchenn.” 11 Epi Joab te di a mesye ki te di sa a: “Gade, ou te wè l? Poukisa konsa ou pa t frape li la pou l tonbe atè? Konsa, mwen ta ba ou dis pyès ajan avèk yon senti.” 12 Mesye a te di Joab: “Menm si mwen ta resevwa mil pyès ajan nan men m, mwen pa t ap lonje men m kont fis a wa a; paske nan tande nou, wa a te kòmande ou avèk Abischaï ak Ittaï, e te di: ‘Pwoteje pou mwen jennonm nan, Absalom!’ 13 Otreman, si m te aji nan mechanste kont lavi li (e nanpwen anyen ki kache a wa a), alò, ou menm ta kanpe lwen de sa.” 14 Joab te di: “Mwen p ap gaspiye tan avè w isit la.” Konsa, li te pran twa frenn nan men l e li te frennen fè yo pase sou kè Absalom pandan li te toujou vivan nan mitan bwadchenn nan. 15 Epi dis jennonm ki te pote zam pou Joab yo te antoure li, yo te frape Absalom e te touye li. 16 Alò, Joab te soufle twonpèt la e moun yo te retounen soti kouri dèyè Israël, paske Joab te ralanti moun yo. 17 Yo te pran Absalom, yo te jete li nan yon gwo twou vid nan mitan forè a e te monte sou li yon gwo pil wòch. Epi tout Israël te sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo. 18 Alò, Absalom, pandan lavi li te fè monte pou li menm yon gwo pilye ki nan Vale a Wa a, paske li te di: “Mwen pa gen fis pou prezève non mwen.” Konsa, li te rele pilye a pa non li e li rele Moniman Absalom jis rive jodi a. 19 Alò, Achimaats, fis a Tsadok la te di: “Souple, kite mwen kouri pote nouvèl la bay wa a ke SENYÈ a gen tan delivre li anba men lènmi li yo.” 20 Men Joab te di li: “Ou menm se pa nonm ki pou pote nouvèl la nan jou sa a, malgre ke ou va pote li yon lòt jou, men ou p ap pote li jodi a, paske fis a wa a mouri.” 21 Alò, Joab te di a Etyopyen an: “Ale, pale wa a sa ou te wè a.” Konsa, Etyopyen an te bese devan Joab e te kouri ale. 22 Alò, Achimaats, fis a Tsadok la te di yon lòt fwa a Joab: “Malgre nenpòt sa ki rive, kite mwen tou kouri dèyè Etyopyen an.” Epi Joab te di: “Poukisa ou ta kouri, fis mwen, kòmsi ou p ap twouve rekonpans pou ale a?” 23 “Malgre sa ki rive”, li te di: “Mwen va kouri”. Epi Achimaats te kouri nan wout plèn nan e te vin depase Etyopyen an. 24 Alò, David te chita antre de pòtay yo; epi gadyen an te monte sou twati pòtay sou mi an. Li te leve zye li e te gade. Men vwala, yon nonm ki t ap kouri li sèl a li menm. 25 Gadyen an te kouri pale wa a. Epi wa a te di: “Si se sèl li menm k ap vini, se bòn nouvèl nan bouch li.” Epi li te pwoche pi pre e pi pre toujou. 26 Apre sa, gadyen an te wè yon lòt moun ki t ap kouri; epi gadyen an te rele gadyen pòtay la e te di: “Gade byen, gen yon lòt moun k ap kouri pou kont li.” Epi wa a te di: “Sila a tou ap pote bòn nouvèl.” 27 Gadyen an te di: “Mwen kwè ke kouri a premye a sanble kouri a Achimaats, fis a Tsadok la.” Epi wa a te di: “Sa se yon bon mesye e li pote bòn nouvèl.” 28 Achimaats te rele e te di a wa a: “Tout bagay sòti byen.” Epi li te bese figi atè devan wa a, e li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te livre bay mesye ki te leve men kont mèt mwen an, wa a.” 29 Wa a te di: “Èske tout bagay byen avèk jennonm nan, Absalom?” Epi Achimaats te reponn: “Lè Joab te voye sèvitè a wa a, sèvitè ou menm nan, mwen te wè yon gwo zen; men mwen pa t konnen kisa.” 30 Epi wa a te di: “Mete ou akote e kanpe la.” Konsa, li te mete li akote e te kanpe tann la. 31 Gade byen, Etyopyen an te rive e Etyopyen an te di: “Kite mèt mwen an, wa a resevwa bòn nouvèl; paske SENYÈ a te delivre ou nan jou sa a soti nan men a tout sila ki te leve kont ou yo.” 32 Alò, wa a te di a Etyopyen an: “Èske sa byen avèk jennonm nan, Absalom?” Epi Etyopyen an te reponn: “Kite lènmi a mèt mwen yo, wa a, ak tout moun ki leve kont ou pou mal yo, devni tankou jennonm sila a!” 33 Wa a te sezi avèk emosyon e te monte nan chanm nan sou pòtay la pou te kriye. Epi konsa li te di pandan li t ap mache: “O fis mwen Absalom, fis mwen, fis mwen Absalom! Pito se te mwen ki te mouri olye de ou menm, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”

< 2 Samyèl 18 >