< 2 Samyèl 17 >

1 Anplis, Achitophel te di a Absalom: “Souple, kite mwen chwazi douz-mil òm pou m kab leve kouri dèyè David aswè a menm.
Moreover Ahithophel said unto Absalom, Let me now choose out twelve thousand men, and I will arise and pursue after David this night:
2 Mwen va vini sou li pandan li fatige e bouke e fè l vin sezi pou tout moun ki avèk li yo kouri ale. Konsa, se sèl wa a mwen va frape touye,
and I will come upon him while he is weary and weak handed, and will make him afraid: and all the people that are with him shall flee; and I will smite the king only:
3 epi mwen va fè retounen tout moun yo a ou menm. Retou a tout moun yo depann de nonm ou chache a; answit, tout pèp la va anpè.”
and I will bring back all the people unto thee: the man whom thou seekest is as if all returned: [so] all the people shall be in peace.
4 Konsa, plan an te fè Absalom avèk tout ansyen Israël yo kontan.
And the saying pleased Absalom well, and all the elders of Israel.
5 Alò, Absalom te di: “Alò, rele Huschaï, Akyen an tou e annou tande sa ke li gen pou di.”
Then said Absalom, Call now Hushai the Archite also, and let us hear likewise what he saith.
6 Lè Huschaï te rive a Absalom, Absalom te di li: “Achitophel te pale konsa. Èske nou dwe fè plan pa li a? Si se pa sa, pale.”
And when Hushai was come to Absalom, Absalom spake unto him, saying, Ahithophel hath spoken after this manner: shall we do [after] his saying? if not, speak thou.
7 Konsa, Huschaï te di a Absalom: “Fwa sa a, konsèy ke Achitophel te bay la, pa bon.”
And Hushai said unto Absalom, The counsel that Ahithophel hath given this time is not good.
8 Anplis, Huschaï te di: “Ou konnen papa ou avèk mesye pa li yo se mesye plen kouraj e fewòs, tankou yon lous ki pèdi pitit li nan chan. Epi papa ou gen gwo eksperyans lagè e li p ap pase nwit lan avèk pèp la.
Hushai said moreover, Thou knowest thy father and his men, that they be mighty men, and they be chafed in their minds, as a bear robbed of her whelps in the field: and thy father is a man of war, and will not lodge with the people.
9 Gade byen, depi koulye a, li gen tan kache nan youn nan kavèn yo oswa nan yon lòt plas; epi li va rive ke lè li tonbe sou yo nan premye atak la, ke nenpòt moun ki tande va di: ‘Gen yon masak ki fèt pami moun ki swiv Absalom yo.’
Behold, he is hid now in some pit, or in some [other] place: and it will come to pass, when some of them be fallen at the first, that whosoever heareth it will say, There is a slaughter among the people that follow Absalom.
10 Epi menm sila ki gen gwo kouraj yo, ki gen kè tankou kè a lyon yo, va vin pèdi kouraj nèt; paske tout Israël konnen ke papa ou se yon nonm pwisan e sila ki avèk li yo se mesye vanyan.
And even he that is valiant, whose heart is as the heart of a lion, shall utterly melt: for all Israel knoweth that thy father is a mighty man, and they which be with him are valiant men.
11 Men konsèy pa m se ke tout Israël vin, anverite, rasanble bò kote ou, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, tankou sab bò lanmè an gran kantite, e ke ou menm, pèsonèlman antre nan batay la.
But I counsel that all Israel be gathered together unto thee, from Dan even to Beer-sheba, as the sand that is by the sea for multitude; and that thou go to battle in thine own person.
12 Konsa, nou va vini sou li nan plas kote li kapab twouve yo, nou va tonbe sou li tankou lawouze tonbe atè; epi konsènan li avèk tout mesye ki avèk li yo, p ap gen menm youn ki rete.
So shall we come upon him in some place where he shall be found, and we will light upon him as the dew falleth on the ground: and of him and of all the men that are with him we will not leave so much as one.
13 Si li retire li nan yon vil, alò, tout Israël va mennen kòd kote vil sila a e yo va rale li nèt antre nan vale a jis nanpwen yon ti wòch ki rete.”
Moreover, if he be gotten into a city, then shall all Israel bring ropes to that city, and we will draw it into the river, until there be not one small stone found there.
14 Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom.
And Absalom and all the men of Israel said, The counsel of Hushai the Archite is better than the counsel of Ahithophel. For the LORD had ordained to defeat the good counsel of Ahithophel, to the intent that the LORD might bring evil upon Absalom.
15 Epi Huschaï te di a Tsadok avèk Abiathar, prèt yo: “Sa se konsèy sa a ke Achitophel te bay Absalom avèk ansyen a Israël yo e se sa ke mwen te konseye.
Then said Hushai unto Zadok and to Abiathar the priests. Thus and thus did Ahithophel counsel Absalom and the elders of Israel; and thus and thus have I counselled.
16 Alò, pou sa, voye vit pale David e di: ‘Pa pase nwit lan kote ki pou janbe dlo rive nan dezè a, men fè sèten ke nou janbe, oswa wa a avèk tout moun ki avèk li yo va vin detwi.’”
Now therefore send quickly, and tell David, saying, Lodge not this night at the fords of the wilderness, but in any wise pass over; lest the king be swallowed up, and all the people that are with him.
17 Alò, Jonathan avèk Achimaats te rete En-Rougel. Yon sèvant te gen pou ale pale yo pou yo ta ale avèti Wa David, paske yo pa t kapab kite moun wè yo antre nan vil la.
Now Jonathan and Ahimaaz stayed by En-rogel; and a maidservant used to go and tell them; and they went and told king David: for they might not be seen to come into the city.
18 Men yon gason te wè yo kanmenm e te di Absalom. Pou sa, yo te pati vit rive lakay a yon mesye Bachurim ki te gen yon pwi nan lakou a, e yo te desann antre ladann.
But a lad saw them, and told Absalom: and they went both of them away quickly, and came to the house of a man in Bahurim, who had a well in his court; and they went down thither.
19 Konsa, fanm nan te pran yon kouvèti. Li te ouvri li sou bouch pwi a, e li te gaye sereyal sou li jiskaske yo pa t konnen anyen.
And the woman took and spread the covering over the well’s mouth, and strewed bruised corn thereon; and nothing was known.
20 Alò, sèvitè a Absalom yo te vin kote fanm nan lakay li e te di: “Kote Achimaats avèk Jonathan?” Epi fanm nan te di yo: “Yo fin janbe dlo a.” Konsa, lè yo te chache e pa t kab jwenn yo, yo te retounen Jérusalem.
And Absalom’s servants came to the woman to the house; and they said, Where are Ahimaaz and Jonathan? And the woman said unto them, They be gone over the brook of water. And when they had sought and could not find them, they returned to Jerusalem.
21 Li te vin rive lè yo te fin ale ke yo te monte sòti nan pwi a, yo te ale pale Wa David e yo te di David: “Leve, travèse dlo a byen vit paske Achitophel te bay konsèy kont ou.”
And it came to pass, after they were departed, that they came up out of the well, and went and told king David; and they said unto David, Arise ye, and pass quickly over the water: for thus hath Ahithophel counselled against you.
22 Alò, David avèk tout moun ki te avèk li yo te leve janbe Jourdain an. Lè solèy te vin leve, pa t gen youn ki rete ki pa t janbe Jourdain an.
Then David arose, and all the people that were with him, and they passed over Jordan: by the morning light there lacked not one of them that was not gone over Jordan.
23 Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.
And when Ahithophel saw that his counsel was not followed, he saddled his ass, and arose, and gat him home, unto his city, and set his house in order, and hanged himself; and he died, and was buried in the sepulchre of his father.
24 Alò, David te rive Mahanaïm. Epi Absalom te travèse Jourdain an, li menm avèk tout mesye Israël yo avèk yo.
Then David came to Mahanaim. And Absalom passed over Jordan, he and all the men of Israel with him.
25 Absalom te mete Amasa sou tèt lame a nan plas Joab. Alò Amasa te fis a yon mesye ki te rele Jithra, Izrayelit la, ki te antre nan Abigail, fi a Nachasch, sè a Tseruja a, manman a Joab.
And Absalom set Amasa over the host instead of Joab. Now Amasa was the son of a man, whose name was Ithra the Israelite, that went in to Abigal the daughter of Nahash, sister to Zeruiah Joab’s mother.
26 Epi Israël avèk Absalom te fè kan nan peyi Galaad la.
And Israel and Absalom pitched in the land of Gilead.
27 Alò, lè David te vini Mahanaïm, Schobi, fis a Nachasch ki sòti Rabba a, a fis Ammon yo, Makir, fis a Ammiel Lodebar a ak Barzillaï, Galaadit Roguelim nan,
And it came to pass, when David was come to Mahanaim, that Shobi the son of Nahash of Rabbah of the children of Ammon, and Machir the son of Ammiel of Lo-debar, and Barzillai the Gileadite of Rogelim,
28 te pote kabann yo, basen yo, po kanari yo, ble, lòj, farin, sereyal boukannen, pwa, pwa lantiy, avèk grenn boukannen,
brought beds, and basons, and earthen vessels, and wheat, and barley, and meal, and parched [corn], and beans, and lentils, and parched [pulse],
29 siwo myèl, bòl lèt, mouton ak fwomaj ki sòti nan twoupo a, pou David ak moun ki te avèk li yo ta manje. Paske yo te di: “Pèp la grangou, fatige e swaf nan dezè a.”
and honey, and butter, and sheep, and cheese of kine, for David, and for the people that were with him, to eat: for they said, The people is hungry, and weary, and thirsty, in the wilderness.

< 2 Samyèl 17 >