< 2 Wa 21 >

1 Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a e li te renye senkann-senk ane Jérusalem. Manman li te rele Hephtsiba.
Manasseh was twelve years old when he began to reign; and he reigned fifty-five years in Jerusalem: and his mother's name was Hephzibah.
2 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te rache devan fis Israël yo.
He did that which was evil in the sight of the LORD, after the abominations of the nations whom the LORD cast out before the children of Israel.
3 Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo, epi li te monte lotèl pou Baal yo, e li te fè yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te fè pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo.
For he built again the high places which Hezekiah his father had destroyed; and he reared up altars for Baal, and made an Asherah, as did Ahab king of Israel, and worshiped all the host of heaven, and served them.
4 Li te bati lotèl lakay SENYÈ a, sou sila SENYÈ a te di: “Nan Jérusalem, Mwen va mete non Mwen.”
He built altars in the house of the LORD, of which the LORD said, "I will put my name in Jerusalem."
5 Li te bati lotèl pou tout lame syèl la nan de lakou lakay SENYÈ a.
He built altars for all the host of heaven in the two courts of the house of the LORD.
6 Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.
He made his son to pass through the fire, and practiced sorcery, and practiced divination, and consulted mediums, and spiritists: he worked much evil in the sight of the LORD, to provoke him to anger.
7 Anplis, li te plase imaj a Astarté ke li te fè a, nan kay ke SENYÈ a te di a David avèk fis li a, Salomon: “Nan kay sila a ak Jérusalem nan, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan.
He set the engraved image of Asherah, that he had made, in the house of which the LORD said to David and to Solomon his son, "In this house, and in Jerusalem, which I have chosen out of all the tribes of Israel, will I put my name forever;
8 Epi mwen p ap fè pye Israël mache egare ankò deyò peyi ke m te bay a zansèt yo a, si sèlman, yo va obsève pou fè selon tout sa ke M te kòmande yo, selon tout lalwa ke sèvitè Mwen an, Moïse te kòmande yo.”
neither will I cause the feet of Israel to wander any more out of the land which I gave their fathers, if only they will observe to do according to all that I have commanded them, and according to all the law that my servant Moses commanded them."
9 Men yo pa t koute e Manassé te sedwi yo pou fè mal plis ke nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.
But they did not listen: and Manasseh seduced them to do that which is evil more than the nations did whom the LORD destroyed before the children of Israel.
10 Alò, SENYÈ a te pale pa sèvitè yo, pwofèt yo, e te di:
The LORD spoke by his servants the prophets, saying,
11 “Akoz Manassé, wa Juda a, te fè abominasyon sila yo, e te fè plis mechanste pase tout Amoreyen ki te avan li yo, e anplis, li te fè Juda peche avèk zidòl pa li yo;
"Because Manasseh king of Judah has done these abominations, and has done wickedly above all that the Amorites did, who were before him, and has made Judah also to sin with his idols;
12 pou sa, konsa pale SENYÈ, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen yon tèlman gwo twoub sou Jérusalem avèk Juda, pou nenpòt moun ki tande koz li, toude zòrèy li va sonnen avèk sezisman.
therefore thus says the LORD, the God of Israel, 'Look, I bring such disaster on Jerusalem and Judah, that whoever hears of it, both his ears shall tingle.
13 Mwen va fè lonje sou Jérusalem lizyè Samarie a, avèk fil aplon kay Achab la, e Mwen va siye Jérusalem jan yon moun ta siye yon plato. Konsa m ap siye li e vire li tèt anba.
I will stretch over Jerusalem the line of Samaria, and the plummet of the house of Ahab; and I will wipe Jerusalem as a man wipes a dish, wiping it and turning it upside down.
14 Mwen va abandone retay eritaj Mwen an e Mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va vin piyaje e depouye pa tout lènmi yo,
I will cast off the remnant of my inheritance, and deliver them into the hand of their enemies. They will become a prey and a spoil to all their enemies;
15 akoz yo te fè mal devan zye Mwen e te pwovoke Mwen a lakòlè soti jou ke zansèt pa yo te sòti an Égypte la, menm rive jodi a.’”
because they have done that which is evil in my sight, and have provoked me to anger, since the day their fathers came forth out of Egypt, even to this day.'"
16 Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt. Li te fè sa, anplis, peche pa li avèk sila li te fè Juda peche nan fè mal devan zye SENYÈ a.
Moreover Manasseh shed innocent blood very much, until he had filled Jerusalem from one end to another; besides his sin with which he made Judah to sin, in doing that which was evil in the sight of the LORD.
17 Alò, tout lòt zèv a Manassé yo avèk tout sa ke li te fè ak peche ke li te komèt yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
Now the rest of the acts of Manasseh, and all that he did, and his sin that he sinned, aren't they written in the book of the chronicles of the kings of Judah?
18 Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
Manasseh slept with his fathers, and was buried in the garden of his own house, in the garden of Uzza: and Amon his son reigned in his place.
19 Amon te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye dezan Jérusalem. Manman li te rele Meschullémeth, fi a Haruts la, nan Jotba.
Amon was twenty-two years old when he began to reign; and he reigned two years in Jerusalem: and his mother's name was Meshullemeth the daughter of Haruz of Jotbah.
20 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, jan Manassé, papa li te konn fè a.
He did that which was evil in the sight of the LORD, as Manasseh his father did.
21 Paske li te mache nan tout chemen ke papa li te konn mache yo, e li te sèvi zidòl ke papa li te konn sèvi, e te adore yo.
He walked in all the way that his father walked in, and served the idols that his father served, and worshiped them:
22 Konsa, li te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo, e li pa t mache nan chemen SENYÈ a.
and he forsook the LORD, the God of his fathers, and did not walk in the way of the LORD.
23 Sèvitè a Amon yo te fè konplo kont li e yo te touye wa a nan pwòp kay li.
The servants of Amon conspired against him, and put the king to death in his own house.
24 Alò, pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.
But the people of the land killed all those who had conspired against king Amon; and the people of the land made Josiah his son king in his place.
25 Alò, tout lòt zèv ke Amon te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
Now the rest of the acts of Amon which he did, aren't they written in the book of the chronicles of the kings of Judah?
26 Li te antere nan tonm pa li nan jaden Uzza a e Josias, fis li a, te devni Wa nan plas li.
He was buried in his tomb in the garden of Uzza: and Josiah his son reigned in his place.

< 2 Wa 21 >