< 2 Istwa 6 >

1 Epi Salomon te di: “SENYÈ a te di ke Li ta abite nan nwaj fonse a.
Tada reče Salomon: “Jahve odluči prebivati u tmastu oblaku,
2 Mwen te bati yon kay byen wo ak yon plas pou abitasyon pa W Jis pou tout tan.”
a ja ti sagradih uzvišen Dom da u njemu prebivaš zauvijek.”
3 Konsa, wa a te vire fas li pou te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble a te kanpe.
I, okrenuvši se, kralj blagoslovi sav izraelski zbor, a sav je izraelski zbor stajao.
4 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch Li a papa m, David, e ki te acheve sa avèk men Li, lè li te di:
Reče on: “Neka je blagoslovljen Jahve, Bog Izraelov, koji svojom rukom ispuni obećanje što ga na svoja usta dade ocu mome Davidu, rekavši:
5 ‘Depi jou ke M te mennen pèp Mwen an sòti nan peyi Égypte la, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou bati yon kay pou non Mwen ta kapab la, ni Mwen pa t chwazi yon moun kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël;
'Od dana kad izvedoh svoj narod iz egipatske zemlje nisam izabrao grada ni iz kojeg Izraelova plemena da se u njemu sagradi Dom gdje bi prebivalo moje Ime, niti sam izabrao ikoga da vlada nad mojim narodom izraelskim.
6 men Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’
Ali sam izabrao Jeruzalem da u njemu obitava moje Ime i odabrao Davida da zapovijeda mojem narodu izraelskom.'
7 Alò, li te nan kè a papa m, David, pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
Otac mi David naumi podići Dom Imenu Jahve, Boga Izraelova,
8 Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati kay pou non Mwen an, ou te fè byen lè sa te nan kè ou a.
ali mu Jahve reče: 'Naumio si podići Dom Imenu mojem, i dobro učini,
9 Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm, li va bati kay la pou non Mwen.’”
ali nećeš ti podići toga Doma, nego tvoj sin koji izađe iz tvoga krila; on će podići Dom Imenu mojem.'
10 “Koulye a, SENYÈ a gen tan fin akonpli pawòl ke Li te pale a. Paske mwen te monte nan plas a papa m David, pou chita sou twòn Israël la, jan SENYÈ a te pale a, e te bati kay la pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
Jahve ispuni obećanje svoje: naslijedio sam oca Davida i sjeo na prijestolje Izraelovo, kako obeća Jahve, podigao Dom Imenu Jahve, Boga Izraelova,
11 La, mwen te mete lach ki gen akò SENYÈ a ladann nan, akò ke Li te fè avèk fis Israël yo.”
i namjestio Kovčeg u kojem je Savez što ga Jahve sklopi sa sinovima Izraelovim.”
12 Konsa, li te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li.
Tada Salomon stupi, u nazočnosti svega zbora Izraelova, pred žrtvenik Jahvin i raširi ruke.
13 Alò, Salomon te fè yon etaj an bwonz, senk koude nan longè, senk koude nan lajè ak twa koude nan wotè e li te plase li nan mitan gran lakou a. Epi li te kanpe sou li, li te mete li ajenou nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li vè syèl la.
Salomon je, naime, bio napravio tučano podnožje, dugo pet lakata i široko pet lakata, a visoko tri lakta, i stavio ga nasred predvorja; stavši na nj, kleknuo je pred svim zborom Izraelovim i, raširivši ruke k nebu,
14 Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen dye tankou Ou nan syèl la ni sou tè a, k ap kenbe akò avèk lanmou dous avèk sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo;
rekao: “Jahve, Bože Izraelov! Nijedan ti bog nije sličan ni na nebesima ni na zemlji, tebi koji držiš Savez i ljubav svojim slugama što kroče pred tobom sa svim svojim srcem.
15 ki te kenbe pawòl avèk sèvitè Ou, David, papa m, nan sa ke Ou te pwomèt li a. Anverite, Ou te pale avèk bouch Ou, e Ou te akonpli li avèk men Ou, jan sa ye jodi a.
Sluzi svome Davidu, mojem ocu, ispunio si što si mu obećao. Što si obećao na svoja usta, ispunio si svojom rukom upravo danas.
16 “Pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, sa ke ou te pwomèt li a. Ou te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo fè atansyon nan chemen yo, pou mache nan lalwa pa Mwen, jan ou te mache devan M nan.’
Jahve, Bože Izraelov, sada ispuni svome sluzi, ocu mome Davidu, što si mu obećao kad si rekao: 'Neće ti preda mnom nestati nasljednika koji bi sjedio na izraelskom prijestolju, samo ako tvoji sinovi budu čuvali svoje putove hodeći po mojem zakonu kako si ti hodio preda mnom.'
17 Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kite pawòl Ou konfime nan sa Ou te pale a sèvitè Ou a, David.
Jahve, Bože Izraelov, neka se sada dakle ispuni obećanje koje si dao svome sluzi Davidu!
18 “Men èske Bondye va vrèman rete avèk lòm sou tè a? Gade byen, syèl la avèk pi wo syèl la pa kab kenbe Ou; bokou mwens, pou kay sa a ke m te konstwi a.
Ali zar će Bog doista boraviti s ljudima na zemlji? TÓa nebesa ni nebesa nad nebesima ne mogu ga obuhvatiti, a kamoli ovaj Dom što sam ga sagradio!
19 Malgre sa, prete atansyon a lapriyè a sèvitè Ou a, avèk sa li mande a, O SENYÈ Bondye mwen an, pou koute lè m kriye ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou;
Pomno počuj molitvu i vapaj svoga sluge, Jahve, Bože moj, te usliši prošnju i molitvu što je tvoj sluga k tebi upućuje!
20 pou zye Ou kapab ouvri vè kay sa a lajounen kon lannwit, vè plas sou sila Ou te di ke Ou ta mete non Ou la, pou koute lapriyè ke sèvitè Ou a va fè vè plas sa a.
Neka tvoje oči obdan i obnoć budu otvorene nad ovim Domom, nad ovim mjestom za koje reče da ćeš u nj smjestiti svoje Ime. Usliši molitvu koju će sluga tvoj izmoliti na ovome mjestu.
21 Koute a siplikasyon a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël, lè yo priye vè plas sa a; koute depi nan abitasyon Ou an, nan syèl la; e lè Ou koute, padone.
I usliši molitvu sluge svoga i naroda svojega izraelskog koju bude upravljao prema ovome mjestu. Usliši s mjesta gdje prebivaš, s nebesa, usliši i oprosti!
22 “Si yon nonm peche kont vwazen li, pou li oblije sèmante e li vin fè yon sèman devan lotèl Ou nan kay sila a,
Ako tko zgriješi protiv bližnjega i bude mu naređeno da se zakune i zakletva dođe pred tvoj žrtvenik u ovom Domu,
23 alò, tande soti nan syèl la e aji pou jije sèvitè Ou yo, avèk pinisyon pou mechan an k ap fè chemen pa li vin tonbe sou pwòp tèt li, epi pou rann jistis a sila ki dwat yo e ba li selon ladwati li.
ti je čuj s neba, postupaj i sudi svojim slugama, osudi krivca okrećući njegova nedjela na njegovu glavu, a nevina oslobodi postupajući s njime po nevinosti njegovoj.
24 “Si pèp Ou a ta vin bat devan yon lènmi akoz peche ke yo konn fè kont Ou, e yo retounen kote Ou pou konfese non Ou; si yo priye devan Ou e fè siplikasyon devan Ou nan kay sa a,
Ako narod tvoj poraze neprijatelji jer se ogriješio o tebe, ali se ipak k tebi obrati i proslavi Ime tvoje i u ovom se Domu pomoli i zavapije k tebi,
25 alò, koute soti nan syèl la, e padone peche a pèp Ou a, Israël. Mennen yo retounen nan peyi ke Ou te bay a yo menm avèk zansèt pa yo.
onda ti čuj to s neba, oprosti grijehe svojem narodu izraelskom i dovedi ga natrag u zemlju koju si dao njima i njihovim očevima.
26 “Lè syèl yo vin fèmen e nanpwen lapli akoz peche ke yo fè kont Ou, si yo fè lapriyè vè plas sa a e konfese non Ou, pou yo vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo;
Ako se zatvori nebo i ne padne kiša jer su se ogriješili o tebe, pa ti se pomole na ovom mjestu i proslave Ime tvoje i obrate se od svojega grijeha kad ih ti poniziš,
27 alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo selon bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, epi voye lapli sou tè ke Ou te bay a pèp Ou a kòm eritaj la.
tada čuj s neba i oprosti grijeh svojim slugama i svojem izraelskom narodu, pokazujući mu valjan put kojim će ići, i pusti kišu na zemlju koju si narodu svojem dao u baštinu.
28 “Si gen gwo grangou nan peyi a, si se gwo maladi, si gen gwo dega jaden ak bèt, oswa kanni, si gen krikèt oswa bèt volan, si lènmi yo fè syèj a yo menm nan teren vil yo, nenpòt toumant, nenpòt maladi,
Kad u zemlji zavlada glad, kuga, snijet i rđa, kad navale skakavci i gusjenice, kad neprijatelj ovoga naroda pritisne koja od njegovih vrata ili kad udari kakva druga nevolja ili boleština,
29 nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Ou a, Israël, chak moun ki konnen pwòp soufrans li ak pwòp doulè li e ki vin ouvri men li vè kay sila a,
počuj svaku molitvu, svaki vapaj od kojega god čovjeka ili od cijeloga tvoga naroda izraelskog; ako svaki osjeti bol u srcu i raširi ruke k ovom Domu,
30 nan lè sa a, koute depi nan syèl la, abitasyon pa Ou a, epi padone e bay a chak moun selon pwòp chemen li, kè a sila Ou konnen yo (paske Ou menm sèl konnen kè a fis a lòm yo),
usliši im molitvu i vapaj njihov u nebu gdje boraviš i oprosti i daj svakomu po njegovim putovima, jer ti poznaješ srce njegovo; jer ti jedini prozireš srca ljudi
31 pou yo ta kapab gen lakrent Ou, pou mache nan chemen Ou yo pou tout tan ke yo rete nan peyi ke Ou te bay a zansèt nou yo.
da te se boje idući tvojim putovima dokle god žive na zemlji što je ti dade našim očevima.
32 “Anplis, selon etranje ki pa sòti nan pèp Ou a, Israël, lè li sòti nan yon peyi lwen, akoz gran non pa Ou, avèk men pwisan Ou ak bwa Ou ki lonje byen ouvri a, lè yo vini fè lapriyè vè kay sila a,
Pa i tuđinca, koji nije od tvojega naroda izraelskog, nego je stigao iz daleke zemlje radi veličine tvoga Imena i radi tvoje snažne ruke i podignute mišice, ako dođe i pomoli se u ovom Domu,
33 alò, koute depi nan syèl la, depi abitasyon Ou a, e fè selon tout sa ke etranje sila a vin mande Ou, jis pou tout pèp sou latè yo kapab konnen non Ou e gen lakrent ou, jan pèp Israël Ou a konn fè a, pou yo kapab rekonèt ke kay sila ke m te bati a rele pa non Ou.
usliši s neba, gdje prebivaš, usliši sve vapaje njegove da bi svi zemaljski narodi upoznali Ime tvoje i bojali te se kao narod tvoj izraelski i da znaju da je tvoje Ime prizvano nad ovaj Dom koji sam sagradio.
34 “Lè pèp Ou a sòti pou batay kont lènmi yo, pa nenpòt chemen ke Ou ta voye yo, e yo priye a Ou menm vè vil sila ke Ou te chwazi ak kay ke m te bati pou non Ou a,
Kad narod tvoj krene na neprijatelja putem kojim ga ti uputiš i pomoli se tebi, okrenut gradu što si ga izabrao i prema Domu koji sam podigao tvome Imenu,
35 nan lè sa a, koute lapriyè yo soti nan syèl la avèk siplikasyon yo, e bay soutyen a koz pa yo.
usliši mu s neba molitvu i prošnju i učini mu pravdu.
36 “Lè yo fè peche kont Ou (paske nanpwen lòm ki pa peche), epi Ou fache avèk yo jis Ou livre yo a yon lènmi, e yo pran yo mete an kaptivite nan yon peyi lwen, oswa pre;
Kad ti sagriješe, jer nema čovjeka koji ne griješi, a ti ih, rasrdiv se na njih, predaš neprijateljima da ih zarobe i odvedu kao roblje u daleku ili blizu zemlju,
37 si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen an kaptivite a, repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi kaptivite yo a, e di: ‘Nou te peche, nou fè inikite e te aji avèk mechanste;’
pa ako se pokaju srcem u zemlji u koju budu dovedeni te se obrate i počnu te moliti za milost u zemlji svojih osvajača govoreći: 'Zgriješili smo'
38 si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo, avèk tout nanm yo soti nan peyi kaptivite yo a, kote yo te mennen yo an kaptivite a, e priye vè peyi yo a ke Ou te bay a zansèt yo, ak vil ke Ou te chwazi a, e vè kay ke m te bati pou non Ou a,
i tako se obrate tebi svim srcem i svom dušom u zemlji svoga ropstva u koju budu dovedeni kao roblje, i pomole se okrenuti k zemlji što je ti dade njihovim očevima i prema gradu koji si odabrao i prema Domu što sam ga podigao tvom Imenu,
39 alò, tande, depi nan syèl la, depi nan abitasyon pa Ou a, lapriyè pa yo, avèk siplikasyon pa yo, e bay soutyen a koz pa yo, epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou.
usliši s neba, gdje prebivaš, njihovu molbu i njihove prošnje, učini im pravdu i oprosti svome narodu što ti je zgriješio.
40 “Koulye a, O Bondye mwen, mwen priye, kite zye Ou louvri e zòrèy ou vin atantif a lapriyè sa a, ki fèt nan plas sa a.
Sada, Bože moj, neka tvoje oči budu otvorene i tvoje uši pažljive na molitve na ovom mjestu!
41 “Alò, pou sa, leve, O SENYÈ Bondye, a plas repo pa Ou a, Ou menm avèk lach pwisan pa Ou a. Kite prèt Ou yo, SENYÈ Bondye, abiye avèk sali, e kite fidèl Ou yo rejwi nan tout sa ki bon.
Pa sada ustani, o Bože Jahve, pođi k svojem počivalištu, ti i Kovčeg tvoje snage; neka se obuku u spasenje tvoji svećenici, o Bože Jahve, i vjerni tvoji neka se raduju u sreći!
42 “O SENYÈ Bondye, pa vire kite fas a onksyone pa Ou a. Sonje lanmou dous Ou vè sèvitè Ou a, David.”
Bože Jahve, ne odvrati lica od svog pomazanika, spomeni se milostÄi što ih dade sluzi svome Davidu!”

< 2 Istwa 6 >