< 2 Istwa 28 >

1 Achaz te gen laj a ventan lè l te devni wa e li te renye sèzan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, jan David, papa zansèt li a, te konn fè a,
Akaza var tyve År gammel da han blev Konge, og han herskede seksten År i Jerusalem. Han gjorde ikke, hvad der var ret i HERRENs Øjne, som hans Fader David,
2 men li te mache nan chemen a wa Israël yo. Anplis, li te fè imaj fonn pou Baal yo.
men vandrede i Israels Kongers Spor Ja, han lod lave støbte Billeder til Ba'alerne;
3 Li te brile lansan nan vale Ben-Hinnon e li te brile fis li yo nan dife, selon abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.
han tændte selv Offerild i Hinnoms Søns Dal og lod sine Sønner gå igennem Ilden efter de Folks vederstyggelige Skik, som HERREN havde drevet bort foran Israeliterne.
4 Li te fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo, sou ti mòn yo e anba chak bwa vèt.
Han ofrede og tændte Offerild på Offerhøjene og de høje Steder og under alle grønne Træer.
5 Pou sa, SENYÈ a, Bondye li a, te livre li nan men a wa Syrie. Konsa, yo te bat li e te pote ale de li yon gran kantite kaptif pou te fè yo rive Damas. Li te anplis livre nan men a wa Israël la ki te aflije li avèk anpil moun mouri.
Derfor gav HERREN hans Gud ham i Arams Konges Hånd, og de slog ham og tog mange af hans Folk til Fange og førte dem til Darmaskus. Ligeledes blev han givet i Israels Konges Hånd, og denne tilføjede ham et stort Nederlag.
6 Paske Pékach, fis Remalia a, te touye nan Juda, pandan yon sèl jou, san-ven-mil òm, tout mesye ki plen kouraj yo, akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo.
Peka, Remaljas Søn, dræbte i Juda 120.000 Mennesker på een Dag, lutter dygtige Krigsfolk, fordi de havde forladt HERREN, deres Fædres Gud.
7 Epi Zicri yon nonm pwisan nan Éphraïm, te touye Maaséja, fis a wa a avèk Azrikam, chèf a kay wayal la, e Elkana, dezyèm apre wa a.
Den efraimitiske Helt Zikri dræbte Kongesønnen Ma'aseja, Paladsøversten Azrikam og Elkana, den ypperste næst Kongen.
8 Fis Israël yo te pote ale an kaptivite pami frè yo de-san-mil fanm Judah, fis ak fi. Anplis yo te pran anpil piyaj ki sòti nan yo, e te mennen piyaj la Samarie.
Israeliterne bortførte fra deres Brødre 200.000 Hustruer, Sønner og Døtre som Fanger og fratog dem et stort Bytte, som de førte til Samaria.
9 Men yon pwofèt SENYÈ a ki te rele Oded te la. Li te sòti deyò pou rankontre lame ki te vini Samarie a e li te di yo: “Gade byen, paske SENYÈ a zansèt ou yo te fache avèk Juda, Li te livre yo nan men nou, e nou te touye yo ak gwo laraj ki te rive jis nan syèl la.
Her boede en HERRENs Profet ved Navn Oded; han gik Hæren i Møde, da den kom til Samaria, og sagde til dem: "Fordi HERREN, eders Fædres Gud, var vred på Juda, gav han dem i eders Hånd; men I har anrettet et Blodbad iblandt dem med et Raseri, der når til Himmelen!
10 Alò, nou ap pwopoze pou fè pou kont nou, pèp a Juda avèk Jérusalem yo vin soumèt kòm esklav mal ak femèl. Anverite, èske nou menm pa gen transgresyon pou kont nou kont SENYÈ a, Bondye nou an?
Og nu tænker I på at få Magten over Folkene fra Juda og Jerusalem og gøre dem til eders Trælle og Trælkvinder! Har l da ikke også selv nok på Samvittigheden over for HERREN eders Gud!
11 Alò, pou sa, koute mwen e remèt kaptif ke nou te fè prizonye pami frè nou yo, paske kòlè SENYÈ a byen cho kont nou.”
Lyd derfor mig og send de Fanger tilbage, som I har gjort blandt eders Brødre, thi HERRENs glødende Vrede er over eder!"
12 Alò, kèk nan chèf a fis Éphraïm yo——Azaria, fis a Jochanan nan, Bérékia, fis a Meschillémoth la, Ézéchias, fis a Schallum nan e Amasa, fis a Hadlaï a——te leve kont sila ki t ap retounen soti nan batay la.
Da trådte nogle af Efraimiternes Overhoveder, Azarja, Johanans Søn, Berekja, Mesjillemots Søn, Hizkija, Sjallums Søn, og Amasa, Hadlajs Søn, frem for de hjemvendte Krigere
13 Yo te di yo: “Fòk nou pa mennen kaptif yo anndan isit la, paske nou ap tante mennen sou nou koupabilite kont SENYÈ a, ki va ogmante peche nou avèk koupabilite nou. Paske koupabilite nou vin tèlman gran ke kòlè Li vin kont Israël.”
og sagde til dem: "I må ikke bringe Fangerne herhen! Thi I har i Sinde at øge vote Synder og vor Skyld ud over den Skyld, vi har over for HERREN; thi stor er vor Skyld, og glødende Vrede er over Israel!"
14 Pou sa, mesye ki t ap pote zam yo te kite kaptif yo avèk piyaj la devan ofisye yo avèk tout asanble a.
Da gav de væbnede Slip på Fangerne og Byttet i Øversternes og hele Forsamlingens Påsyn;
15 Epi mesye ki te chwazi pa non yo te leve, pran kaptif yo, yo te mete rad ki sòti nan piyaj la sou sila ki te toutouni yo. Yo te bay yo rad avèk sandal, yo te bay yo manje e te bay yo bwè, e yo te onksyone yo avèk lwil. Yo te mennen tout sila ki te fèb yo sou bourik e te fè yo rive Jéricho, vil palmis yo, kote frè yo. Konsa, yo te retounen Samarie.
og de ovenfor nævnte Mænd stod op og tog sig af Fangerne, gav alle de nøgne iblandt dem Klæder af Byttet, forsynede dem med Klæder og Sko, gav dem Mad og Drikke, salvede dem, lod dem, der ikke kunde gå, ride på Æsler og bragte dem til Jeriko, Palmestaden, hen i Nærheden af deres Brødre; derpå vendte de tilbage til Samaria.
16 Nan lè sa a, Wa Achaz te voye kote wa Asiryen yo pou jwenn soutyen.
På den Tid sendte Kong Akaz Assyrerkongen Bud om Hjælp.
17 Paske ankò, Edomit yo te vin atake Juda e te mennen yo sòti kaptif.
Tilmed trængte Edomiterne ind og slog Judæerne og slæbte Krigsfanger bort.
18 Filisten yo osi te atake vil nan ba plèn yo avèk Negev nan Juda e te pran Beth-Schémesch, Ajalon, Guedéroth, Soco avèk vil pa li yo, Thimna avèk vil pa li yo e Guimzo avèk vil pa li yo, epi yo te vin abite la.
Og Filisterne faldt ind i Lavlandets Byer og den judæiske Del af Sydlandet og indtog Bet-Sjemesj, Ajjalon, Gederot, Soko med Småbyer, Timna med Småbyer og Gimzo med Småbyer og bosatte sig der.
19 Paske SENYÈ a te imilye Juda akoz Achaz, wa Israël la. Paske li te fè rive yon mank de lòd nan Juda e te manke fidèl anpil a SENYÈ a.
Thi HERREN ydmygede Juda for Kong Akaz af Judas Skyld, fordi han havde ladet Tøjlesløshed opkomme i Juda og været troløs mod HERREN.
20 Pou sa, Tilgath-Piléser, wa Assyrie a te vini kont li, e te aflije li olye de ranfòse li.
Men Assyrerkongen Tillegat-Pilneser drog imod ham og bragte ham i Nød i Stedet for at hjælpe ham;
21 Sepandan, Achaz te pran yon pòsyon sòti nan kay SENYÈ a e sòti nan palè wa a ak chèf yo pou te bay li a wa Assyrie a, men sa pa t ede li.
thi Akaz plyndrede HERRENs Hus, og Kongens Palads og Øversternes Palads og gav det til Assyrerkongen, men det hjalp ham intet.
22 Alò, nan tan gwo pwoblèm pa li, menm Wa Achaz sila a te vin peche plis devan SENYÈ a.
Og selv da Assyrerkongen bragte ham i Nød, var Kong Akaz på ny troløs mod HERREN;
23 Paske li te fè sakrifis a lòt dye Damas yo ki te bat li yo. Li te di: “Akoz dye a wa Syrie yo te ede yo, mwen va fè sakrifis de yo pou yo kab ede mwen.” Men yo te koze chit li avèk tout Israël.
han ofrede til Darmaskus's Guder, som havde slået ham, idet han sagde: "Aramæerkongernes Guder har jo hjulpet dem; til dem vil jeg ofre, at de også må hjælpe mig!" Men de blev ham og hele Israel til Fald.
24 Anplis, lè Achaz te ranmase ansanm tout zouti lakay Bondye yo, li te koupe tout zouti yo an mòso. Li te fèmen pòt lakay SENYÈ a, e te fè lotèl pou li nan chak kwen nan Jérusalem.
Også samlede Akaz Karrene i Guds Hus og slog dem i Stykker; og han lukkede HERRENs Hus's Porte og lavede sig Altre ved hvert et Hjørne i Jerusalem;
25 Nan chak vil nan Juda, li te fè wo plas pou brile lansan a lòt dye yo, e li te pwovoke SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, a lakòlè.
og i hver eneste By i Juda indrettede han Offerhøje for at tænde Offerild for fremmede Guder; således krænkede han HERREN, sine Fædres Gud.
26 Alò, tout lòt zèv avèk chemen li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade byen, yo ekri nan Liv A Wa A Juda yo Avèk Israël yo.
Hvad der ellers er at fortælle om ham og hele hans Færd fra først til sidst, står jo optegnet i Bogen om Judas og Israels Konger.
27 Konsa, Achaz te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan vil Jérusalem nan; paske yo pa t mennen li antre nan tonm a wa Israël yo. Epi Ézéchias, fis li a, te renye nan plas li.
Så lagde Akaz sig til Hvile bos sine Fædre, og man jordede ham i Jerusalem, inde i Byen, thi man vilde ikke jorde ham i Israels Kongegrave; og hans Søn Ezekias blev Konge i hans Sted.

< 2 Istwa 28 >