< 1 Samyèl 9 >

1 Alò, te gen yon mesye nan Benjamin ki te rele Kis ki te fis Abiel la, fis Tseror, fis Becorath, fis Aphiach, ki te fis a yon Benjamit. Se te yon nonm fò e plen kouraj.
А беше један човек од племена Венијаминовог, коме име беше Кис, син Авила, сина Серора, сина Вехората, сина Афије, сина једног човека од племена Венијаминовог, храбар јунак.
2 Li te gen yon fis ki te rele Saül, yon jennonm ki te byen bèl. Pa t gen yon moun ki te pi bèl pami fis Israël yo. Depi zepòl li monte, li te piwo pase tout moun nan pèp la.
Он имаше сина по имену Саула, који беше млад и леп да не беше лепшег од њега међу синовима Израиљевим, а главом беше виши од свега народа.
3 Alò, bourik ki te pou Kis yo, papa a Saül te pèdi. Epi Kis te di a Saül: “Alò, pran koulye a avè w youn nan sèvitè yo; leve, al chache bourik yo.”
А Кису, оцу Сауловом несташе магарице, па рече Кис Саулу сину свом: Узми са собом једног момка, па устани и иди те тражи магарице.
4 Li te pase nan peyi ti kolin Éphraïm nan e te pase nan Schalisha, men yo pa t jwenn yo. Alò, yo te pase nan peyi Schaalim, men yo pa t twouve anyen. Alò, li te pase nan peyi Benjamin yo, men yo pat jwenn anyen.
И он прође гору Јефремову, и прође земљу салиску; али не нађоше; па прођоше и земљу салимску, и не беше их; па прођоше и земљу Венијаминову, и не нађоше.
5 Lè yo te rive nan peyi Tsuph, Saül te di a sèvitè ki te avèk li a: “Vini! Annou retounen, oswa papa m va sispann okipe afè bourik pou enkyete pou nou menm.”
А кад дођоше у земљу суфску, рече Саул момку свом који беше с њим: Хајде да се вратимо, да се не би отац оканио магарица и забринуо се за нас.
6 Li te di li: “Gade byen konsa, genyen yon nonm Bondye nan vil sila a, yon nonm onore. Tout sa ke li konn di anverite vin pase. Alò, annou ale la. Petèt li kapab pale nou sou vwayaj ke nou kòmanse fè a.”
А он му рече: Ево, у овом граду има човек Божји, ког веома поштују; шта год каже све се збива; хајдемо к њему, може бити да ће нас упутити куда бисмо ишли.
7 Alò Saül te di a sèvitè li a: “Men gade byen, si nou ale, kisa nou va pote pou nonm sa a? Paske pen an fini nan sak nou e nanpwen kado pou pote bay nonm Bondye a. Kisa nou genyen?”
А Саул рече момку свом: Хајде да идемо; али шта ћемо однети човеку? Јер нам је хлеба нестало у торбама, а дар немамо да однесемо човеку Божијем. Шта имамо?
8 Sèvitè a te reponn Saül ankò e te di: “Gade byen, mwen gen nan men m yon ka sik ajan ke mwen va bay a nonm Bondye a, e li va pale nou chemen nou an.”
А момак опет одговарајући рече Саулу: Ето у мене четврт сикла сребра; то да дам човеку Божијем да нас упути.
9 (Lontan an Israël, lè yon nonm te monte pou konsilte Bondye li te konn di: “Vini, annou ale kote divinò a”, paske sila ki, koulye a, yo rele yon pwofèt la, lontan, te konn rele divinò.)
А у старо време ко би ишао да пита Бога говораше: Хајде да идемо к видеоцу. Јер ко се сада зове пророк у старо се време зваше виделац.
10 Saül te reponn a sèvitè a: “Byen pale! Vini, annou ale.” Konsa, yo te ale nan vil kote nonm Bondye a te ye a.
И Саул рече момку свом: Добро велиш; хајде да идемо. И пођоше у град где беше човек Божји.
11 Pandan yo te monte pant vè vil la, yo te twouve jenn fanm yo ki te sot rale dlo. Yo te mande yo: “Èske divinò a isit la?”
И кад иђаху уз брдо градско, сретоше девојке које излажаху да захватају воду, па им рекоше: Је ли ту виделац?
12 Yo te reponn yo e te di: “Li la! Gade devan nou an! Fè vit, paske li fenk antre nan vil la jodi a. Pèp la gen yon sakrifis nan wo plas la jodi a.
А оне одговарајући рекоше: Јесте, ето пред тобом; похитај, јер је данас дошао у град, јер данас народ има жртву на гори.
13 Depi nou antre nan vil la, nou va jwenn avèk li avan li monte nan wo plas pou manje, paske pèp la p ap manje jiskaske li vini, akoz li oblije beni sakrifis la. Apre sa, sila ki envite yo va manje. Pou sa, monte, paske nou va jwenn li talè.”
Како уђете у град, наћи ћете га пре него пође на гору да једе; јер народ неће јести докле он не дође, јер он треба да благослови жртву, па онда ће званице јести; зато идите, јер ћете га сада наћи.
14 Konsa, yo te monte lavil la. Pandan yo te antre nan vil la, vwala, Samuel t ap sòti bò kote yo pou monte nan wo plas la.
И отидоше у град; а кад дођоше усред града, гле Самуило полазећи на гору срете их.
15 Alò, yon jou avan Saül te vini, Senyè a te montre sa a Samuel e te di:
А Господ беше објавио Самуилу дан пре него дође Саул, рекавши:
16 “Vè lè sa a demen Mwen va voye yon mesye ki sòti nan peyi Benjamin yo kote ou menm. Konsa, ou va onksyone li kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël, e li va delivre pèp Mwen an anba men a Filisten yo. Paske Mwen te gade sou pèp mwen an, akoz kri pa yo gen tan rive kote Mwen.”
Сутра у ово доба послаћу к теби једног човека из земље Венијаминове, њега помажи да буде вођ народу мом Израиљу, и он ће избавити мој народ из руку филистејских. Јер погледах на народ свој, јер вика његова дође до мене.
17 Lè Samuel te wè Saül, SENYÈ a te di li: “Gade byen, men mesye ke m te pale ou a! Sila a va renye sou pèp Mwen an, Israël.”
И кад Самуило угледа Саула, рече му Господ: Ето човека за ког ти рекох; тај ће владати мојим народом.
18 Saül te vin pwoche Samuel nan pòtay la e te di: “Souple, di m kote kay a divinò a ye.”
И Саул приступи к Самуилу на вратима, и рече: Кажи ми, где је кућа видеочева?
19 Samuel te reponn Saül e te di: “Se mwen menm ki divinò a. Monte devan mwen nan wo plas la, paske w ap manje avè m jodi a. Epi nan demen, mwen va kite ou ale e mwen va fè ou konnen tout sa ki nan lespri ou.
А Самуило одговори Саулу и рече: Ја сам виделац. Хајде преда мном на гору, и данас ћете са мном јести; а сутра ћу те отпустити, и шта ти је год у срцу, казаћу ти.
20 Pou afè bourik ou yo ki te pèdi twa jou pase yo, pa okipe yo, paske yo gen tan twouve. Epi se kilès ke tout Israël pito? Èske se pa ou ak pou tout lakay papa ou?”
А за магарице, којих ти је нестало пре три дана, не брини се; јер су се нашле. И чије ће бити све што је најбоље у Израиљу? Еда ли не твоје и свега дома оца твог?
21 Saül te reponn: “Èske mwen pa yon Benjamit? Pi piti nan tout tribi Israël yo? Fanmi pa m nan ki pi piti ke tout fanmi nan tribi Benjamin an? Poukisa ou pale mwen konsa?”
А Саул одговори и рече: Нисам ли од племена Венијаминовог, најмањег племена Израиљевог, и дом мој најмањи између свих домова племена Венијаминовог? Што ми дакле говориш тако?
22 Alò, Samuel te pran Saül avèk sèvitè li a. Li te mennen yo antre nan gran sal la, e li te ba yo yon plas devan, nan tèt sila ki te envite yo, ki te anviwon trant mesye.
А Самуило узе Саула и његовог момка, и одведе их у собу, и посади их у зачеље међу званицама којих беше до тридесет људи.
23 Samuel te di chèf kwizin nan: “Mennen pòsyon ke m te di ou a, sila ke m te di ou a, Mete li akote.”
И Самуило рече кувару: Донеси део који ти дадох и за који ти рекох: Остави га код себе.
24 Alò chèf kwizin nan te pran janm nan avèk sa ki te sou li a e li te plase li devan Saül. Konsa, Samuel te di: “Men sa ki te sere! Mete li devan ou e manje paske li te kenbe pou ou jis rive nan lè apwente a, akoz mwen te di ou ‘mwen te envite moun yo.’” Konsa, Saül te manje avèk Samuel nan jou sa a.
Тада донесе кувар плеће и шта беше на њему; а Самуило га метну пред Саула, и рече: Ево шта је остало, узми преда се, те једи, јер је сачувано пре за тебе, кад рекох: Позвао сам народ. Тако једе Саул са Самуилом онај дан.
25 Lè yo te kite plas anwo a pou antre nan vil la, Samuel te pale avèk Saül anwo twati a.
Потом сиђоше с горе у град, и Самуило се разговара са Саулом на крову.
26 Yo te leve bonè. Lè li fenk jou, Samuel te rele Saül sou twati a. Li te di: “Leve pou m kab voye ou ale.” Konsa, Saül te leve, e li menm ansanm ak Samuel te ale nan lari.
А ујутру уранише, и кад свиташе, зовну Самуило Саула на кров, и рече му: Дигни се, да те отпустим. И кад се диже Саул, изиђоше обојица, он и Самуило.
27 Pandan yo t ap desann pou prèske fin kite vil la, Samuel te di Saül: “Pale sèvitè a pou l ale avanse devan nou. Men ou menm, rete kanpe koulye a pou m kapab fè ou tande pawòl Bondye a.”
И кад дођоше на крај града, рече Самуило Саулу: Реци момку нека иде напред (и он прође напред), а ти стани мало да ти јавим реч Божију.

< 1 Samyèl 9 >