< 1 Samyèl 13 >

1 Saül te gen trant ane lè l te kòmanse renye, e li te renye pandan karann-de ane sou Israël. 2 Alò, Saül te chwazi pou li menm twa mil mesye an Israël. Pami sila yo, de-mil te avèk Saül nan Micmasch ak nan peyi ti mòn Béthel la, pandan mil te avèk Jonathan nan Guibea pou Benjamin an. Men li te voye ale tout lòt moun yo, yo chak nan pwòp tant pa yo. 3 Jonathan te frape post militè a Filisten ki te nan Guéba yo e Filisten yo te tande Koze sa a. Alò, Saül te soufle twonpèt la atravè tout peyi a, e li te di: “Kite Ebre yo tande.” 4 Tout Israël te tande nouvèl ke Saül te frape post a Filisten yo, e osi ke Israël te vin rayisab a Filisten yo. Konsa pèp la te resevwa lòd pou rasanble Guilgal. 5 Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven. 6 Lè mesye Israël yo te vin wè ke yo te kwense (paske moun yo te vini sou yo anpil); alò, pèp la te kache kò yo nan gwòt yo, nan raje a, nan falèz yo, nan chanm anba tè yo ak nan sitèn yo. 7 Anplis, kèk nan Ebre yo te travèse Jourdain an pou antre nan peyi Gad avèk Galaad. Men pou Saül, li te toujou Guilgal, e tout pèp la te swiv li avèk kò yo tou ap tranble. 8 Alò li te tann pandan sèt jou, selon tan fikse pa Samuel la; men Samuel pa t vini Guilgal, e pèp la t ap gaye kite li. 9 Konsa, Saül te di: “Mennen ban mwen ofrann brile avèk ofrann lapè.” Epi li te ofri ofrann brile yo. 10 Lè li te fin ofri ofrann brile yo, men vwala, Samuel te vini. Epi Saül te parèt deyò pou rankontre li e salye li. 11 Men Samuel te di: “Kisa ou te fè?” Epi Saül te di: “Akoz mwen te wè ke pèp la t ap gaye kite m, ke ou pa t vini nan jou apwente a, e ke Filisten yo t ap rasanble nan Micmasch, 12 pou sa, mwen te di: ‘Alò Filisten yo va vin desann kont mwen Guilgal, epi mwen poko mande favè SENYÈ a.’ Pou sa, mwen te fòse mwen menm pou te ofri ofrann brile yo.” 13 Samuel te di a Saül: “Ou te aji nan foli. Ou pa t kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande ou a. Paske SENYÈ a t ap vin etabli wayòm ou a sou Israël jis pou tout tan. 14 Men koulye a, wayòm ou an p ap dire. SENYÈ a te chache pou kont Li yon nonm selon pwòp kè li e SENYÈ a te chwazi li kòm chèf sou pèp Li a, akoz ou pa t kenbe sa ke SENYÈ a te kòmande ou a.” 15 Epi Samuel te leve monte soti Guilgal pou rive Guibea nan Benjamin. Saül te konte moun ki te prezan avè l yo, yo te anviwon sis-san mesye. 16 Alò Saül avèk fis li a, Jonathan avèk moun ki te prezan avèk yo te rete Guéba nan Benjamin pandan Filisten yo te fè kan Micmasch. 17 Epi ravajè yo te sòti nan kan Filisten yo an twa konpayi yo. Yon konpayi te vire nan sid vè Ophra vè peyi Schual. 18 Yon lòt konpayi te vire vè Beth-Horon, e yon lòt konpayi te vire vè lizyè ki kouri anwo vale a nan Tseboïm vè dezè a. 19 Alò, nanpwen bòs fòjewon ki ta kab twouve nan tout peyi Israël la, paske Filisten yo te di: “Otreman Ebre yo va fè nepe yo oswa frenn yo.” 20 Konsa, tout Israël te desann vè Filisten yo, yo chak pou file pwòp cha li, pikwa li, rach li, ak wou li. 21 Frè sèvis la te de tyè sik pou lam cha a, pou pikwa a, fochèt la, rach la e pou ranje wou yo. 22 Konsa sa te rive ke nan jou batay la ke ni nepe, ni fwenn pa t twouve nan men a okenn nan moun ki te avèk Saül ak Jonathan yo. Men yo te twouve sèlman nan men Saül ak Jonathan. 23 Epi ekip post militè a Filisten yo te sòti rive nan pasaj Micmasch.

< 1 Samyèl 13 >