< 1 Wa 18 >

1 Alò, li te rive apre anpil jou ke pawòl SENYÈ a te vini a Élie nan twazyèm ane a. Li te di: “Ale, montre ou menm a Achab e Mwen va voye lapli sou fas tè a.”
Po mnogih dneh se je pripetilo, da je Gospodova beseda prišla k Eliju v tretjem letu, rekoč: »Pojdi, pokaži se Ahábu in jaz bom na zemljo poslal dež.«
2 Konsa, Élie te ale montre li menm a Achab. Alò, gwo grangou a te byen rèd nan Samarie.
Elija je odšel, da se pokaže Ahábu. Tam v Samariji pa je bila huda lakota.
3 Achab te rele Abdias ki te chèf sou lakay li. (Alò, Abdias te gen lakrent SENYÈ a anpil;
Aháb je poklical Obadjá, ki je bil voditelj njegove hiše. (Torej Obadjá se je silno bal Gospoda.
4 paske lè Jézabel te detwi pwofèt SENYÈ yo, Abdias te pran yon santèn nan pwofèt yo, li te kache yo pa senkant nan yon kav e li te founi yo avèk pen avèk dlo.)
Kajti to je bilo tako, ko je Jezabela iztrebila Gospodove preroke, da je Obadjá vzel sto prerokov in jih po petdeset skril v votlino in jih hranil s kruhom in vodo.)
5 Alò, Achab te di Abdias: “Pase nan peyi kote tout sous dlo yo. Petèt nou va twouve zèb pou kenbe chwal avèk milèt yo vivan e pou nou pa oblije touye nan bèt yo.”
Aháb je rekel Obadjáju: »Pojdi v deželo, k vodnim studencem in k vsem potokom. Morda bomo lahko našli travo, da rešimo konje in mule žive, da ne izgubimo vseh živali.«
6 Pou sa, yo te divize peyi a antre yo pou yo fè rechèch li. Achab te pran yon chemen e Abdias te pran yon lòt pou kont li.
Tako sta si razdelila deželo, da gresta skoznjo. Aháb je sam odšel eno pot, Obadjá pa je odšel drugo pot.
7 Alò, pandan Abdias te nan wout la, vwala, Élie te rankontre li. Abdias te rekonèt li e te tonbe sou figi li. Li te di: “Èske se ou menm, Élie, mèt mwen an?”
Ko je bil Obadjá na poti, glej, ga je srečal Elija. Ta ga je spoznal in padel na svoj obraz ter rekel: » Ali si ti, moj gospod Elija?«
8 Li te di li: “Se mwen. Ale, pale a mèt ou a, ‘Men vwala, Élie isit.’”
Odgovoril mu je: »Jaz sem. Pojdi, povej svojemu gospodarju: ›Glej, Elija je tukaj.‹«
9 Li te di: “Ki peche mwen te fè ke ou ta vin mete sèvitè ou nan men Achab pou l mete m a lanmò?
Rekel je: »Kaj sem grešil, da hočeš svojega služabnika izročiti v Ahábovo roko, da me ubije?
10 Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, nanpwen nasyon oswa wayòm kote mèt mwen pa t voye chache ou. Lè yo te di: ‘Li pa la’, li te fè wayòm nan oswa nasyon an sèmante ke yo pa t kab jwenn ou.
Kakor živi Gospod, tvoj Bog, ni ne naroda ne kraljestva, kamor moj gospodar ni poslal, da te poiščejo. In ko so rekli: › Njega ni tukaj, ‹ je od kraljestva in naroda vzel prisego, da te niso našli.
11 Epi koulye a w ap di: ‘Ale di mèt ou “Men vwala, Élie!”’
In sedaj praviš: ›Pojdi, povej svojemu gospodarju: ›Glej, Elija je tukaj.‹‹
12 Li va vin rive ke lè m kite ou, Lespri SENYÈ a va pote ou kote m pa konnen. Konsa, lè m vini pale Achab, lè l pa kab jwenn ou, li va touye mwen, malgre mwen, sèvitè ou a, te gen lakrent SENYÈ a depi nan jenès mwen.
Takoj, ko odidem od tebe, se bo zgodilo, da te bo Gospodov Duh odnesel ne vem kam. Ko pridem in povem Ahábu in te ne bo mogel najti, bo tako, da me bo ubil. Vendar se jaz, tvoj služabnik, od svoje mladosti bojim Gospoda.
13 Èske sa pa t pale a mèt mwen sa m te fè lè Jézabel te touye pwofèt SENYÈ yo, ke m te kache yon santèn nan pwofèt SENYÈ a pa senkantèn nan yon kav e mwen te founi yo avèk pen avèk dlo?
Mar ni bilo povedano mojemu gospodu kaj sem storil, ko je Jezabela usmrtila Gospodove preroke, kako sem skril sto mož, Gospodovih prerokov, po petdeset v votlino in jih hranil s kruhom in vodo?
14 Epi koulye a, w ap di mwen: ‘Ale pale a mèt ou: “Men Élie!” Epi se konsa l ap touye mwen.’
Sedaj pa praviš: ›Pojdi, povej svojemu gospodarju: ›Glej, Elija je tukaj ‹ in me bo ubil.«
15 Élie te di: “Jan SENYÈ dèzame yo viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite, mwen va montre mwen menm a li menm jodi a.”
Elija je rekel: » Kakor živi Gospod nad bojevniki, pred katerim stojim, se mu bom danes zagotovo pokazal.«
16 Konsa, Abdias te ale rankontre Achab e te pale li, epi Achab te ale rankontre Élie.
Tako je Obadjá odšel, da sreča Ahába in povedal mu je. Aháb je odšel, da sreča Elija.
17 Lè Achab te wè Élie, Achab te di li: “Èske se ou menm, sila ki twouble Israël la?”
Pripetilo se je, ko je Aháb zagledal Elija, da mu je Aháb rekel: » Si ti ta, ki nadleguje Izraela?«
18 Li te di: “Mwen pa t twouble Israël, men ou menm avèk lakay papa ou, akoz ou te abandone lòd SENYÈ yo pou ou te swiv Baal yo.
In ta je odgovoril: »Nisem jaz nadlegoval Izraela, temveč ti in hiša tvojega očeta v tem, da ste zapustili Gospodove zapovedi, ti pa si sledil Báalom.
19 Alò, pou sa, voye ranmase vè mwen tout Israël nan Mòn Carmel avèk kat-san-senkant pwofèt Baal ak kat-san pwofèt Astarté ki manje sou tab Jézabel la.”
Zdaj torej pošlji in zberi k meni ves Izrael na goro Karmel in štiristo petdeset Báalovih prerokov in štiristo Ašerinih prerokov, ki jedo za Jezabelino mizo.«
20 Konsa, Achab te voye pami tout fis Israël yo e te mennen pwofèt yo ansanm nan Mont Carmel.
Tako je Aháb poslal k vsem Izraelovim otrokom in preroke skupaj zbral h gori Karmel.
21 Élie te pwoche tout pèp la e te di: “Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.” Men moun yo pa t reponn menm yon mo.
Elija je prišel k vsemu ljudstvu in rekel: »Doklej omahujete med dvema možnostma? Če Gospod je Bog, sledite njemu, toda če je Báal, potem sledite njemu.« Ljudstvo pa mu ni odgovorilo niti besede.
22 Konsa, Élie te di a pèp la: “Se mwen sèl ki rete kòm pwofèt SENYÈ a, men pwofèt a Baal yo se kat-san-senkant òm.
Potem je Elija rekel ljudstvu: »Jaz, celó samo jaz sem ostal Gospodov prerok, toda Báalovih prerokov je štiristo petdeset mož.
23 Alò, kite yo bannou de bèf, e kite yo chwazi yon bèf pou yo menm, koupe li an mòso e mete li sou bwa a, men san pa mete dife; epi mwen va prepare lòt bèf la e kouche li sou bwa e mwen p ap mete dife.
Naj nam torej dajo dva bikca in naj si enega bikca izberejo zase, ga razrežejo na koščke in ga položijo na les in pod njim ne podtaknejo ognja, jaz pa bom pripravil drugega bikca in ga položil na les in pod njim ne podtaknem ognja.
24 Alò, ou va rele non a dye pa nou an e mwen va rele non SENYÈ a, e Dye ki reponn pa dife a, se Li menm ki Bondye a.” Epi tout moun yo te reponn: “Lide sa a bon.”
Kličite k imenu svojih bogov, jaz pa bom klical h Gospodovemu imenu. Bog, ki odgovarja z ognjem, naj bo on Bog.« Vse ljudstvo je odgovorilo in reklo: »To je dobro rečeno.«
25 Konsa, Élie te di a pwofèt a Baal yo: “Chwazi yon bèf pou nou menm e prepare li, paske nou anpil e rele non a dye pa nou an, men pa mete dife.”
Elija je Báalovim prerokom rekel: »Izberite si enega bikca zase in tega pripravite najprej, kajti vas je mnogo, in kličite ime svojih bogov, toda spodaj ne podnetite ognja.«
26 Konsa, yo te pran bèf ki te bay a yo menm nan, yo te prepare li e te rele non Baal la soti nan maten jis rive midi e yo t ap di: “O Baal, reponn nou.” Men pa t gen vwa e okenn moun pa t reponn. Epi yo te toutotou lotèl ke yo te fè a.
Vzeli so bikca, ki jim je bil dan in ga pripravili in od jutra do poldneva klicali k Báalovemu imenu, rekoč: »Oh Báal, usliši nas.« Toda ni bilo nobenega glasu niti nikogar, da bi odgovoril. In poskakovali so na oltarju, ki je bil narejen.
27 Li te vin rive vè midi ke Élie te moke yo. Li te di: “Rele avèk vwa fò, paske li se yon dye! Oswa petèt li okipe, ke li okipe! Oswa li te vire akote, oswa li fè yon vwayaj, o petèt li dòmi e ou bezwen fè l leve.”
Pripetilo se je opoldan, da jih je Elija zasmehoval in rekel: »Glasno vpijte, kajti on je bog; ali klepeta ali zalezuje ali je na potovanju ali morda spi in mora biti prebujen.«
28 Konsa, yo te kriye avèk gwo vwa. Yo te koupe kò yo selon abitid pa yo avèk nepe ak frenn jis san te fè flèv sou yo.
Glasno so vpili in se po svoji navadi rezali z noži in nožiči, dokler ni po njih lila kri.
29 Lè midi te fin pase, yo te anraje jis rive nan moman pou ofri sakrifis aswè yo, men pa t gen vwa, okenn pa t reponn, ni okenn pa t okipe yo.
Pripetilo se je, ko je sredina dneva minila in so prerokovali do časa darovanja večerne daritve, da tam ni bilo, niti glasu niti odgovora, niti nikogar, ki bi upošteval.
30 Alò, Élie te di a tout pèp la: “Vin kote mwen.” Konsa, tout pèp la te vin kote li. Konsa, li te repare lotèl SENYÈ a ki te dechire a.
Elija je rekel vsemu ljudstvu: »Pridite bliže k meni.« In vse ljudstvo je prišlo bliže k njemu. Popravil je Gospodov oltar, ki je bil razrušen.
31 Élie te pran douz wòch selon non tribi a fis a Jacob yo, a sila pawòl SENYÈ a te parèt yo, e te di: “Israël va non ou.”
Elija je vzel dvanajst kamnov, glede na število rodov Jakobovih sinov, ki mu je prišla Gospodova beseda, rekoč: »Izrael bo tvoje ime.«
32 Konsa, avèk wòch yo, li te bati yon lotèl nan non SENYÈ a e li te fè yon kanal antoure lotèl la ase laj pou kenbe de mezi semans.
S kamni je v Gospodovem imenu zgradil oltar, in okoli oltarja naredil jarek, tako velik, da bi lahko vseboval dve meri semen.
33 Apre, li te ranje bwa a, li te koupe bèf la an mòso e li te poze li sou bwa a.
Les je postavil v red in bikca razsekal na koščke, ga položil na les in rekel: »Napolnite štiri sodčke z vodo in jih izlijte na žgalno daritev in na les.«
34 Epi li te di: “Ranpli kat po avèk dlo e vide li sou ofrann brile yo ak sou bwa a.” Epi li te di: “Fè l yon dezyèm fwa,” epi yo te fè l yon dezyèm fwa. Epi li te di: “Fè l yon twazyèm fwa,” epi yo te fè l yon twazyèm fwa.
Rekel je: » To storite drugič.« In to so storili drugič. Rekel je: » To storite tretjič.« In to so storili tretjič.
35 Dlo a te kouri antoure lotèl la e li te plen kanal la osi.
Voda je tekla naokoli oltarja in tudi jarek je napolnil z vodo.
36 Nan tan ofrann sakrifis aswè a, Élie, pwofèt la, te pwoche e te di: “O SENYÈ, Bondye Abraham, Isaac avèk Israël la, jodi a, kite li byen rekonèt ke Ou se Bondye an Israël, ke mwen se sèvitè Ou, e ke mwen te fè tout bagay sa yo pa pawòl Ou menm.
Ob času darovanja večerne daritve se je pripetilo, da se je približal prerok Elija in rekel: » Gospod, Bog Abrahama, Izaka in Izraela, naj bo to znano ta dan, da si ti Bog v Izraelu in da sem jaz tvoj služabnik in da sem vse te stvari storil na tvojo besedo.
37 Reponn mwen, O SENYÈ, reponn mwen, pou pèp sa a kapab konnen ke Ou menm, O SENYÈ, se Bondye e ke Ou fè kè yo vire retounen kote Ou ankò.”
Prisluhni mi, oh Gospod, prisluhni mi, da bo to ljudstvo lahko vedelo, da si ti Gospod Bog in da si ti njihova srca ponovno obrnil nazaj.«
38 Konsa, dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la.
Potem je padel Gospodov ogenj in použil žgalno daritev, les, kamne, prah in polizal vodo, ki je bila v jarku.
39 Lè tout pèp la te wè sa, yo te tonbe sou figi yo, epi yo te di: “SENYÈ a, se Li menm Ki Bondye a! SENYÈ a, se Li menm ki Bondye a!”
Ko je vse ljudstvo to videlo, so padli na svoje obraze in rekli: » Gospod, on je Bog; Gospod, on je Bog.«
40 Epi Élie te di yo: “Sezi pwofèt a Baal yo! Pa kite youn nan yo chape!” Yo te sezi yo, epi Élie te mennen yo desann nan flèv Kison an e te touye yo la.
Elija jim je rekel: »Primite Báalove preroke, naj nobeden izmed njih ne pobegne.« Prijeli so jih in Elija jih je odvedel dol k potoku Kišónu in jih tam usmrtil.
41 Alò, Élie te di a Achab: “Ale monte, manje e bwè; paske gen gwo bwi lapli.”
Elija je rekel Ahábu: »Vstani, jej in pij, kajti tam je zvok obilja dežja.«
42 Konsa, Achab te monte pou manje e bwè. Men Élie te monte sou tèt Mòn Carmel; epi li te koube jenou li, apiye atè avèk figi li antre jenou li.
Tako je Aháb odšel gor, da jé in da pije. Elija pa je odšel gor, na vrh Karmela in se vrgel dol na zemljo in svoj obraz dal med svoja kolena
43 Li te di a sèvitè li: “Ale monte koulye a, gade bò kote lanmè a.” Konsa, li te monte gade, e te di: “Nanpwen anyen” epi li te di: “Ale retounen” menm sèt fwa.”
in svojemu služabniku rekel: »Pojdi sedaj gor, glej proti morju.« In ta je odšel gor, pogledal in rekel: » Tam ni nič.« Rekel je: »Pojdi ponovno, sedemkrat.«
44 Li te vin rive nan setyèm fwa a ke li te di: “Vwala, yon grenn nwaj piti tankou men a yon moun ap monte soti kote lanmè a.” Epi li te di: “Ale monte, pale Achab pou di l: ‘fè cha ou a parèt e desann pou gwo lapli a pa rete ou.’”
Pripetilo se je sedmič, da je rekel: »Glej, tam vstaja iz morja majhen oblak, podoben človeški roki.« Rekel je: »Pojdi gor in reci Ahábu: ›Pripravi svoj bojni voz in se spusti dol, da te ne ustavi dež.‹«
45 Nan yon ti tan, syèl la te vin fènwa avèk nwaj ak van e te gen yon lapli fò. Epi Achab te monte pou te ale kote Jizréel.
V vmesnem času se je pripetilo, da je bilo nebo črno z oblaki in vetrom in tam je bil velik dež. Aháb je jahal in šel v Jezreél.
46 Alò, men SENYÈ a te sou Élie. Li te mare senti li e te kouri pi vit ke Achab pou rive nan lantre kote Jizréel.
Gospodova roka pa je bila na Eliju. Opasal je svoja ledja in pred Ahábom tekel k vhodu v Jezreél.

< 1 Wa 18 >