< 1 Istwa 9 >

1 Konsa, tout Israël te anrejistre pa zansèt yo; epi men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël yo. Epi Juda te pote ale an egzil Babylone, akoz enfidelite li yo.
Or tous les Israélites furent enregistrés, et voici ils sont inscrits dans le livre des rois d'Israël. Et Juda fut déporté à Babel à cause de ses forfaits.
2 Premye moun ki te vin abite ankò nan teritwa sila yo, nan vil pa yo, se te Israël, prèt Levit yo ak sèvitè tanp yo.
Les premiers habitants qui [vivaient] sur leur propriété dans leurs villes, étaient, les Israélites, les Prêtres, les Lévites et les attachés.
3 Kèk nan fis Juda yo, nan fis Benjamin yo ak nan fis a Éphraïm yo avèk Manasée te rete Jérusalem:
Et à Jérusalem habitaient des fils de Juda et des fils de Benjamin et des fils d'Ephraïm et de Manassé, Uthaï, fils d'Ammihud, fils de Omri, fils d'Imri, fils de Bani,
4 Uthaï, fis a Ammihud la, fis a Omri a, fis a Imri a, fis a Bani a, soti nan fis Pérets yo, fis a Juda a,
des fils de Pérets, fils de Juda.
5 Soti nan Shilonit yo: Asaja, premye ne a avèk fis li yo.
Et des Silonites: Asaïa, le premier-né, et ses fils.
6 Soti nan fis Zérach yo: Jeuel, avèk moun fanmi li yo, sis-san-katre-ven-dis nan yo.
Et des fils de Zérach: Jehuel et leurs frères, six cent quatre-vingt-dix.
7 Soti nan fis Benjamin yo: Sallu, fis a Meschullam nan, fis a Hodavia a, fis a Assenua a;
Et des fils de Benjamin: Sallu, fils de Mesullam, fils d'Hodavia, fils de Assenua,
8 epi Jibneja, fis a Jerocham nan; Éla, fis a Uzzi a, fis a Micri a; epi Meschullam, fis a Schephathia a, fis a Reuel la, fis a Jibnija a;
et Jibneia, fils de Jéroham, et Ela, fils de Uzzi, fils de Michri et Mesullam, fils de Sephatia, fils de Rehuel, fils de Jibniia,
9 avèk fanmi pa yo selon zansèt pa yo, nèf-san-senkant-sis. Tout sila yo se te chèf lakay zansèt pa yo selon lakay papa yo.
et leurs frères, selon leurs familles, neuf cent cinquante-six. Tous ces hommes étaient patriarches de leurs maisons patriarcales.
10 Soti nan prèt yo te: Jedaeja, Jehorjarib, Jakin;
Et des Prêtres: Jedaïa et Jojarib et Jachin
11 Azaria, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, chèf lakay Bondye a;
et Azaria, fils d'Hilkia, fils de Mesullam, fils de Tsadoc, fils de Meraioth, fils d'Ahitub, primicier de la Maison de Dieu;
12 Addaja, fis a Jerocham nan, fis a Paschur a, fis a Malkija a; Maesaï, fis a Adiel la, fis a Jachzéra a, fis a Meschullam nan, fis a Meschillémith la, fis a Immer a;
et Adaïa, fils de Jeroham, fils de Paschur, fils de Malchiia, et Maesaï, fils de Adiel, fils de Jahzera, fils de Mesullam, fils de Messilêmith, fils de Immer,
13 epi fanmi pa yo, chèf lakay zansèt pa yo, mil-sèt-san-swasant, mesye ak gwo kapasite pou lèv lakay Bondye a.
et leurs frères, chefs de leurs maisons patriarcales, mille sept cent soixante, hommes vigoureux à l'œuvre du service de la maison de Dieu.
14 Nan Levit yo: Schemaeja, fis a Haschub la, fis a Azrikam nan, fis a Haschabia a, fis a Merari yo;
Et des Lévites: Semaia, fils de Chassub, fils d'Azricam, fils de Hasabia, des fils de Merari,
15 Bakbakkar, Héresch, Galal, Matthania, fis a Michée a, fis a Zicri a, fis a Asaph la;
et Bacbaccar, Hérès et Galal et Matthania, fils de Michée, fils de Zichri, fils d'Asaph;
16 Abdias, fis a Schemaeja a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan ak Bérékia, fis a Asa a, fis a Elkana a, ki te rete nan vil Netofatyen yo.
et Obadia, fils de Semaia, fils de Galal, fils de Jeduthun, et Berechia, fils d'Asa, fils d'Elkana, qui habitait dans les bourgs des Netophathites.
17 Alò, gadyen pòtay yo te Schallum, Akkub, Thalmon, Achiman avèk fanmi pa yo (Schallum, ki te chèf la,
Et les portiers: Sallum et Accub et Talmon et Abiman et leurs frères; Sallum était le chef.
18 estasyone jis koulye a nan pòtay wa a nan kote lès la). Sila yo te gadyen pòtay pou kan a fis a Lévi yo.
Et jusqu'à présent ils sont à la Porte Royale à l'orient, eux, les portiers du campement des fils de Lévi.
19 Schallum, fis a Koré a, fis a Ébiasaph la, fis a Koré a, avèk fanmi lakay papa li, Koatit yo: responsab pou travay sèvis la, gadyen nan pòtay nan tant yo; epi papa yo te konn sou kan SENYÈ a; li te gadyen a antre a.
Et Sallum, fils de Coré, fils d'Ebiasaph, fils de Coré, et ses frères de la maison de son père, les Coraïtes étaient préposés à la fonction du service, comme gardes des seuils de la Tente, et leurs pères étaient préposés sur le camp de l'Éternel, gardes de l'avenue.
20 Phinées, fis a Éléazar a, oparavan te konn chèf sou yo; epi SENYÈ a te avèk li.
Et Phinées, fils d'Eléazar, fut jadis leur chef (l'Éternel était avec lui).
21 Zacharie, fis a Meschélémia a, te gadyen pòtay a antre tant asanble a.
Zacharie, fils de Mesélémia, était un portier à l'entrée de la Tente du Rendez-vous.
22 Total nan sila ki te chwazi kon gadyen pòtay nan pòt yo te de-san-douz. Sila yo te anrejistre pa zansèt pa yo nan vil pa yo, ki te chwazi pa David avèk Samuel, konseye a, nan pozisyon konfyans sila a.
Tous, choisis pour être gardes des seuils, ils étaient au nombre de deux cent douze. Ils étaient enregistrés d'après leurs villages. David et Samuel, le Voyant, les avaient institués sur leur foi.
23 Konsa, yo menm avèk fis pa yo te responsab pòtay lakay SENYÈ a, lakay tant lan, kon gadyen.
Eux et leurs fils étaient de garde aux portes de la maison de l'Éternel, de la Résidence de la Tente.
24 Gadyen pòtay yo te sou toule kat kote yo, nan lès, lwès, nan nò ak nan sid.
Les portiers stationnaient aux quatre vents, à l'orient, à l'occident, au septentrion et au midi.
25 Manm fanmi pa yo nan lavil pa yo te dwe antre chak sèt jou soti de tanzantan pou yo ta kapab avèk yo;
Et leurs frères demeuraient dans leurs villages pour venir se joindre à eux le septième jour à époques fixes;
26 paske kat chèf gadyen pòtay ki te Levit yo, te nan yon pozisyon konfyans lan e te sou chanm yo ak sou trezò lakay Bondye a.
car ces quatre chefs des portiers, ces mêmes Lévites, étaient laissés sur leur foi, et ils avaient la surveillance des cellules et des trésors de la Maison de Dieu.
27 Yo te pase nwit lan nan landwa lakay Bondye a, akoz yo te responsab veye nwit lan; epi yo te responsab ouvri li maten pa maten.
Et ils passaient la nuit aux alentours de la Maison de Dieu, car ils étaient chargés de faire la garde et d'ouvrir tous les matins.
28 Alò, kèk nan yo te an chaj zouti sèvis yo; paske yo te kontwole yo lè yo te mennen yo antre ak lè yo te sòti.
Et il y en avait de préposés sur la vaisselle du service, qu'ils rentraient en la comptant, et sortaient en la comptant.
29 Anplis, kèk nan yo te chwazi mèb ak tout zouti sanktiyè a, sou farin fen an, diven an, lwil la ak lansan an avèk epis yo.
Et il y en avait de préposés sur les ustensiles, sur tous les ustensiles sacrés, et sur la fleur de farine et le vin et l'huile et l'encens et les aromates.
30 Kèk nan fis a prèt yo te prepare melanj epis yo.
Et c'étaient des fils de Prêtres qui composaient l'huile aromatisée.
31 Matthithia, youn nan Levit yo, premye ne a Schallum nan, Koatit la, te responsab bay yo sa ki te kwit nan kivèt yo.
Et à Matthithia, l'un des Lévites (premier-né de Sallum), le Coraïte, était confié le soin de la boulangerie.
32 Epi kèk nan fanmi a fis Koatit yo te sou pen konsakre a pou prepare li pou chak Saba.
Et quelques-uns des fils des Kahathites, leurs frères, étaient préposés sur les pains de présentation, qu'ils avaient à préparer sabbat par sabbat.
33 Alò, sila yo se te chantè yo a Levit yo, ki te rete nan chanm tanp yo, pwiske yo te angaje nan travay pa yo lajounen kon lannwit.
Ce sont là les chantres, patriarches des Lévites, exemptés du service des cellules, parce que jour et nuit ils vaquaient à leur affaire.
34 Sila yo te chèf a lakay zansèt yo pami Levit yo selon jenerasyon pa yo, mesye dirijan ki te rete Jérusalem yo.
Ce sont là les patriarches des Lévites selon leurs familles, les chefs; ils demeuraient à Jérusalem.
35 Jeïel, papa a Gabaon an te rete Gabaon e madanm li te rele Maacah,
Or à Gabaon demeurait le père de Gabaon, Jehiel, le nom de sa femme était Maacha.
36 epi premye ne li a te Abdon ak Tsur, Kis, Baal, Ner, Nadab,
Et son fils premier-né fut Abdon, puis il eut Tsur et Kis et Baal et Ner et Nadab
37 Guedor, Achjo, Zacharie ak Mikoth.
et Gedor et Ahio et Zacharie et Micloth.
38 Mikloth te fè Schimeam. Epi yo menm tou te rete avèk fanmi pa yo Jérusalem anfas fanmi pa yo.
Et Micloth engendra Simeam, et ceux-ci aussi habitèrent vis-à-vis de leurs frères à Jérusalem auprès de leurs frères.
39 Ner te vin papa a Kish, Kish te vin papa a Saül. Saül te vin papa a Jonathan, Malki-Schua, Abinadab ak Eschbaal.
Et Ner engendra Kis, et Kis engendra Saül, et Saül engendra Jonathan et Malkisua et Abinadab et Esbaal.
40 Fis a Jonathan an: Merib-Baal. Merib-Baal te vin papa a Michée.
Et le fils de Jonathan fut Meribbaal, et Meribbaal engendra Micha.
41 Fis a Michée yo: Pithon, Mélec ak Thachréa.
Et les fils de Micha furent Pithon et Mélech et Thaherèa.
42 Achaz te fè Jaera; Jaera te fè Alémeth, Azmaveth ak Zimri; Zimri te fè Motsa; Motsa te fè Binea.
Et Achaz engendra Jaëra, et Jaëra engendra Alemeth et Azmaveth et Zimri, et Zimri engendra Motsa. Et Motsa engendra Binea,
43 Motsa te vin papa a Rephaja; Éleasa, fis li a; Arsel, fis li a.
dont le fils fut Rephaia qui eut pour fils Elasa, dont le fils fut Atsel.
44 Atsel te fè sis fis; men non yo: Azrikam, Bocru, Ismaël, Schearia, Abidias avèk Hanan. Sila yo se te fis a Atsel yo.
Et Atsel eut six fils dont les noms suivent: Azricam, Bochru et Jismaël et Searia et Obadia et Chanan. Ce sont les fils de Atsel.

< 1 Istwa 9 >