< 1 Istwa 24 >

1 Alò, men divizyon a desandan a Aaron yo: fis a Aaron yo te Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar. 2 Nadab avèk Abihu te mouri avan papa yo, san yo pa t genyen fis. Pou sa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kon prèt. 3 David, avèk Tsadok, fis a Éléazar yo ak Achimélec a desandan a Ithamar yo, te divize yo selon fonksyon yo nan sèvis pa yo. 4 Akoz ke te gen plis chèf nan desandan a Éléazar yo pase nan desandan a Ithamar yo, yo te divize yo konsa: sèz chèf zansèt a desandan a Éléazar yo ak uit nan desandan Ithamar yo, selon lakay zansèt pa yo. 5 Konsa yo te divize pa tiraj osò, youn tankou lòt la; paske yo te sèvi kon ofisye nan sanktiyè a e ofisye a Bondye, e nan desandan a Éléazar yo ak desandan a Ithamar yo. 6 Schemaeja, fis a Nethaneel la, grefye pou trib Lévi a, te enskri yo nan prezans a wa a, chèf lakay zansèt yo, Tsadok, prèt la, Achimélec, fis a Abiathar a ak chèf a lakay zansèt a prèt avèk Levit yo; youn lakay zansèt ki te pran pou Éléazar yo e youn pou Ithamar yo. 7 Alò, premye tiraj osò a te tonbe pou Jehojarib; dezyèm nan pou Jedaeja; 8 twazyèm nan a Harim; katriyèm nan a Seorim; 9 senkyèm nan a Malkija; sizyèm nan a Mijamin; 10 setyèm nan a Hakkots; uityèm nan a Abija; 11 nevyèm nan a Josué; dizyèm nan a Schecania; 12 onzyèm nan a Éliaschib; douzyèm nan a Jakim; 13 trèzyèm nan a Huppa; katòzyèm nan a Jeschébeab; 14 kenzyèm nan a Bilga; sizyèm nan a Immer; 15 di-setyèm nan a Hézir; di-zuityèm nan a Happitsets; 16 diz-nevyèm nan a Pethachja; ventyèm nan a Ézéchiel; 17 ven-te-inyèm nan a Jakin; venn-dezyèm nan a Gamul; 18 venn-twazyèm nan a Delaja; venn-katriyèm nan a Maazia. 19 Sa yo te pozisyon sèvis yo te fè lè yo te antre lakay SENYÈ a selon règleman ki te bay a yo menm pa Aaron, zansèt pa yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande li a. 20 Alò, pou lòt fis a Lévi yo: nan fis Amram yo: Schubaël; nan fis a Schubaël yo: Jechdia; 21 a Rechabia: selon fis a Rechabia yo: chèf Jischija. 22 Selon Jitsearit yo: Schelomoth; nan fis a Schelomoth yo: Jachath. 23 Fis a Hébron yo: Jerija, premye a, Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan, Jekameam, katriyèm nan. 24 Selon fis a Uziel yo: Michée; epi fis a Michée yo, Shamir. 25 Frè a Michée a, Jischija; nan fis a Jischija yo: Zacharie. 26 Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi; fis a Jaazija yo, Beno. 27 Fis a Merari yo: pa Jaazia, Beno, Schoham, Zaccur ak Ibri. 28 Pa Mahli: Éléazar ki pa t gen fis. 29 Pa Kis: nan fis a Kis yo, Jerachmeel. 30 Fis a Muschi yo: Machli, Éder ak Jerimoth. 31 Sila yo osi te voye kon tiraj osò tankou manm fanmi pa yo, fis a Aaron yo nan prezans a David, wa a, Tsadok avèk Achimélec, chèf lakay zansèt pa yo pami prèt ak Levit yo, chèf lakay papa pa yo jis jan sa ye pou nan pi piti frè li yo.

< 1 Istwa 24 >