< 1 Istwa 12 >

1 Alò, sila yo se sila ki te vin kote David Tsiklag yo, lè li te toujou jennen akoz Saül, fis a Kish la. Yo te pami mesye pwisan ki te ede nan gè yo.
大衛因怕基士的兒子掃羅,躲在洗革拉的時候,有勇士到他那裏幫助他打仗。
2 Yo te pote banza, te voye wòch avèk fistibal ni sou men dwat, ni sou men goch, e tire flèch yo ak banza a. Se te fanmi a Saul, soti nan tribi Benjamin an.
他們善於拉弓,能用左右兩手甩石射箭,都是便雅憫人掃羅的族弟兄。
3 Chèf la te Achiézer, swivi pa Joas, fis a Schemaa a, Gibeonit lan; Jeziel ak Péleth, fis a Azmaveth yo; epi Beraca; Jéhu, Anatotit la;
為首的是亞希以謝,其次是約阿施,都是基比亞人示瑪的兒子。還有亞斯瑪威的兒子耶薛和毗力,又有比拉迦,並亞拿突人耶戶,
4 Jischmaeia, Gabaonit lan, yon mesye pwisan pami trant yo, e tèt a trant yo, epi Jérémie; Jachaziel; Jochannan'; Jozabad, Guedérait la;
基遍人以實買雅(他在三十人中是勇士,管理他們),且有耶利米、雅哈悉、約哈難,和基得拉人約撒拔、
5 Éluzaï; Jerimoth; Bealia; Schemaria; Schephathia, Awofit la;
伊利烏賽、耶利摩、比亞利雅、示瑪利雅,哈律弗人示法提雅,
6 Elkana, Jeschija, Azareel, Joézer ak Jaschobeam, Koreyit yo;
可拉人以利加拿、耶西亞、亞薩列、約以謝、雅朔班,
7 ak Joéla avèk Zebadia, fis a Jerocham yo, Gedorit la.
基多人耶羅罕的兒子猶拉和西巴第雅。
8 Soti nan Gadit yo, te antre rive kote David nan fò dezè a, mesye pwisan avèk anpil kouraj ki te fè antrenman pou fè lagè, ki te konn manyen boukliye avèk lans, avèk figi yo tankou figi a lyon, e yo vit tankou antilòp nan mòn.
迦得支派中有人到曠野的山寨投奔大衛,都是大能的勇士,能拿盾牌和槍的戰士。他們的面貌好像獅子,快跑如同山上的鹿。
9 Ézer, chèf la, Abdias, dezyèm nan, Éliab, twazyèm nan,
第一以薛,第二俄巴底雅,第三以利押,
10 Mischmanna, katriyèm nan, Jérémie, senkyèm nan,
第四彌施瑪拿,第五耶利米,
11 Attaï, sizyèm nan, Éliel, setyèm nan,
第六亞太,第七以利業,
12 Jochanan, uityèm nan, Elzabad, nevyèm nan,
第八約哈難,第九以利薩巴,
13 Jérémie, dizyèm nan, Macbannaï, onzyèm nan.
第十耶利米,第十一末巴奈。
14 Sila yo se fis a Gad ki te kapitèn lame a; sila ki te pi piti a te egal a yon santèn moun e pifò a, a yon milye.
這都是迦得人中的軍長,至小的能抵一百人,至大的能抵一千人。
15 Sila yo se sila ki te travèse Jourdain an nan premye mwa lè tout bò rivyè li yo t ap debòde yo. Yo te chase fè pran flit tout sila ki te nan vale yo, nan lès ak nan lwès.
正月,約旦河水漲過兩岸的時候,他們過河,使一切住平原的人東奔西逃。
16 Konsa, kèk nan fis a Benjamin yo te vin rive nan fò a David la.
又有便雅憫和猶大人到山寨大衛那裏。
17 David te sòti pou rankontre yo. Li te di yo: “Si se nan lapè nou vin kote mwen, pou ede m, kè m va reyini ansanm avèk nou. Men si se pou trayi mwen a advèsè mwen yo, akoz nanpwen mal nan men m, ke Bondye a zansèt nou yo gade sou sa pou deside.”
大衛出去迎接他們,對他們說:「你們若是和和平平地來幫助我,我心就與你們相契;你們若是將我這無罪的人賣在敵人手裏,願我們列祖的上帝察看責罰。」
18 Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo, “Nou se pa w, O David, Epi avèk ou, O fis a Jesse a! Lapè, lapè a ou menm Epi lapè avèk sila ki ede ou! Anverite, Bondye ou a ap ede ou!” Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.
那時上帝的靈感動那三十個勇士的首領亞瑪撒,他就說: 大衛啊,我們是歸於你的! 耶西的兒子啊,我們是幫助你的! 願你平平安安, 願幫助你的也都平安! 因為你的上帝幫助你。 大衛就收留他們,立他們作軍長。
19 Soti nan Manassé, osi, kèk moun te vin jwenn David lè li t ap prepare fè batay avèk Filisten yo kont Saül. Men yo pa t ede yo, paske chèf Filisten apre yo te konsilte ansanm, e te voye li ale. Yo te di: “Avèk pri a pwòp tèt nou, li kapab fè defo a mèt li, Saul.”
大衛從前與非利士人同去,要與掃羅爭戰,有些瑪拿西人來投奔大衛,他們卻沒有幫助非利士人;因為非利士人的首領商議,打發他們回去,說:「恐怕大衛拿我們的首級,歸降他的主人掃羅。」
20 Lè l te ale Tsiklag, men moun Manassé ki te parèt yo: Adnach, Jozabad, Jediaël, Micaël, Jozabad, Élihu ak Tsilthaï, chèf a dè milye nan Manassé yo.
大衛往洗革拉去的時候,有瑪拿西人的千夫長押拿、約撒拔、耶疊、米迦勒、約撒拔、以利戶、洗勒太都來投奔他。
21 Yo te ede David kont bann piyajè yo, paske yo tout te mesye pwisan, plen ak kouraj e te kapitèn nan lame a.
這些人幫助大衛攻擊群賊;他們都是大能的勇士,且作軍長。
22 Paske jou apre jou, moun te vin kote David pou ede l, jiskaske te gen yon gwo lame tankou lame Bondye a.
那時天天有人來幫助大衛,以致成了大軍,如上帝的軍一樣。
23 Alò sila yo se nonb nan divizyon ki te prepare pou fè lagè a, nonb ki te vin kote David Hébron pou vire wayòm Saul vè li menm, selon pawòl a SENYÈ a.
預備打仗的兵來到希伯崙見大衛,要照着耶和華的話將掃羅的國位歸與大衛。他們的數目如下:
24 Fis a Juda ki te pote boukliye avèk lans yo te si-mil-ui-san, byen prepare pou fè lagè.
猶大支派,拿盾牌和槍預備打仗的有六千八百人。
25 Nan fis a Siméon yo, mesye plen ak kouraj pou fè lagè yo, sèt-mil-san.
西緬支派,能上陣大能的勇士有七千一百人。
26 Nan fis a Lévi yo, kat-mil-sis-san.
利未支派有四千六百人。
27 Alò, Jehojada, prens lakay Aaron an e avèk li, te gen twa-mil-sèt-san,
耶何耶大是亞倫家的首領,跟從他的有三千七百人。
28 anplis, Tsadok, gèrye plen ak kouraj la e lakay papa l te gen venn-de kapitèn.
還有少年大能的勇士撒督,同着他的有族長二十二人。
29 Nan fis Benjamin yo, fanmi a Saül la, twa-mil, paske jis moman sa a, pifò nan yo te rete fidèl a lakay Saul.
便雅憫支派,掃羅的族弟兄也有三千人,他們向來大半歸順掃羅家。
30 Nan fis Éphraïm yo, ven-mil-ui-san mesye pwisan avèk anpil kouraj, byen koni lakay zansèt pa yo.
以法蓮支派大能的勇士,在本族著名的有二萬零八百人。
31 Nan mwatye tribi Manassé a, diz-ui-mil ki te enskri pa non pou vin fè David wa.
瑪拿西半支派,冊上有名的共一萬八千人,都來立大衛作王。
32 Nan fis a Issacar yo, mesye ki te konprann tan yo, avèk konesans a sa ke Israël ta dwe fè, chèf pa yo te de-san; epi tout fanmi yo te sou kòmann pa yo.
以薩迦支派,有二百族長都通達時務,知道以色列人所當行的;他們族弟兄都聽從他們的命令。
33 Nan Zabulon, te gen senkant-mil moun ki te parèt nan lame a ki te konn ranje kò yo nan fòmasyon batay avèk tout kalite zam lagè pou te ede David avèk kè ki pa t divize menm.
西布倫支派,能上陣用各樣兵器打仗、行伍整齊、不生二心的有五萬人。
34 Nan Nephthali, te gen mil kapitèn e trant-sèt-mil ladann te gen boukliye avèk lans.
拿弗他利支派,有一千軍長;跟從他們、拿盾牌和槍的有三萬七千人。
35 Nan Danit ki ta kab ranje nan fòmasyon batay yo, te gen venn-tui-mil-sis-san.
但支派,能擺陣的有二萬八千六百人。
36 Nan Aser, te gen karant-mil ki te sòti nan lame a pou ranje yo nan fòmasyon batay la.
亞設支派,能上陣打仗的有四萬人。
37 Soti lòtbò Jourdain an, pa Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, te gen san-ven-mil avèk tout zam lagè pou batay la.
約旦河東的呂便支派、迦得支派、瑪拿西半支派,拿着各樣兵器打仗的有十二萬人。
38 Tout sila yo, mesye lagè ki te konn ranje nan fòmasyon batay yo, te vini Hébron avèk yon sèl kè sensè pou fè David wa.
以上都是能守行伍的戰士,他們都誠心來到希伯崙,要立大衛作以色列的王。以色列其餘的人也都一心要立大衛作王。
39 Yo te la pandan twa jou. Yo t ap manje ak bwè, paske fanmi pa yo te gen tan prepare pou yo.
他們在那裏三日,與大衛一同吃喝,因為他們的族弟兄給他們預備了。
40 Anplis, sila ki te toupre yo, menm rive lwen tankou Issacar, Zabulon ak Nephthali, yo te pote manje sou bourik yo, chamo yo, milèt yo, avèk bèf yo, gran kantite a gato farin, gato fig etranje, anpil rezen, diven, lwil, bèf avèk mouton. Vrèman, te gen lajwa an Israël.
靠近他們的人以及以薩迦、西布倫、拿弗他利人將許多麵餅、無花果餅、乾葡萄、酒、油,用驢、駱駝、騾子、牛馱來,又帶了許多的牛和羊來,因為以色列人甚是歡樂。

< 1 Istwa 12 >