< 1 Istwa 10 >

1 Alò, Filisten yo te goumen kont Israël; epi mesye Israël yo te sove ale devan Filisten yo e te mouri sou Mòn Guilboa.
Torej Filistejci so se borili zoper Izrael, in Izraelovi možje so pobegnili pred Filistejci in umorjeni popadali na gori Gilbói.
2 Filisten yo te kouri prese dèyè Saül avèk fis li yo, e Filisten yo te touye Jonathan, Abinadab ak Malki-Schua, fis a Saül yo.
Filistejci so zasledovali Savla in njegove sinove; in Filistejci so usmrtili Jonatana, Abinadába in Malkišúa, Savlove sinove.
3 Batay la te vin rèd kont Saül e ekip banza yo te rive sou li. Konsa li te blese pa ekip banza yo.
Bitka je postala huda zoper Savla in lokostrelci so ga zadeli in bil je ranjen od lokostrelcev.
4 Alò, Saül te di a sila ki te pote zam li yo: “Rale nepe ou e frennen m nèt avè l pou ensikonsi sila yo pa vin abize mwen.” Men pòtè zam li yo pa t fè l, paske li te krent anpil. Pou sa, Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.
Potem je Savel rekel svojemu nosilcu bojne opreme: »Izvleci svoj meč in me prebodi z njim; da ne bi prišli ti neobrezanci in me zlorabili.« Njegov nosilec bojne opreme pa ni hotel, kajti bil je hudo prestrašen. Tako je Savel vzel meč in se vrgel nanj.
5 Lè pòtè zam li an te wè ke li te mouri, li menm tou te tonbe sou nepe li e te mouri.
Ko je njegov nosilec bojne opreme videl, da je bil Savel mrtev, se je tudi sam prav tako vrgel na meč in umrl.
6 Konsa, Saul te mouri avèk twa fis li yo, e tout lakay li te mouri ansanm.
Tako je umrl Savel in njegovi trije sinovi in vsa njegova hiša je skupaj umrla.
7 Lè tout mesye Israël ki te nan vale yo, te wè ke yo te sove ale, e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te sove ale kite vil yo. Epi Filisten yo te vin rete ladan yo.
Ko so vsi možje iz Izraela, ki so bili v dolini, videli, da so oni pobegnili in da so bili Savel in njegovi sinovi mrtvi, potem so zapustili svoja mesta in pobegnili, in prišli so Filistejci ter prebivali v njih.
8 Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa a.
Pripetilo se je naslednji dan, ko so prišli Filistejci, da oropajo umorjene, da so našli Savla in njegove sinove padle na gori Gilbói.
9 Konsa, yo te depouye li e te pran tèt li avèk zam avèk boukliye li yo e te voye mesaje antoure tout peyi Filisten yo pou pote bòn nouvèl la rive nan zidòl pa yo avèk pèp la.
Ko so ga slekli do golega, so vzeli njegovo glavo, njegovo bojno opremo in [to] poslali naokoli po deželi Filistejcev, da odnesejo novice njihovim malikom in ljudstvu.
10 Yo te mete zam avèk boukliye li yo lakay dye pa yo e te tache kolè tèt li lakay Dagon an.
Njegovo bojno opremo so položili v hišo svojih bogov, njegovo glavo pa so pritrdili v Dagónovem templju.
11 Lè tout moun Jabès-Galaad yo te tande tout sa ke Filisten yo te fè a Saül,
Ko so vsi Jabéš Gileádovci slišali vse, kar so Filistejci storili Savlu,
12 tout mesye gwo kouraj yo te leve e pran kò a Saül avèk kò a fis li yo pou te pote yo Jabès, yo te antere yo anba chenn nan Jabès e te fè jèn pandan sèt jou.
so vstali vsi hrabri možje in odnesli Savlovo truplo in trupla njegovih sinov ter jih prinesli v Jabéš in njihove kosti pokopali pod hrastom v Jabéšu in se postili sedem dni.
13 Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy,
Tako je Savel umrl zaradi svojega prestopka, ki ga je zagrešil zoper Gospoda, torej zoper Gospodovo besedo, ki se je ni držal in je tudi spraševal za nasvet nekoga, ki je imel hišnega duha, da poizve o tem,
14 epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.
ni pa poizvedel od Gospoda, zato ga je ta usmrtil in kraljestvo obrnil k Jesejevemu sinu Davidu.

< 1 Istwa 10 >