< Ròm 16 >

1 Mwen rekòmande nou Febe, yon sè k'ap sèvi nan legliz Sankre a.
I commend to your care our sister, Phoebe, who is a minister of the church at Cenchreae;
2 Resevwa li nan non Seyè a, jan moun k'ap viv apa pou Bondye yo dwe fè l' yonn pou lòt. Ede l' nan tou sa li ka bezwen, paske li menm li deja ede anpil moun lèfini li te ede m' anpil tou.
and I ask you to give her a Christian welcome – one worthy of Christ’s people – and to aid her in any matter in which she may need your assistance. She has proved herself a staunch friend and protector and to many others.
3 Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t'ap travay avè m' nan sèvis Jezikri a.
Give my greeting to Prisca and Aquila, my fellow workers in the cause of Christ Jesus,
4 Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou.
who risked their own lives to save mine. It is not I alone who thank them, but all the churches among the Gentiles thank them also.
5 Di legliz ki sanble lakay yo a bonjou tou. Di Epayenèt, bon bon zanmi mwen an, bonjou. Se li menm premye moun ki te mete konfyans li nan Kris la nan peyi Lazi.
Give my greeting, also, to the church that meets at their house, as well as to my dear friend Epaenetus, one of the first in Roman Asia to believe in Christ;
6 Di Mari ki te bay kò l' anpil traka pou nou an bonjou.
to Mary, who worked hard for you;
7 Di Andwonikis ak Jenyas, fanmi m' yo ki te al nan prizon ansanm avè m' yo, bonjou. Apòt yo konsidere yo anpil, yo te patizan Kris la anvan mwen.
to Andronicus and Junia, fellow Jews and once my fellow prisoners, who are people of note among the apostles, and who became Christians before I did;
8 Di Anplyatis, bon zanmi m' nan menm Seyè a, bonjou.
to my dear Christian friend Ampliatus;
9 Di Iben, kanmarad travay mwen nan sèvis Kris la, bonjou ansanm ak Estakis, bon zanmi mwen an.
to Urban, our fellow worker in the cause of Christ, and to my dear friend Stachys;
10 Di Apelès ki moutre jan li gen konfyans nan Kris la bonjou. Di moun lakay Aristobil yo bonjou.
to that tried and true Christian Apelles; to the household of Aristobulus;
11 Di Ewòdyon, fanmi m' lan, bonjou. Di moun lakay Nasis yo ki kwè nan Seyè a bonjou.
to my countryman Herodion; to the Christians in the household of Narcissus;
12 Di Trifèn ak Trifòz, de sè k'ap bay kò yo anpil traka pou Seyè a, bonjou. Di Pèsid, bon zanmi m' ki te pran anpil fatig pou Seyè a, bonjou.
to Tryphaena and Tryphosa, who have worked hard for the Master; to my dear friend Persis, for she has done much hard work for the Master;
13 Di Rifis, nonm Bondye chwazi pou sèvis li a, bonjou ansanm ak manman l' ki yon manman pou mwen tou.
to that eminent Christian, Rufus, and to his mother, who has been a mother to me also;
14 Di Asenkrit, Flegon, Emès, Patwobas, Emas ak tout frè yo ki ansanm ak yo a bonjou.
to Asyncritus, Phlegon, Hermes, Patrobas, Hermas, and our friends with them;
15 Di Filològ ak Jili, Nere ak sè li a ansanm avek Olimpas ak tout manm legliz ki la avèk yo, bonjou.
also to Philologus and Julia, Nereus and his sister, and Olympas, and to all Christ’s people who are with them.
16 Yonn bo lòt pou mwen tankou frè. Tout legliz Kris yo voye bonjou pou nou.
Greet one another with a sacred kiss. All the churches of the Christ send you greetings.
17 M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.
I beg you, friends, to be on your guard against people who, by disregarding the teaching which you received, cause divisions and create difficulties; dissociate yourselves from them.
18 Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.
For such persons are not serving Christ, our Master, but are slaves to their own appetites; and, by their smooth words and flattery, they deceive simple-minded people.
19 Pou nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Seyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal.
Everyone has heard of your ready obedience. It is true that I am very happy about you, but I want you to be well versed in all that is good, and innocent of all that is bad.
20 Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Seyè nou an, toujou la avèk nou.
And God, the giver of peace, will before long crush Satan under your feet. May the blessing of Jesus, our Lord, be with you.
21 Timote, kanmarad travay mwen an, ansanm ak Liziyis, Jazon, Sozipatè, fanmi m' yo, yo tout voye bonjou pou nou.
Timothy, my fellow worker, sends you his greetings, and Lucius, Jason, and Sosipater, my countrymen, send theirs.
22 Mwen menm, Tèsiyis, ki kouche lèt sa a sou papye, mwen voye bonjou pou nou nan renmen Kris la.
I Tertius, who am writing this letter, send you my Christian greeting.
23 Gayis voye bonjou pou nou. Se lakay li mwen fè ladesant. Epi se la tou tout legliz la fè reyinyon. Eras, trezorye nan lavil la, ansanm ak frè Katis voye di nou bonjou.
My host Gaius, who extends his hospitality to the whole church, sends you his greeting; and Erastus, the city treasurer, and Quartus, our dear friend, add theirs.
24 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou tout.
25 Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre bon nouvèl m'ap anonse a, dapre mesaj m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan. (aiōnios g166)
Now to him who is able to strengthen you, as promised in the good news entrusted to me and in the proclamation of Jesus Christ, in accordance with the revelation of that hidden purpose, which in past ages was kept secret but now has been revealed (aiōnios g166)
26 Men, koulye a, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki soti nan Bondye ki la pou tout tan an, plan travay la rive an konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye. (aiōnios g166)
and, in obedience to the command of the immortal God, made known through the writings of the prophets to all nations, to secure submission to the faith – (aiōnios g166)
27 Wi, lwanj pou Bondye, li menm sèl ki gen bon konprann! Lwanj pou li nan Jezikri, depi tout tan epi pou tout tan! Amèn. (aiōn g165)
to him, I say, the wise and only God, be ascribed, through Jesus Christ, all glory for ever and ever. Amen. (aiōn g165)

< Ròm 16 >