< Revelasyon 10 >

1 Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te gwonèg anpil desann soti nan sièl la. Li te vlope nan yon gwo nwaj ak yon lakansièl kouwonnen tout tèt li. Figi l' te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife.
Then I saw another mighty angel, descending from heaven. His robe was a cloud; over his head was the rainbow; his face was like the sun, and his feet like pillars of fire;
2 Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pie dwat li sou lanmè, pie gòch li sou tè fèm.
in his hand he held a little book open. He set his right foot on the sea, and his left on the land;
3 Li pran rele byen fò tankou yon lyon k'ap gwonde. Lè li fin rele, sèt loraj yo pran gwonde reponn li.
and he cried in a loud voice like the roaring of a lion. At his cry the seven peals of thunder spoke, each with its own voice.
4 Fini yo fin pale, mwen tapral ekri sa yo te di a, lè m' tande yon vwa nan sièl la ki di m' konsa: Sa sèt loraj yo sot di a, se yon sekrè pou ou kenbe. Pa ekri li.
And, when they spoke, I was about to write; but I heard a voice from heaven say – “Keep secret what the seven peals of thunder said, and do not write it down.”
5 Apre sa, zanj mwen te wè kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan leve men dwat li nan sièl.
Then the angel, whom I had seen standing on the sea and on the land, raised his right hand to the heavens,
6 Li fè sèman sou non Bondye k'ap viv pou tout tan an, Bondye ki fè sièl la ak tou sa ki ladan l', tè a ak tou sa ki ladan li, ansanm ak lanmè a ak tou sa ki ladan li. Zanj lan di: Yo p'ap bay dèle ankò. (aiōn g165)
and swore by him who lives for ever and ever, who created the heavens and all that is in them, and the earth and all that is in it, and the sea and all that is in it, that time should cease to be. (aiōn g165)
7 Men lè setièm zanj lan va pran kònen klewon l' lan, Bondye pral fè sa li gen pou l' fè dapre plan travay li te kenbe sere nan tèt li a, jan l' te fè pwofèt ki t'ap sèvi l' yo konn sa.
Moreover at the time when the seventh angel will speak, when he is ready to blow his blast, then the hidden purposes of God, of which he told the good news to his servants, the prophets, are at once fulfilled.
8 Apre sa, vwa mwen te tande sot nan sièl la pran pale avè m' ankò. Li di mwen konsa: Ale pran ti liv ki louvri nan men zanj ki kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan.
Then came the voice which I had heard from heaven. It spoke to me again, and said – “Go and take the book that is open in the hand of the angel who stands on the sea and on the land.”
9 Mwen pwoche bò kote zanj lan. Mwen mande l' pou l' ban m' ti liv la. Li di mwen konsa. Men li, pran l', manje li. L'ap gen yon gou anmè nan lestonmak ou. Men, nan bouch ou l'ap dous tankou siwo myèl.
So I went to the angel and asked him to give me the little book. And he said “Take it, and eat it. It will be bitter to your stomach, but in your mouth it will be as sweet as honey.”
10 Mwen pran ti liv la nan men li. Mwen manje l', li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen. Men, lè m' vale l', li te anmè kou fièl nan lestonmak mwen.
I took the little book out of the angel’s hand and ate it, and, while in my mouth, it was like the sweetest honey; but, when I had eaten it, it was bitter to my stomach.
11 Apre sa, yo di mwen: Se pou ou fè konnen mesaj Bondye a ankò, mesaj ki pale sou anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.
And I was told – “You must prophesy again about men of many peoples, and nations, and languages, and about many kings.”

< Revelasyon 10 >