< Sòm 92 >

1 Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.
A psalm. A song; for the sabbath day. It is good to give thanks to the Lord, to sing praise to your name, O Most High,
2 Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
to declare your love in the morning, and your faithfulness in the night,
3 Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.
with voice and a ten-stringed harp, with music that throbs on the lyre.
4 Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè.
For you make me glad by your deeds, Lord, at the work of your hands I will ring out my joy.
5 Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!
How great are your works, O Lord; how deep are your thoughts!
6 Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.
The insensitive cannot know, nor can a fool understand,
7 Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.
that, though the wicked flourish like grass, and evildoers all blossom, they will perish forever.
8 Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.
But you are exalted forever.
9 Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo.
For see! Your enemies, Lord For see! Your enemies perish, all evildoers are scattered.
10 Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan.
But you lift me to honour, and anoint me afresh with oil.
11 Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele.
My eyes will feast on my foes, and my ears will hear of the doom of the wicked.
12 Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
The righteous will sprout like the palm, will grow like a cedar of Lebanon.
13 Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an.
In the house of the Lord are they planted, in the courts of our God they will sprout.
14 Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs.
They will still bear fruit in old age, all sappy and fresh will they be
15 Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li.
So they proclaim the Lord to be just, my rock, in whom is no wrong.

< Sòm 92 >