< Sòm 76 >

1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye. Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl.
For the leader. With instrumental music. A psalm of Asaph, a song. God has made himself known in Judah, his name is great in Israel.
2 Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon.
His tent is in Salem, his dwelling in Zion.
3 Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè.
There he broke the lightning arrows, shield, sword, and weapons of war. (Selah)
4 Gade jan ou gen pouvwa, Bondye! Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann soti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo!
Terrible is your splendour on the everlasting mountains.
5 Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo.
Despoiled were the stout of heart; in the sleep into which they had fallen, none of the warriors could lift a hand.
6 Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt.
At your rebuke, God of Jacob, sank chariot and horse to sleep.
7 Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
Awful are you: who can stand before you, when once you are angry?
8 Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè,
The judgment you gave from heaven frightened the earth into silence,
9 lè Bondye leve pou bay santans li, pou l' delivre tout malere y'ap peze sou tè a.
when God arose to judgment to save the oppressed of the earth. (Selah)
10 Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.
The fiercest will praise you, to you will the remnant hold festival.
11 Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la.
Vow and pay to Lord your God, and let all who are round him bring presents.
12 Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.
He lops off the courage of princes, and with terror fills kings of the earth.

< Sòm 76 >