< Sòm 68 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se yon chante. Lè Bondye kanpe, lènmi l' yo gaye, moun ki rayi l' yo kouri lè l' parèt.
For the leader. Of David. A psalm. A song. God arises, his enemies scatter: they who hate him flee before him.
2 Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye.
As smoke before wind is driven, as wax melts before fire, so before God vanish the wicked.
3 Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y'ap fè fèt devan Bondye. Y'ap kontan anpil anpil.
But the righteous rejoice in God’s presence, they exult with exceeding joy.
4 Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou.
Sing to God, make music to his name, his name is the Lord, praise him who rides on the clouds, and exult in his presence.
5 Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo.
Father of orphans, defender of widows, is God in his holy abode.
6 Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon.
God brings home the lonely, he leads forth the prisoner to comfort, so that none but the rebel lives cheerless.
7 O Bondye, lè ou t'ap mache alatèt pèp ou a, lè ou t'ap travèse dezè a,
God, when you went in front of your people in your march through the desert, (Selah)
8 tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la.
earth shook, the heavens poured rain at the presence of God, Sinai’s God at the presence of God, Israel’s God.
9 Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li.
Rain in abundance, God, you did sprinkle, restoring the languishing land of your heritage.
10 Pèp ou a moute kay li nan peyi ou pare pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè.
A dwelling therein your people found: in your goodness, O God, you did care for the poor.
11 Seyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la:
The Lord spoke the glad tidings of victory, a great army of women proclaim it:
12 Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè.
‘Kings of armies they flee, they flee, and the housewife divides the spoil:
13 Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò.
dove’s wings covered with silver and pinions with shimmer of gold,
14 Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a, li te fè lanèj kouvri mòn Salmon.
set with stones, like snow upon Zalmon.’
15 Ala yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan! Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an!
A mountain of God is the mountain of Bashan, a mountain of peaks is the mountain of Bashan.
16 Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l' rete a? Se la Seyè a ap rete pou tout tan.
You high-peaked mountains, why look you askance at the mountain which God has desired for his home whereon the Lord will live forever?
17 Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a.
The chariots of God are twice ten thousand: the Lord came from Sinai, his holy place.
18 Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.
You did mount the height with trains of your captives, and gifts that you had received from the people. The rebels shall live with the Lord God.
19 Ann fè lwanj Seyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.
Blest be the Lord who sustains us daily, the God who is also our saviour. (Selah)
20 Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a.
Our God is a God who is saviour. The ways of escape from death are known to the Lord God.
21 Bondye gen pou l' kraze tèt lènmi li yo. Wi, li gen pou l' kraze zo bwa tèt moun k'ap viv nan peche.
Yes, God will shatter the head of his foes the rough scalp of those who strut on in their sins.
22 Seyè di: -M'ap fè lènmi yo tounen soti nan peyi Bazan. M'ap fè yo tounen soti nan fon lanmè a.
The Lord said: ‘I will bring you home from Bashan, home from the depths of the sea,
23 pou ou ka mache nan san yo, pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo.
that your feet you may bathe in blood, and your dogs lick their share of the foe.’
24 Bondye, tout moun wè jan y'ap fè fèt pou ou. Yo wè ki jan Bondye mwen an, wa mwen an, ap mache antre kote ki apa pou li a.
In the temple appear God’s triumphal processions, processions in praise of my king and my God,
25 Moun k'ap chante ap mache devan, mizisyen yo dèyè. Jenn fi yo nan mitan, y'ap bat tanbouren.
with singers in front, and minstrels behind, and maidens with timbrels between them, singing,
26 Fè lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l' reyini. Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo!
‘You of the well-spring of Israel, bless the Lord God in the dance.’
27 Benjamen, ki pi piti a, vin alatèt yo. Apre li, vini chèf peyi Jida yo ak lame yo. Apre yo, vini chèf peyi Zabilon ak chèf peyi Neftali yo.
There, in front, is Benjamin the little, the princes of Judah beside them, the princes of Zebulon, princes of Naphtali.
28 Bondye, fè wè pouvwa ou non! Wi, fè wè pouvwa ou te sèvi pou nou an!
God, show your strength, your godlike might, as you did in the past,
29 Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou.
from your temple that crowns Jerusalem. Kings shall bring tribute to you.
30 Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri!
Rebuke the beast of the reed, the herd of bulls, with the calves of the peoples. Trample down the lovers of lies. Scatter the nations whose joy is in war.
31 Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye.
May they come from Egypt with gifts of oil, Ethiopia haste with full hands to God.
32 Nou menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye! Chante pou fè lwanj Seyè a,
Sing to God, O you kingdoms of earth, make melody to the Lord. (Selah)
33 pou Bondye k'ap kouri chwal li nan syèl la, nan syèl ki la depi lontan lontan an. Tande jan l'ap rele, jan l'ap rele byen fò.
Praise him who rides on the ancient heavens. See! He utters his voice, his mighty voice.
34 L'ap di: -Rekonèt jan Bondye gen pouvwa! L'ap dominen sou pèp Izrayèl la. Syèl la fè nou konnen jan li gen pouvwa.
Ascribe strength to the God over Israel, whose strength and majesty live in the skies.
35 Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l'. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi!
Awe-inspiring is God in his holy place, it is Israel’s God who gives strength and might to his people. Blessed be God.

< Sòm 68 >