< Sòm 64 >

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo.
Hear my voice, O God, in my prayer: preserve my life from fear of the enemy.
2 Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo.
Hide me from the secret counsel of the wicked; from the insurrection of the workers of iniquity:
3 Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon.
Who sharpen their tongue like a sword, and bend their bows to shoot their arrows, even bitter words:
4 Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.
That they may shoot in secret at the perfect: suddenly do they shoot at him, and fear not.
5 Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou?
They encourage themselves in an evil matter: they commune of laying snares privately; they say, Who shall see them?
6 Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.
They search out iniquities; they accomplish a diligent search: both the inward thought of every one of them, and the heart, is deep.
7 Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese.
But God shall shoot at them with an arrow; suddenly shall they be wounded.
8 Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.
So they shall make their own tongue to fall upon themselves: all that see them shall flee away.
9 Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè.
And all men shall fear, and shall declare the work of God; for they shall wisely consider of his doing.
10 Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l' la va fè lwanj li.
The righteous shall be glad in the LORD, and shall trust in him; and all the upright in heart shall glory.

< Sòm 64 >