< Sòm 62 >

1 Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.
For the leader. On jeduthun. A psalm of David. I wait alone in silence for God; From him comes my help.
2 Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'.
Yes, he is my rock, my help, my retreat, I shall not be shaken too sorely.
3 Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe?
How long will you, all of you, batter a man, as one might a leaning wall?
4 Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.
From his height they are planning to topple him. They take pleasure in falsehood; they bless with their mouth, but inwardly they curse. (Selah)
5 Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.
I wait alone in silence for God; for from him comes my hope.
6 Se li menm sèlman k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m'.
Yes, he is my rock, my help, my retreat, I shall not be shaken too sorely.
7 Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.
On God rests my honour and safety, in God is my strong rock, my refuge.
8 Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.
Trust in him, all you people assembled, pour out your heart in his presence; God is a refuge for us. (Selah)
9 Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.
The lowly are nought but a breath, the lofty are but an illusion: in the balances up they go, they are lighter than breath altogether.
10 Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou.
Trust not in gain of extortion, set no vain hopes in robbery. As for wealth, if it bears fruit, set not your heart upon it.
11 An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete.
One thing God has uttered, two things there are which I heard that power belongs to God,
12 Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
and to you, too, O Lord, belongs kindness; for you requite each person according to what they have done.

< Sòm 62 >