< Sòm 60 >

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon chante David te fè pou moutre moun anpil bagay. Li te ekri l' lè li t'ap fè lagè ak moun Aram yo ki te soti nan peyi Naarayen ak peyi Soba. Sa te rive aprè Joab te tounen nan batay la pou l' te touye douz mil (12.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la. Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò!
For the leader. On shushan eduth. A michtam of David (for teaching), when he fought with Aram-naharaim and Aram-zobah, and Joab returned and defeated twelve thousand Edomites in the Valley of Salt. O God, you have spurned and broken us, routing us in your wrath – restore us!
2 Ou fè peyi a tranble, ou mete l' tèt anba. Mete l' sou de pye l' ankò, paske li prèt pou tonbe nèt.
You have shaken the land and cleft it; heal its tottering breaches.
3 Ou kite pèp ou a pase anba kont tray li. Ou ba li bwè yon bweson ki fè tèt li vire.
You have made your people drink hardship, and given us wine of reeling.
4 Ou bay moun ki gen krentif pou ou yo yon drapo, pou lè batay la yo jwenn kote pou yo kache.
You have given those who fear you a banner, a rallying-place from the bow, (Selah)
5 Delivre nou ak pouvwa ou. Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.
for the rescue of your beloved. Save by your right hand and answer us.
6 Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.
God did solemnly swear: ‘As victor will I divide Shechem, and mete out the valley of Succoth.
7 Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman mwen li ye.
Mine is Gilead, mine is Manasseh, Ephraim is the defence of my head, Judah my sceptre of rule,
8 Men m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran li.
Moab the pot that I wash in, Edom – I cast my shoe over it, I shout o’er Philistia in triumph.’
9 Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?
O to be brought to the fortified city! O to be led into Edom!
10 Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò?
Have you not spurned us, O God? You do not march forth with our armies.
11 Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.
Grant us help from the foe, for human help is worthless.
12 Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.
With God we shall yet do bravely: he himself will tread down our foes.

< Sòm 60 >