< Sòm 59 >

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè Sayil te voye moun veye kay li pou touye l'. Delivre m' anba lènmi m' yo, Bondye mwen! Pwoteje m' pou moun k'ap leve dèyè m' yo pa jwenn mwen!
In finem, Ne disperdas, David in tituli inscriptionem, quando misit Saul, et custodivit domum eius, ut eum interficeret. Eripe me de inimicis meis Deus meus: et ab insurgentibus in me libera me.
2 Delivre m' anba malveyan yo! Sove m' anba ansasen sa yo!
Eripe me de operantibus iniquitatem: et de viris sanguinum salva me.
3 Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè.
Quia ecce ceperunt animam meam: irruerunt in me fortes.
4 Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! vin bò kote mwen! Gade yo!
Neque iniquitas mea, neque peccatum meum Domine: sine iniquitate cucurri, et direxi.
5 Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou!
Exurge in occursum meum, et vide: et tu Domine Deus virtutum, Deus Israel, Intende ad visitandas omnes gentes: non miserearis omnibus, qui operantur iniquitatem.
6 Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen.
Convertentur ad vesperam: et famem patientur ut canes, et circuibunt civitatem.
7 Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou!
Ecce loquentur in ore suo, et gladius in labiis eorum: quoniam quis audivit?
8 Men ou menm, Seyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt.
Et tu Domine deridebis eos: ad nihilum deduces omnes Gentes.
9 Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon.
Fortitudinem meam ad te custodiam, quia Deus susceptor meus es:
10 Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal.
Deus meus misericordia eius præveniet me.
11 Pa touye yo pou moun pa m' yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Seyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen.
Deus ostendet mihi super inimicos meos, ne occidas eos: nequando obliviscantur populi mei. Disperge illos in virtute tua: et depone eos protector meus Domine:
12 Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo.
Delictum oris eorum, sermonem labiorum ipsorum: et comprehendantur in superbia sua. Et de execratione et mendacio annuntiabuntur
13 Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè.
in consummatione: in ira consummationis, et non erunt. Et scient quia Deus dominabitur Iacob: et finium terræ.
14 Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la.
Convertentur ad vesperam, et famem patientur ut canes: et circuibunt civitatem.
15 Y'ap moute desann, y'ap chache manje. Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo.
Ipsi dispergentur ad manducandum: si vero non fuerint saturati, et murmurabunt.
16 Men mwen menm, m'ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m' te anba tray.
Ego autem cantabo fortitudinem tuam: et exultabo mane misericordiam tuam. Quia factus es susceptor meus, et refugium meum, in die tribulationis meæ.
17 Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kot Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kot Bondye ki renmen m' lan.
Adiutor meus tibi psallam, quia Deus susceptor meus es: Deus meus misericordia mea.

< Sòm 59 >