< Sòm 55 >

1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman mizik akòd pou yo jwe mizik la. Se yon chante David. Bondye, panche zòrèy ou bò kote m'! Koute m' non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou!
For the leader. With stringed instruments. A maskil of David. Listen, God, to my prayer. Don’t hide yourself from my pleading.
2 Pran ka mwen, koute m', reponn mwen non! Kè m' sere, m'ap plenn!
Hear me, and answer; for bitter is my lament.
3 Mwen boulvèse lè m' tande lènmi m' yo ap pale, lè m' tande mechan yo ap pale byen fò. Yo fè malè tonbe sou mwen. Yo move sou mwen, y'ap pèsekite m'.
I am wild with the noise of the foe, with the clamour of the ungodly; for they hurl disaster upon me, and attack me with fury.
4 Mwen santi kè m' kase. Sezisman pran m' lè m' wè mwen fin mouri.
My heart shudders within me, terrors of deaths press on me,
5 Tout kò m' ap tranble tèlman mwen sezi.
fear and trembling attack me, and horror wraps me round.
6 Mwen di konsa: -Pa pito m' te gen zèl tankou yon toutrèl! Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m' pran repo.
O for the wings of a dove: I would fly away and rest.
7 Mwen ta kouri pati ale byen lwen. Mwen t'aval rete pou kont mwen nan dezè a.
I would wander far away, find refuge in the wilderness. (Selah)
8 Mwen ta prese jwenn yon kote pou m' kache pou gwo van an, pou gwo lapli a pa fè m' anyen.
I would find myself a shelter from raging wind and tempest.
9 Seyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di. Paske, sa m' wè nan lavil la se chen manje chen, yonn ap goumen ak lòt.
Confuse them, Lord, upset their plans; for I see violence and strife in the city.
10 Lajounen kou lannwit se sa ase ou tande nan lavil la. Anndan lavil la menm, se mechanste, se malfezans.
By day and by night they make their rounds on the city walls, while within is crime and trouble,
11 Kote ou pase se moun k'ap kraze brize. Nan tout lari se fè moun lenjistis, se twonpe moun.
within is ruin. Her market-place is never free of deceit and tyranny.
12 Si se te yon moun ki rayi m' ki t'ap pale m' mal, mwen ta reziyen m'. Si se te yon moun ki pa vle wè m' ki te leve dèyè mwen, mwen ta kache kò m' pou l' pa jwenn mwen.
The taunts were not those of a foe that I could have borne; the disdain was not that of an enemy I could have shunned them:
13 Men, se ou menm, kanmarad mwen, yon bon zanmi m' ki te konn tout ti zafè m'.
but it was you, my equal, my dear and familiar friend.
14 Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo.
We used to be so close, together we walked in God’s house with the crowd.
15 Se pou yo rete konsa, yo tonbe yo mouri. Se pou yo desann tou vivan kote mò yo ye a, paske mechanste a kaye lakay yo, li nan fon kè yo. (Sheol h7585)
May death suddenly take them, may they go down to Sheol alive, for evil lives in their homes and their hearts. (Sheol h7585)
16 Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen.
But I will call on God, the Lord will save me.
17 Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen.
Evening and morning and noon I lament and moan. He will hear my voice;
18 L'a fè m' viv ak kè poze, l'a delivre m' nan batay m'ap mennen ak moun ki leve dèyè m' yo. Yo te mèt anpil.
though I am attacked by many he will rescue me, unharmed from the war.
19 Bondye k'ap gouvènen depi tout tan an va koute m', l'a kraze lògèy yo. Paske, yo p'ap janm chanje, yo pa gen krentif pou Bondye.
God, who sits on his ancient throne will hear and will humble them, for they never change, they never fear God. (Selah)
20 Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt.
My friend turned against me, betrayed his word.
21 Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.
His mouth was smoother than butter, but war filled his heart. His words were softer than oil, but sharper than swords.
22 Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
Cast your burden on the Lord, and he will sustain you. He will never let the righteous be shaken.
23 Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.
But you, God, will hurl them down to the deepest pit. Bloody and treacherous people will not live out half their days; but I will trust you.

< Sòm 55 >